Neyemi 5

5
Neyemi fini ak pwoblèm lenjistis
1Yon lè, moun pèp Izrayèl yo ansanm #Lev 25.35,37; Det 15.7 ak tout madanm yo konmanse plenyen sou do kèk chèf jwif parèy yo. 2Genyen ki t'ap di: Nou gen anpil moun nan fanmi nou, anpil pitit gason ak anpil pitit fi. Nou bezwen manje pou n manje pou n pa mouri grangou. 3Gen lòt ki t'ap di: Nou te gen yon sèl grangou ki t'ap bat nou, nou sètoblije pran potèk sou jaden nou, sou pye rezen nou yo, sou kay nou pou n ka jwenn manje pou n manje. 4Gen #Esd 4.13 llòt ankò ki t'ap di: Pou nou te ka peye taks nou dwe lanperè a, nou te sètoblije eskonte lajan sou jaden nou. 5Nou #Egz 21.7; Lev 25.39; 2 Wa 4.1 menm ras ak lòt jwif yo. Pitit nou yo pa pi mal pase pa yo. Men, nou sètoblije bay pitit fi nou ak pitit gason nou yo sèvi domestik lakay yo. Nou menm rive gen pitit fi nou k'ap fè restavèk! Nou pa ka fè anyen kont sa, paske jaden nou yo ak pye rezen nou yo pa pou nou ankò. 6Lè mwen menm, Neyemi, mwen tande tout plent sa yo, tout pawòl sa yo, mwen te fache anpil. 7Lè m #Egz 22.25; Lev 25.36; Sòm 15.5; Eze 22.12 fin kalkile bagay la byen nan kè m, mwen fè lide pa dòmi sou sa. Mwen denonse chèf yo, grannèg yo ak majistra yo. Mwen di yo se esplwate y'ap esplwate frè parèy yo. Mwen fè reyini tout moun pou diskite pwoblèm lan. 8Epi #Lev 25.48,49 mwen di:
— Nou fè sa nou te kapab pou nou te rachte frè jwif parèy nou yo ki te vann tèt yo bay moun lòt nasyon pou sèvi yo esklav. Kounyeya, se nou menm jwif k'ap fòse jwif parèy nou vann tèt yo bay jwif parèy yo!
Tout moun rete bouch pe, yo pat gen anyen pou reponn nan sa. 9Mwen #Lev 25.36; Ney 4.4; Wòm 2.24 di yo ankò:
— Sa n'ap fè la a pa bon, tande! Se pou n mache avèk krentif pou Bondye, pou nou pa bay moun lòt nasyon yo, lènmi nou yo, okazyon pase nou nan betiz. 10Moun lakay mwen yo ansanm ak moun pa m yo tou, ak mwen menm tou, nou te prete yo lajan ak ble. Nou p'ap mande yo pou yo renmèt nou sa yo dwe nou. 11Renmèt yo jaden yo, pye rezen yo, pye oliv yo ak kay yo touswit. Kite tou sa yo dwe nou pou yo, kit se lajan, kit se ble, kit se diven, kit se lwil.
12Chèf #Ney 10.31; Jer 34.8,9 yo reponn:
— Wi! N'ap fè jan ou di l la. N'ap renmèt yo tou sa yo te ban nou kenbe pou dèt yo. Nou p'ap mande yo pou yo peye nou sa yo dwe nou.
Lè sa a, mwen fè rele prèt yo, epi mwen fè chèf yo sèmante y'ap fè sa yo sot pwomèt la. 13Apre #1 Kwo 16.36; Ney 8.6; Sòm 106.48; Tra 18.6 sa, mwen pran ti sak ki te mare nan ren mwen an, #5.13: ti sak ki te mare nan ren mwen an: Nan tan sa a, rad moun pat gen pòch. Tout ti bagay ou vle pote se mete yo nan yon ti sak yo te konn mare tankou yon sentiwon nan ren yo. Konsa, lè ou vire sak la tèt anba sa vle di ou pèdi tou sa ou te genyen. mwen vire l tèt anba, mwen souke l, epi mwen di:
— Se pou Bondye pran nenpòt nan nou ki pa kenbe pwomès li, pou l souke l konsa tou. Bondye ap pran kay li ak tout lòt byen li genyen, l'ap kite l san anyen.
Tout moun ki te la yo reponn:
— Amèn! Se sa menm! Se sa menm!
Apre sa, yo fè lwanj Senyè a. Se konsa tout pèp la te kenbe pwomès yo te fè a.
Neyemi p'ap kouri dèyè enterè
14Pandan #Ney 2.1; 13.6; 2 Tes 3.8 tout douzan mwen pase gouvènè peyi Jida a, depi jou lanperè Atagzèsès te nonmen mwen nan pòs sa a, - lè sa a li t'ap mache sou ventan depi li te lanperè -, rive sou tranndezan depi li t'ap gouvènen an, ni mwen, ni okenn moun lakay mwen, nou pa janm manyen lajan yo te dwe peye gouvènè a. 15Gouvènè ki te la anvan m yo te konn ap peze pèp la: chak jou yo te konn pran karant pyès an ajan pou pen ak diven. Ata moun ki t'ap travay avèk yo te konn ap peze pèp la tou. Men mwen menm, mwen pat fè sa, paske mwen te gen krentif Bondye. 16Mwen te mete men nan travay ranpa a tankou tout moun, mwen pa achte okenn tè, epi tout moun ki t'ap travay avè m yo te la tou nan travay miray la. 17Chak #2 Sam 9.7,10 jou mwen te gen sansenkant (150) moun ap manje sou menm tab avè m lakay mwen: se te chèf yo ak majistra yo, san konte tout lòt moun ki te vin lakay mwen sòti nan lòt peyi nan vwazinay la. 18Chak #1 Wa 4.22,23 jou mwen te fè yo kwit pou mwen yon bèf, sis bon mouton byen gra ak anpil bèt volay. Se mwen menm ki te peye pou tout bagay sa yo ak lajan nan pòch mwen. Chak dis jou mwen fè yon pwovizyon diven fre. Men, malgre sa, mwen pa janm mande pou yo ban mwen sa pou yo bay gouvènè a pou manje l, paske pèp la te gen kont chay sou do li deja. 19Bondye #Ney 6.14; 13.14,22,31 mwen, tanpri, pa bliye anyen nan tou sa mwen fè pou pèp sa a. Make sa yon kote pou mwen!

Chwazi Kounye ya:

Neyemi 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte