Miche 5

5
1 # 5.1-15: Koresponn ak chapit 4.14—5.14 nan tèks ebre a. Nou menm, moun lavil Jerizalèm, sanble moun nou yo! Mete yon lame sou pye! Men yo sènen lavil la toupatou. Y'ap leve men yo sou chèf pèp Izrayèl la. Y'ap ba li baton, y'ap souflete l.
Bondye pwomèt yon chèf k'ap sòti lavil Betleyèm
2Senyè a #Jen 35.19; Sòm 90.2; Pwo 8.22,23; Eza 9.6,7; Oze 6.3; Mat 2.6; Jan 1.1; 7.42; Eb 7.14 di ankò: Men ou menm, lavil Betleyèm, Efrata, ou se yonn nan pi piti nan tout lavil peyi Jida yo, se vre! Men, se nan mitan ou m'ap fè sòti pou mwen yon chèf pou pèp Izrayèl la, yon chèf k'ap sòti nan yon fanmi ki la depi lontan lontan.
3Se #Mi 4.7,9,10 konsa, Senyè a ap lage pèp li a nan men lènmi li yo jouk lè fi ki pou fè pitit la va gen yon pitit gason. Lè sa a, rès pèp Izrayèl yo te depòte a va tounen pou mete tèt ansanm ak pèp la. 4#Sòm 72.8; Eza 11.3-5; 40.11; Mi 7.14; Lik 1.32 chèf sa a va vini, l'a gouvènen pèp li a avèk fòs Senyè a ap ba li a, avèk pouvwa k'ap mande respè paske l'ap gouvènen nan non Senyè a, Bondye li a. Pèp la va viv ak kè poze, paske moun toupatou sou latè va rekonèt jan li gen pouvwa. 5L'a #2 Wa 18.13; Ef 2.14 fè tout moun viv byen yonn ak lòt.
Delivrans ak pinisyon pèp Izrayèl la
Lè moun peyi Lasiri yo va anvayi peyi nou an, lè y'a pwonmennen mache nan tout peyi a, n'a voye sèt chèf, n'a voye wit menm al konbat yo. 6Y'a #Jen 10.8,10,11 goumen, y'a pran peyi moun Lasiri yo nan men yo. Avèk nepe yo, y'a pran peyi Nenmwòd la nan men li. Y'a delivre nou anba men moun Lasiri yo, lè y'a anvayi peyi a, lè y'a antre sou fontyè nou yo. 7Lè sa a, rès moun ki vivan toujou nan pèp la va tankou lawouze Bondye voye. Y'a viv nan mitan lòt nasyon yo. Y'a tankou lapli k'ap tonbe sou jaden k'ap pouse, paske yo pa mete espwa yo nan moun men nan Bondye.
8Rès #Oze 5.14 moun pèp Izrayèl yo va viv nan mitan lòt nasyon yo, nan mitan anpil lòt nasyon. Y'a tankou yon lyon nan mitan bèt bwa osinon yon jenn ti lyon nan mitan bann mouton. Y'ap pase nan mitan lòt nasyon yo. Y'ap kraze yo anba pye, y'ap dechire yo. Pesonn p'ap ka fè anyen pou yo. 9Izrayèl #Eza 26.11 va leve kont lènmi li yo, la disparèt yo nèt.
10Senyè a #Eza 2.7; Zak 9.10 di ankò: Jou sa a, m'ap touye tout chwal batay nou yo. M'a detwi tout cha nou yo. 11M'ap #Eza 17.9; Oze 8.14 detwi tout lavil nou bati nan peyi a, m'ap kraze tout fò ak tout ranpa nou yo. 12M'a #Det 18.10 wete tout w'anga nan peyi a. Nou p'ap jwenn moun ki pou bat kat pou nou ankò. 13M'ap #Det 16.22; Eza 17.8; Oze 3.4; Zak 13.2 detwi tout estati ak tout moniman nou te moute pou zidòl yo. Nou p'ap gen lide adore bagay nou fè ak men nou ankò. 14M'ap #Det 16.21 derasinen tout pyebwa repozwa nan peyi a. M'ap detwi tout lavil nou yo. 15#Sòm 149.7; 2 Tes 1.8 sa a, m'ap fache, m'ap fè gwo kòlè, m'ap pran revanj mwen sou tout nasyon ki pat obeyi m yo.

Chwazi Kounye ya:

Miche 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an