Miche 3

3
Miche ap denonse chèf pèp Izrayèl yo
1M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt #Jer 5.5 pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Eske se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis? 2Men #Eze 34.3 se nou menm ankò ki deteste (rayi) sa ki byen. Nou damou pou sa ki mal (Nou renmen sa ki mal). N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange li jouk nan zo. 3N'ap #Sòm 14.4 manje pèp mwen an. Nou kòche yo, nou kase tout zo nan kò yo. Nou koupe yo tankou vyann yo pral kwit, tankou vyann nou mete nan chodyè. 4Men, #Det 31.17; Pwo 1.28; Eza 1.15 yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Senyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal.
5Men, #Jer 6.14; 23.13 gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo pa grese pat yo, y'ap mache di sa pral gate. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Senyè a di sou pwofèt sa yo: 6Pwofèt, #Eze 12.24; Am 8.9 jou bare nou, vizyon nou bout! Kafe nou koule ak ma, vizyon fini pou nou! Fènwa toupatou, ka nou grav. 7Moun #Am 8.11; Zak 13.4 k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo.
8Men, #Eza 58.1 pou mwen menm, Miche, Senyè a voye lespri l sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouray pou m kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m di pèp Izrayèl la nan figi l sa l'ap fè ki mal la. 9Wi, koute m non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l di sa nou vle. 10Se #Jer 22.13; Eze 22.27; Aba 2.12 sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm. 11Moun #Eza 1.23; 48.2; Jer 6.13; 7.4; 23.17; Mi 7.3 ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo ap fè peye pou esplike moun lalwa. Ata pwofèt yo ap anonse lavni pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Senyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Senyè a bò kote nou!
12Se #Jer 26.18 konsa, n'ap làkòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.

Chwazi Kounye ya:

Miche 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an