Pwovèb 28

28
1Mechan pa bezwen moun dèyè #Lev 26.17; 1 Sam 17.37 yo pou yo kouri. Men moun ki mache dwat, yo brav kou lyon.
2#1 Wa 16.8-23 nan yon peyi moun ap fè sa ki mal, chak jou gen yon lòt chèf. Men, avèk yon moun ki gen konprann, ki konnen sa l'ap fè, gouvènman an ap kanpe pou lontan.
3Yon #Mat 18.28 pòv k'ap peze pi pòv pase l, se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt.
4Moun #1 Wa 18.18,21; Ney 13.11,15; Mat 3.7; Wòm 1.32 ki pa respekte lalwa bay mechan pye sou moun. Men moun ki fè sa lalwa mande, se moun ki pran pozisyon kont mechan.
5Mechan #Sòm 92.6; 119.100; Jan 7.17; 1 Kor 2.15 pa konnen sa ki rele jistis. Men moun k'ap sèvi Senyè a konprann tout bagay.
6Pito #Pwo 19.1 ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè.
7Yon #Pwo 23.20 jenn gason ki fè tou sa lalwa mande, se pitit ki gen lespri. Men, moun ki fè zanmi ak vakabon se yon wont pou papa l.
8Moun #Lev 25.36; Pwo 14.31 ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere.
9#Sòm 109.7; Pwo 15.8 ou refize fè sa lalwa mande ou fè a, ata lapriyè w'ap fè a p'ap fè Bondye plezi.
10#Sòm 7.15 yon moun chache pran tèt yon nonm serye pou fè l fè sa ki mal, se li menm k'ap pran nan pèlen an. Men moun serye a va jwenn bon rekonpans.
11Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l.
12#Pwo 11.10; 28.28 se moun k'ap fè sa ki dwat ki rive chèf, se fèt pou tout moun. Men, lè se mechan an ki rive chèf, tout moun al kache.
13Moun #Jòb 31.33; Sòm 32.5; 1 Jan 1.8,9 k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.
14Ala bon sa bon pou moun ki toujou gen krentif pou Bondye! Men, moun k'ap fè tèt di ak Bondye ap wè malè tonbe sou yo.
15Yon #Egz 1.13,14; Mat 2.16 chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo.
16Lè yon chèf pa gen konprann, l'ap peze moun, l'ap fè mechanste. Men, moun ki pa vle wè moun k'ap vòlò ap gouvènen lontan.
17Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l, l'ap kouri chache lanmò. Piga pèsonn chache kenbe l.
18Malè #Pwo 10.9 p'ap rive moun k'ap mennen yon lavi san repwòch. Men, moun ki pa serye, k'ap mache pye gaye, y'ap rete konsa, y'ap tonbe.
19Moun #Pwo 12.11 ki travay di nan jaden li ap jwenn kont danre pou li manje. Men moun k'ap fè bagay ki p'ap sèvi anyen ap toujou pòv.
20Yon #1 Tim 6.9 nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l rich.
21Sa #Pwo 18.5; Eze 13.19 pa bon pou gade moun sou figi. Men, pou nenpòt ti kraze kòb, yon jij ka fè betiz.
22Moun ki anvi tout toujou ap prese pou yo rich. Yo pa wè grangou k'ap tann yo pi devan.
23#Pwo 27.5,6; 29.5 ou rale zòrèy yon moun, pita l'ap gen plis konsiderasyon pou ou pase pou moun k'ap achte figi l.
24Moun k'ap vòlò papa l ak manman l, epi k'ap di nan kè l: Se pa anyen sa, li menmman parèyman ak moun k'ap mache brize.
25Moun #Pwo 15.18 ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Senyè a p'ap janm manke anyen.
26Moun #1 Kor 3.18 ki gen konfyans nan sa li santi sèlman, se moun fou yo ye. Men moun ki aji ak bon konprann ap gen sekirite.
27Moun #Pwo 11.24; 19.17 ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon.
28#Pwo 28.12 se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k'ap mache dwat yo kanpe ankò.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 28: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte