Levitik 2

2
Ofrann rekòt yo
1Lè yon moun ap fè ofrann danre bay Senyè a #Lev 6.14; Nonb 15.4 se pou li fè farin ak yo anvan. Apre sa, l'a vide lwil sou li epi l'a mete lansan tou. 2Lèfini, #Lev 1.9; 6.15 l'a pote li bay prèt yo, pitit Arawon yo. Yonn nan prèt yo va pran yon ponyen nan farin melanje ak lwil la, pou Senyè a pa janm bliye nonm ki fè ofrann lan.
Se yon ofrann danre yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi. 3Rès #Egz 29.37; Lev 7.9; 10.12,13; Nonb 18.9 ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Senyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Senyè a li sòti.
4#Egz 29.2 w'ap ofri yon pen kwit nan fou, se pou ou fè l ak farin lan san ou pa mete ledven ladan l. Se ka gwo pen pwès fèt ak farin bat ak lwil oliv, ou ankò ti biswit plat wouze ak lwil oliv.
5Lè w'ap ofri yon pen kwit sou platin, w'a fè l ak farin ble bat ak lwil oliv, men san ledven ladan l. 6W'a koupe l an ti moso, epi w'a vide lwil sou li. Se konsa w'a ofri l bay Senyè a.
7Lè w'ap ofri yon pen kwit nan chodyè, w'a fè l ak farin melanje ak lwil oliv. 8W'a fè yon ofrann avè l bay Senyè a. W'a pote l bay prèt la ki va mete l sou lotè l la. 9Prèt #Lev 2.2 la va pran yon moso nan ofrann lan ki va sèvi pou Senyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, l'a boule li sou lotèl la.
Se yon ofrann yo boule nèt pou Senyè a, bon sant li fè li plezi. 10Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Senyè a, paske yo pran l nan manje yo ofri pou boule pou Senyè a.
11Piga #Lev 6.17 ou janm ofri bay Senyè a ofrann manje ki gen ledven ladan l. Piga ou janm sèvi ni ak lèdven, ni ak siwo myèl nan ofrann w'ap boule nan dife pou Senyè a. 12W'a #Egz 23.19; Lev 23.10,11; Det 26.10 ofri ledven ak siwo myèl fè Senyè a kado tankou ofrann premye donn nan jaden nou. Men, piga ou boule yo sou lotèl la, tankou ofrann ki pou fè Senyè a plezi ak bon sant yo. 13W'a #Nonb 18.19; Mak 9.49 simen sèl nan tout ofrann w'ap fè. Sèl se siy kontra Bondye te pase a ap toujou kenbe fèm. Wi, se pou toujou mete sèl nan tout sa n'ap ofri. 14#Lev 23.14 w'ap ofri bay Senyè a premye sa ki pare nan rekòt la, w'a pran premye grap yo, griye yo fè farin.
15W'a #Lev 2.1,2 mete lwil sou li epi ak lansan tou. Se konsa w'a ofri li bay Senyè a. 16Prèt la va pran nan ofrann lan ak nan lwil la, l'a boule li ak tout lansan an. Se yon ofrann yo boule pou Senyè a.

Chwazi Kounye ya:

Levitik 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an