Levitik 3

3
Ofrann remèsiman
1Lè yon moun ap ofri yon bèt pou di Bondye #Lev 7.11-21,29-34; 17.5; 22.21 mèsi, si se yon gwo bèt l'ap ofri, l'a bay yon towo osinon yon gazèl bèf ki pa gen okenn enfimite. 2L'a mete men l sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l devan pòt Tant Randevou a. Prèt yo, pitit Arawon yo, va voye san an sou kat bò lotèl la. 3-4Nan #Egz 29.13 bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo tout nan dife pou Senyè a. 5Pitit #Lev 6.12 Arawon yo va boule tou sa sou lotèl la ansanm ak ofrann boule ki deja sou dife a.
Se yon ofrann yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi.
6Si se yon ti bèt moun lan vle ofri, l'a bay yon mouton osinon yon kabrit, bouk ou fenmèl, men ki pa gen okenn enfimite. 7Si se yon ti mouton l'ap ofri bay Senyè a, l'a mennen l devan lotèl Senyè a, 8l'a mete men l sou tèt bèt l'ap ofri a, l'a touye l la devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la. 9Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la, 10de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Senyè a. 11Prèt #Lev 21.6,8; Nonb 28.2; Eze 44.7; Mal 1.7,12 la va boule tou sa sou lotèl la. Se konsa y'a sèvi pou fè yon ofrann boule nèt pou Senyè a.
12Si se yon kabrit li vle ofri, l'a mennen l devan lotèl Senyè a. 13L'a mete men l sou tèt li, l'a touye l la devan Tant Randevou a. Lèfini, pitit Arawon yo va voye san an sou kat bò lotèl la. 14-15L'a pran pati sa yo: grès ki vlope tripay la, de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a, l'a boule yo nan dife pou Senyè a. 16Prèt #Lev 7.23-25; 1 Sam 2.15 la va boule tou sa sou lotèl la. Tout grès la se pou Senyè a li ye. Se yon ofrann ou boule nèt pou Senyè a kote bon sant li ap fè li plezi. 17Piga #Jen 9.4; Lev 7.26; 17.10-14; Det 12.23,24; 1 Sam 14.33; Tra 15.20 nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.

Chwazi Kounye ya:

Levitik 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte