Miche 2

2
Sa ki pou rive moun k'ap peze malere
1Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche #Sòm 36.4 nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo. 2Yo #Eza 5.8 anvi yon jaden, yo pran l. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo.
3Se #Jer 8.3; Am 3.1,2; 5.13 poutèt sa, men sa Senyè a di: M'ap pare yon malè pou nou. Nou yonn p'ap chape. #Aba 2.6 Nou p'ap ka gonfle lestonmak nou sou moun ankò, paske sa pral rèd pou nou. 4#2.4: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di:
Nou pèdi tou sa nou te genyen.
Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou.
Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.
5Konsa, lè lè a va rive, tout moun va sanble pou yo renmèt tè a bay pèp Bondye a. Ou p'ap jwenn pèsonn kanpe pou reklame yon pòsyon pou ou.
6Moun #Am 2.12 yo ap plede di m: Sispann pale konsa! Ou pa fèt pou di bagay konsa. Sa w'ap di a p'ap janm rive. 7#2.7: Nou pa fin sèten se konsa pou nou ta bay sans vèsè sa a. Men yon lòt jan nou ta ka di l: Se nou menm, pitit Jakòb yo, k'ap pale konsa? Nou genlè ploye Bondye mete nan pòch nou? Nou menm, pitit Jakòb yo, Senyè a genlè pèdi pasyans ak nou? Eske nou kwè l'a fè tout bagay sa yo vre? Eske pawòl li se pa bon pawòl pou moun k'ap mache dwat yo?
8Senyè a #2 Kwo 28.8 reponn: nou leve dèyè pèp mwen an tankou si nou se lènmi yo. Moun ap mache kèpòpòz san okenn lide chache moun kont. Men nou la, n'ap tann konsa pou nou vòlò ata rad sou po kò yo. 9Medam yo t'ap viv ak kè kontan lakay yo. Nou vini, nou mete yo deyò. Timoun yo t'ap jwi benediksyon mwen ba yo. Nou vini, nou wete tou sa nèt nan men yo. 10Leve #Lev 18.25; Det 12.9; Eb 13.14 non! Al fè wout nou! Pa gen repo pou nou isit la ankò! Nou fè twòp bagay derespektan. Nou fè yo detwi peyi a. Y'ap fini avè l nèt.
11Si #Jer 5.13; Am 2.12 yon moun ap plede pwonmennen bay manti pou twonpe moun, si li di: M'ap fè prediksyon pou nou: Men li, diven ak gwòg pral koule kou dlo, se moun konsa nou renmen pou pwofèt.
12Men, #2 Wa 25.11; Jer 31.10; Mi 4.7 m'ap reyini tout pitit Jakòb yo ansanm. M'ap ranmase tout ti rès ki rete nan moun Izrayèl yo. M'ap mennen yo ansanm tankou bann mouton k'ap tounen nan pak yo. Peyi a pral tankou yon savann plen mouton. Li pral plen moun ankò.
13Bondye #2 Wa 25.10; Eza 52.12; Mi 4.6-7 ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib sòti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Senyè a ki va mache alatèt yo.

Chwazi Kounye ya:

Miche 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte