Sòm 140

140
SÒM 140 (139)
Lapriyè pou mande delivrans
(1) Pou #Sòm 18.48 chèf sanba yo. Se yon sòm David.
1(2) Senyè, delivre m anba mechan yo non!
Pwoteje m anba ansasen yo non,
2(3) anba #Sòm 52.2; 58.4; Wòm 3.13 moun k'ap kalkile move lide nan tèt yo, ki tout tan ap pouse dife.
3(4) Lang #Sòm 71.4 yo se razwa.
Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.
4(5) Senyè, #Jòb 18.8-10; Jer 18.22 pa kite m tonbe anba men mechan yo,
pwoteje m anba ansasen yo
k'ap chache jan pou yo fè m tonbe.
5(6) Awogan #Sòm 28.2 yo pare yon pèlen pou mwen,
yo tann pèlen kòd pou mwen,
yo mete moun veye m sou tout chemen mwen.
6(7) Mwen #Sòm 28.8 di Senyè a: — Se ou ki Bondye mwen.
Koute m non, Senyè, lè m'ap rele nan pye ou.
7(8) Senyè, #Jòb 5.12,13; Sòm 35.25 Bondye mwen, ou se fòs ki pou sove m lan.
W'ap pwoteje m lè batay la mare.
8(9) Senyè, #Sòm 7.16 pa kite mechan yo fè sa yo gen lide fè a!
Pa kite sa yo vle fè a rive!
9(10) Pa #Sòm 11.6 kite moun ki pa vle wè m yo donminen sou mwen.
Se pou mechanste ki nan bouch yo a tonbe sou yo!
10(11) Se pou Bondye grennen chabon dife sou yo tankou lapli.
Se pou l fè yo tonbe nan gwo twou byen fon kote yo p'ap janm ka leve sòti.
11(12) Se #1 Wa 8.59; Sòm 9.4 pou moun k'ap pale moun mal yo pèdi pye nan peyi a.
Se pou malè tonbe sou ansasen yo pou l touye yo.
12(13) Mwen #Sòm 11.7; 64.10 konnen Senyè a va fè pòv yo jistis.
L'a defann kòz moun ki san sekou yo.
13(14) Wi, moun k'ap mache dwat yo va fè lwanj li.
Moun ki obeyi l yo va toujou viv devan l.

Chwazi Kounye ya:

Sòm 140: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte