Pwovèb 30

30
Pawòl Agou, pitit Jake
1 # 30.1: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men #Pwo 31.1 deklarasyon nonm lan te fè:
Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye!
Mwen pa kapab ankò!
2Mwen #Sòm 73.22 sòt pase panyen pèse.
Mwen pa gen lespri tankou tout moun.
3Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans.
Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye.
4Ki #Jòb 26.8; Sòm 104.3,4; Jan 3.13; Rev 19.12 moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè?
Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l?
Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li?
Ki moun ki fikse limit tè a?
Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele?
Di m non, si ou konnen?
5Bondye #Sòm 18.30 toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li. 6Pa #Det 4.2 fè l di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.
Kèk pwovèb ankò
7Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m yo anvan mwen mouri. 8Men #Mat 6.11 yo: Pa kite m bay manti pou m twonpe moun. Pa fè m ni rich ni pòv. Ban m kantite manje mwen bezwen pou m viv la. 9Si #Egz 5.2; 20.7; Det 8.12,14 mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.
10Pa #Sòm 15.3 janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou.
11Gen #Egz 21.17 yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo.
12Gen #Pwo 16.2; Eza 65.5; Lik 18.11; Rev 3.17 yon ras moun ki konnen yo san defo. Epoutan, pi mal pase yo, nanpwen. 13Gen #Sòm 101.5 yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pèsonn, wa pa kouzen yo.
14Gen #Sòm 14.4; Am 8.4 yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.
15Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen!
Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont.
16Men #Jen 30.1 yo: Se peyi kote mò yo ye a,
se fanm ki pa ka fè pitit,
se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife.
Bagay sa yo pa janm di ase.
17Yon #Jen 9.22; Pwo 23.22; Jer 16.4 pitit ki pase papa l nan betiz, ki pa respekte lòd manman l, chen gen pou devore kadav li nan raje, zwazo nan bwa va manje grenn je li.
18Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa.
19Men yo: e chemen malfini lè l'ap plannen nan syèl.
Se chemen koulèv lè l'ap mache sou wòch.
Se chemen batiman lè l'ap kouri sou lanmè.
Se chemen gason pou li rive pran fi.
20Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal.
21Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte.
22Men #Pwo 19.10 yo: Se esklav ki rive chèf.
Se moun sòt ki jwenn tout sa li bezwen.
23Se fanm ki pa jwenn gason renmen l', epi ki rive mare yon nòs.
Se sèvant ki rive ranplase mètrès li.
24Gen kat bèt sou latè ki pi piti pase tout bèt. Men w'a gen lespri pa ou, se pa pase yo:
25Se #Pwo 6.6-8 fwomi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la.
26Se #Sòm 104.18 chat mawon: yo pa pi fò pase sa, men yo fè kay yo nan twou wòch.
27Se #Jowèl 2.7,8 krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann.
28Se zandolit: ou ka pran yo nan men ou, men ou jwenn yo nan palè wa yo.
29Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach:
30Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo,
li pa pè yo yonn.
31 # 30.31: Vèsè sa a pa klè menm nan tèks ebre a. Se bouk kabrit. Se chwal sele bride.
Se wa lè y'ap mache devan lame yo.
32Si #Mi 7.16 ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou!
33Si ou bat lèt, l'ap fè bè. Si ou frape yon moun sou men l, l'ap senyen. Si ou nan pouse dife, ou nan gwo kont.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 30: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an