Miche 4

4
Senyè a pral gouvènen sou tout latè
1Yon tan gen pou rive!
#Eza 2.2-4 sa a, mòn kote tanp lan ye a va pi wo pase tout lòt mòn yo.
L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo.
Moun va soti pil sou pil toupatou sou latè vin sou li.
2Anpil moun lòt nasyon va vini, y'a di:
Ann ale sou mòn Senyè a!
Ann ale nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la!
L'a moutre nou jan li vle nou viv la.
Konsa, n'a mache nan chemen l'a mete devan nou an.
Paske, Senyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li.
Senyè a rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.
3L'ap #Jowèl 3.10 regle kont nasyon yo gen yonn ak lòt,
l'ap sèvi jij pou gwo peyi ki byen lwen.
Y'ap pran mato, y'ap fè zam yo tounen zouti pou travay tè.
Y'ap fè nepe yo tounen sèpèt.
Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò.
Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
4Tout #1 Wa 4.25; Eza 1.20 moun va viv ak kè poze anba tonnèl rezen yo, anba pye fig frans yo.
Pèsonn p'ap chache yo kont.
Sa se pawòl ki sòti nan bouch Senyè a!
5Chak #Zak 10.12 nasyon ap viv dapre lòd bondye pa yo ba yo. Men nou menm, n'ap viv dapre lòd Senyè a, Bondye nou an, pou tout tan tout tan.
Izrayèl ap tounen nan peyi li
6Senyè a #Eze 11.17; 34.16 di: Yon tan ap vini. Lè sa a, m'a aji avèk pèp mwen an tankou yon gadò. M'a v'al chache moun ki t'ap bwete yo. M'a ranmase moun yo te chase byen lwen yo, moun mwen te pini yo. 7Avèk #Sòm 2.6; Eza 24.23; Lik 1.33; Eb 12.22 sa ki t'ap bwete yo, m'a mete peyi a kanpe ankò. M'a fè moun yo te depòte yo tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Senyè a, m'a gouvènen yo sou tèt mòn Siyon an, depi jou sa a jouk sa kaba.
8Ou menm, lavil Jerizalèm kote Bondye rete pou l veye bann mouton l yo, ou menm, ti mòn Ofèl kote moun Siyon yo rete a, ou gen pou tounen kapital peyi a ankò kote wa moun Jerizalèm yo ye a, jan sa te ye nan tan lontan an. 9Kounyeya, poukisa #Jer 8.19 w'ap rele fò konsa? Se paske ou pèdi wa ou la? Poukisa w'ap plenn konsa tankou yon fanm ki gen tranche? Se paske moun ki te konn ba ou konsèy la mouri?
10Tòde #Eza 39.6,7; 44.22,23 kò nou, nou menm moun lavil Jerizalèm! Plenn tankou fanm ki sou choukèt! Paske, kounyeya nou pral sòti kite lavil la, nou pral rete nan bwa. N'a rive jouk lavil Babilòn. Men, antan nou la, y'a vin delivre nou. Senyè a ap vin wete nou nan men lènmi nou yo. 11Anpil #Abd 12; Mi 7.10; Zak 12.3 nasyon ap reyini pou atake nou. Y'ap di konsa: Se pou yo avili lavil Jerizalèm. Se pou nou wè lavil Siyon an kraze nèt. 12Men, #Aba 3.12; Mat 3.12 moun sa yo pa konnen lide Bondye gen nan tèt li. Yo pa konprann plan travay li. Li te sanble yo pou l ka pini yo tankou lè yo sanble pwa sou glasi anvan yo bat yo.
13Senyè a #Lev 27.28; Sòm 97.5; Eza 23.18 di: nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lènmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fòs, n'ap tankou towo bèf ki gen kòn ak zago fè. N'ap kraze anpil nasyon fè miyèt. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richès yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Senyè a, ki mèt tout latè.

Chwazi Kounye ya:

Miche 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an