Miche 1

1
1Men mesay Senyè a te bay Miche, moun lavil #Eza 1.1; Jer 26.18; Oze 1.1 Morechèt, sou reny Jotam, Akaz ak Ezekyas ki te wa nan peyi jida. Men vizyon ki gen rapò ak Samari ak Jerizalèm Senyè a te fè Miche wè.
Senyè a ap denonse sa moun Samari ak moun Jerizalèm ap fè
2Koute #Sòm 11.4; 50.7; Eza 1.2; Mal 3.5 byen, nou menm tout nasyon yo.
Pare zòrèy nou, nou tout k'ap viv
sou latè.
Senyè a, Bondye a, pral akize nou.
Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l'ap pale.
3Men Senyè a #Eza 26.21; Am 4.13 soti lakay li,
men l'ap desann, l'ap mache sou tèt mòn yo.
4Mòn #Sòm 97.5; Na 1.5 yo ap fonn anba pye l tankou lasi nan dife.
Y'ap koule desann nan fon yo tankou lavalas k'ap desann mòn.
5Tou #2 Kwo 28.4 sa ap rive paske pèp la fè bagay ki mal, paske pitit Jakòb yo fè sa yo pa te dwe fè. Ki moun ki responsab sa pèp Izrayèl la fè a? Se pa Samari, kapital peyi a! Ki moun k'ap fè idolatri nan peyi Jida a? Se pa moun lavil Jerizalèm yo!
6Se #1 Wa 16.24; Mi 3.12 konsa Senyè a di: M'ap fè lavil Samari tounen yon bann mazi nan plenn lan, yon jaden pou plante rezen. M'ap voye tout miray li yo jete nan fon. Se fondasyon kay yo ase k'ap rete pou moun wè. 7Y'ap #Oze 2.12; 8.6 kraze tout zidòl yo fè miyèt moso. Y'ap boule tou sa yo te ofri bay zidòl yo nan dife. M'ap fè kay zidòl yo tounen pil wòch. Pèp la te vire do bay Bondye lè yo t'ap fè zidòl sa yo, ou ta di madan marye k'ap fè jennès. Koulyeya y'ap peye pou vire yo vire do bay Bondye a.
8Lèfini, #Jòb 30.29; Eza 20.2-4; 22.4 Miche di: Se poutèt sa, m'ap plenn, m'ap kriye. M'ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou mwen fè wè lapenn mwen. M'ap rele tankou grankola. M'ap wouke tankou chen. 9Pa #Oze 5.13 gen renmèd pou maladi moun lavil Samari yo. Li kontaminen peyi Jida a. Li gentan rive jouk nan pòtay kapital peyi pèp mwen an. Li gentan rive lavil Jerizalèm.
Lènmi ap mache sou Jerizalèm
10Pa #2 Sam 1.20; Jer 6.26 kite moun lavil Gat yo konnen sa ki rive nou! Pa kite moun Akò yo wè nou ap kriye! Woule kò nou atè nan pousyè, nou menm moun Betleafra. #1.10: Betleafra: Yon mo ebre ki vle di Kay Pousyè a.
11Nou mèt pase pase nou toutouni, tou wont, moun lavil Safi. Moun ki rete nan ti bouk Zanan an pa ka mete tèt yo deyò. Lè w'a tande jan moun Betayezèl yo ap plenn, w'a konnen ou p'ap jwenn pwoteksyon la ankò.
12Moun #Am 3.6 Mawòt yo nan lapenn. Pa gen sekou pou yo ankò, paske Senyè a fè malè a rive nan papòt lavil Jerizalèm.
13Nou #2 Wa 18.14,17; Oze 13.1 menm, moun lavil Lakis, nou mèt pare bon chwal pou cha nou yo. Se nou menm an premye nan peyi Izrayèl ki te konmanse ap fè sa ki mal. Se nou menm ki lakòz moun lavil Jerizalèm yo ap fè peche konsa.
14Kounyeya, nou menm moun peyi Jida, nou mèt di moun lavil Morechèt Gat yo orevwa, paske moun lavil Agzib yo bay manti, yo p'ap pote okenn sekou bay wa Izrayèl yo.
15Kanta pou nou menm, moun lavil Marecha, mwen menm Senyè a, m'ap fè lènmi pran lavil la nan men nou. Grannèg nan peyi Izrayèl yo pral kache nan twou wòch Adoulam lan.
16Nou #Eza 22.12 menm, kale tèt nou, kale li blanch akoz pitit nou renmen anpil yo! Kale tèt nou nèt paske y'ap egzile pitit nou yo byen lwen nou.

Chwazi Kounye ya:

Miche 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte