Pwovèb 29

29
1Moun k'ap fè tèt di lè y'ap rale zòrèy #Pwo 1.24-27; 6.15; Jer 19.11 yo, se moun k'ap rete konsa y'ap tonbe san yo pa ka leve ankò.
2#Estè 3.15; 8.15; Pwo 28.12,28 se moun serye ki chèf, pèp la kontan. Men, lè se yon mechan k'ap gouvènen, pèp la nan lapenn.
3W'ap #1 Wa 1.48; Pwo 6.26; 10.1 fè kè papa ou kontan si ou toujou ap chache bon konprann. Moun k'ap frekante jennès, se lajan l l'ap gaspiye.
4Lè yon wa pa nan patipri, peyi a kanpe byen fèm. Men, depi yon chèf nan resevwa lajan sou kote, se fini l'ap fini ak peyi a.
5Moun #Sòm 9.15; Pwo 28.23 k'ap flate moun, se yon pèlen y'ap pare sou wout yo.
6Moun #Ekl 9.12 mechan pran nan mechanste y'ap fè. Men, moun ki mache dwat yo gen kè kontan, y'ap fè fèt.
7Moun #Jòb 29.16; Sòm 41.1 ki mache dwat konnen pou li respekte dwa pòv malere. Men mechan pa konn bagay konsa.
8Moun ki pa gen respè pou lòt ap mache simen kont nan tout peyi a. Men, moun ki gen konprann konnen pou l kontwole tèt li lè li fache.
9Lè moun ki gen konprann al nan leta ak moun fou, fache pa fache, sa p'ap regle anyen.
10Depi #Jen 4.5,8; 1 Jan 3.12 yon moun serye, ansasen pa vle wè li. Men, moun ki mache dwat yo ap pwoteje l.
11Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.
12Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l.
13Gen #Sòm 13.3; Pwo 22.2 yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè.
14#Sòm 72.2,4; Pwo 16.12 yon wa pran kòz malere pou defann dwa yo san patipri, wa sa a gen pou li gouvènen lontan.
15Baton #Pwo 10.1 ki korije timoun ap ba yo konprann. Men, timoun yo kite fè sa yo pito gen pou fè manman yo wont.
16#Sòm 37.34; 91.8 mechan an rive chèf nan yon peyi, gen plis mechanste k'ap fèt. Men, moun k'ap mache dwat yo va wè jan mechan yo ap tonbe.
17Korije #Pwo 13.24 pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.
18#Egz 32.25; 1 Sam 3.1; Am 8.11,12; Jan 13.17; Jak 1.25 pa gen moun ki pou fè pèp la konnen sa pou l fè, pèp la an debandad nèt. Men, ala bon sa bon pou moun k'ap fè sa lalwa mande!
19Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l obeyi.
20Gen #Pwo 26.12 plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile.
21 # 29.21: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Lè ou twò mou ak esklav ou depi li piti, rive yon lè, l'ap wè li vin pitit ou.
22Moun #Pwo 15.18 ki ankòlè fasil toujou ap fè bagay yo pa dwe fè. Moun ki gen san wo toujou nan goumen.
23Awogans #Sòm 18.27; Pwo 11.2; 15.33; Mat 23.12; Jak 4.6 fè moun pèdi pye. Men, y'ap respekte moun ki soumèt devan Bondye.
24Moun #Lev 5.1 ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l. Si li pa denonse l, madichon Bondye ap tonbe sou li.
25Si #Jen 12.12,13; Pwo 18.10; Jan 12.42,43 ou pè sa moun ap di, ou antrave. Men, si ou mete konfyans ou nan Senyè a, ou pa bezwen pè anyen.
26Anpil #Eza 49.4 moun ap kouri dèyè favè chèf. Men, se Bondye k'ap jije tout moun san patipri.
27Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 29: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte