Jonas 4

4
Jonas fache, Bondye reponn li
1Jonas pat kontan menm lè li wè sa, sa te fè l fache anpil.
2Li #Jowèl 2.13 lapriyè Senyè a, li di l konsa:
— Aa Senyè! Men sa m t'ap di a wi, lè m te nan peyi m lan. Se sa menm wi, mwen pat vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo. 3Kounyeya, Senyè, #1 Wa 19.4 ou mèt tou touye m fini ak sa. M pito mouri pase pou m viv pou m wè bagay sa a devan je m!
4Senyè a reponn li:
— Ki rezon ou genyen pou ou fache konsa?
5Jonas kite lavil la, l'ale sou bò solèy leve, li chita. Lèfini, li fè yon tonnèl, li chita nan lonbray anba tonnèl la, l'ap tann pou l wè sa ki pral rive nan lavil la. 6Lè sa a, Senyè a, Bondye a, fè yon ti pye masketi pouse. Li fè l rive yon ti wotè pi wo pase Jonas pou mete yon ti lonbray sou tèt li, pou li ka santi l pi alèz. Jonas te kontan anpil lè li wè pye masketi a. 7Men, nan denmen maten, anvan bajou kase, Bondye fè yon mawoka pike pye masketi a. Pye masketi a mouri. 8Lèfini, #Sòm 121.6 fini, lè solèy fin leve, Bondye fè yon sèl van cho soti bò solèy leve. Jonas te prèt pou pèdi konesans avèk chalè solèy la ki t'ap bat li. Misye mande mouri, li di konsa:
— Pito mwen tou mouri mouri mwen kont fini!
9Men, Bondye mande l konsa:
— Jonas, ou kwè ou gen rezon fache konsa pou yon ti pye masketi?
Jonas reponn li:
— Wi. Mwen gen rezon fache. M fache pou m mouri.
10Lè sa a, Senyè a reponn li:
— Anhan! Ou pran lapenn pou yon ti pye maskreti ki pa koute ou anyen. Se pa ou ki te fè li grandi. Li pran yon sèl nwit pou li grandi. Apre yon sèl jou, li mouri. 11Epi #Jo 3.7 ou pa ta vle wè mwen gen pitye pou Niniv, kalite gwo vil sa a, kote ki gen depase Sanvenmil (120.000) moun ki pa ka fè diferans ant byen ak mal, epi ak yon kantite bèt mete sou sa! epi kote ki gen yon kantite bèt mete sou sa!

Chwazi Kounye ya:

Jonas 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte