Levitik 4

4
Sakrifis pou peche iyorans
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Men #Lev 5.15,17,18; Nonb 15.27; 1 Sam 14.27 sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Si yon moun peche san li pa fè espre lè li vyole lòd Senyè a bay epi li fè sa li pa te dwe fè, men sa pou yo fè li:
3Si #Eb 5.3; 7.27,28 se granprèt la ki fè yon peche konsa epi ki lakòz tout pèp la ap sibi chatiman, granprèt la va mennen yon ti towo bèf san okenn enfimite, l''a ofri l bay Senyè a pou peche l la. 4L'a mennen towo a devan pòt Tant Randevou a, l'a mete men l sou tèt towo a, epi l'a touye l la devan Senyè a. 5Apre #Lev 5.9; 16.14; Nonb 19.4 sa, granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l anba Tant Randevou a, 6l'a tranpe dwèt li nan san an, epi l'a voye san an sèt fwa devan rido kote ki apa pou Senyè a. 7Apre #Lev 8.15; 9.9 sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l sou kat kòn lotèl lansan an ki anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, ki bò pòt kote yo antre nan tant lan. 8Apre sa, l'a wete tout grès ki nan towo yo te ofri pou peche a. Y'a wete tout grès ki vlope tripay la, 9de wonyon yo ak tout grès ki sou yo a, ansanm ak mas grès ki sou fwa a. 10L'a wete yo menm jan yo fè sa lè y'ap fè ofrann bèt pou di Bondye mèsi. Prèt la va boule tout grès la sou lotèl ki la pou boule kalite ofrann bèt sa yo. 11Men, #Egz 29.14; Nonb 19.5 l'a pran po towo a ansanm ak tout vyann lan, tèt la, pye yo, tout tripay la avèk tout poupou a ladan l. 12Wi, #Lev 6.11; Eb 13.11 l'a pran tout rès towo a, l'a fè yo pote li deyò limit kote yo rete a. Lè y'a rive kote ki rezève pou jete sann lotèl yo, y'a fè yon dife bwa, y'a boule rès towo a sou li. Wi, kote yo jete sann dife a, se la pou yo boule vyann towo a.
13Si #Lev 5.2-4; Nonb 15.22-26 se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Senyè a te ba yo lòd pou yo pa fè, 14lè y'a vin wè yo te fè yon peche, y'a mennen yon jenn towo, y'a ofri l bay Bondye pou l ka wete peche yo a. Y'a mennen l devan Tant Randevou a. 15#Egz 29.10-14 y'a rive la, chèf fanmi pèp Izrayèl yo va mete men yo sou tèt towo a, epi y'a touye l la devan lotèl Senyè a. 16Granprèt la va pran ti gout nan san towo a, l'a pote l anndan Tant Randevou a. 17L'a tranpe dwèt li nan san an sèt fwa, l'a voye l sèt fwa sou devan rido kote ki apa pou Senyè a. 18Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l sou kat kòn lotèl ki devan Senyè a, anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, lotèl ki bò pòt kote yo antre nan tant lan. 19Apre sa, l'a pran tout grès towo a, l'a boule l sou lotèl la. 20Menm #Nonb 15.25 sa li gen pou li fè pou towo li ta ofri pou pwòp peche li fè, l'a fè li pou towo sa a tou. Konsa prèt la va fè sakrifis bèt pou peche pèp la fè san yo pa fè espre, epi Bondye va padonnen peche yo a. 21Lèfini, l'a pran rès towo a, l'a pote li deyò limit kote yo rete a, l'a boule li menm jan li gen pou boule towo li ta ofri pou pwòp peche li fè. Se yon sakrifis bèt yo fè pou efase peche tout pèp la fè san li pa fè espre.
22Si se yon chèf ki fè peche, ki rive antò devan Bondye li a paske, san li pa fè espre, li pa swiv yonn nan lòd Senyè a te bay la, 23rive li rive konnen sa l fè a pa bon, se pou l mennen yon ti bouk kabrit ki pa gen okenn enfimite, l'a ofri l pou yo touye l bay Senyè a. 24L'a mete men li sou tèt kabrit la, l'a touye li sou bò nò lotèl la kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Senyè a. Se yon sakrifis bèt pou efase peche moun fè san li pa fè espre. 25Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri pou peche a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la. 26Apre #Lev 3.3-5; Nonb 15.28 sa, l'a boule tout grès la sou lotèl la, menm jan yo fè l pou grès bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche chèf la te fè san li pa konnen an, epi Bondye va padonnen l sa.
27Si #Nonb 15.27 se nenpòt lòt moun nan pèp la ki fè peche san li pa fè espre, ki antò paske li fè yon bagay Senyè a te bay lòd pa fè, men li fè li san li pa fè espre, 28rive moun sa a rive konnen sa l fè a pa bon, se pou l mennen yon fenmèl kabrit ki pa gen okenn enfimite, l'a ofri l pou yo touye l bay Senyè a pou peche li a. 29L'a mete men l sou tèt kabrit la, l'a touye l sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Senyè a. 30Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, l'a vide rès san an nan pye lotèl la. 31Lèfini, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l pou bèt yo ofri pou di Bondye mèsi a, y'a boule l sou lotèl la pou fè Bondye plezi ak bon sant li. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san li pat konnen an, epi Bondye va padonnen l sa.
32Si se yon ti mouton moun lan ap ofri pou wete peche li fè a, se yon ti fenmèl ki pa gen okenn enfimite pou l mennen. 33L'a mete men l sou tèt bèt li ofri pou wete peche li a, l'a touye l sou bò nò lotèl la, kote yo konn touye bèt yo ofri pou boule nèt pou Senyè a. 34Prèt la va tranpe dwèt li nan san bèt yo ofri a, l'a mete san sou kat kòn lotèl kote yo boule bèt yo ofri bay Bondye yo, epi l'a vide rès san an nan pye lotèl la. 35Apre sa, l'a wete tout grès la, menm jan yo fè l pou mouton yo ofri pou di Bondye mèsi a, l'a boule l sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann y'ap boule pou Senyè a. Se konsa prèt la va fè ofrann bèt pou wete peche moun lan te fè san l pat konnen an, epi Bondye va padonnen l sa.

Chwazi Kounye ya:

Levitik 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte