Jij 11

11
Jefte
1Jefte, moun peyi Galarad, te yon vanyan #Eb 11.32 sòlda. Papa l te rele Galarad. Manman l te yon jennès. 2Madan #Jen 21.10 Galarad te fè lòt pitit gason pou mari li. Men lè timoun yo vin gran, yo mete Jefte deyò nan kay la, epi yo di li konsa:
— Ou pa gendwa eritye byen papa nou, paske se pitit deyò ou ye.
3Jefte #1 Sam 22.2; Jij 9.4 kouri met deyò pou frè l yo, l'al rete nan peyi Tòb. Yon bann voryen vin mete tèt ansanm avèk Jefte. Yo te konn sòti avè l al devalize moun.
4Kèk tan apre sa, moun Amon yo leve vin fè lagè ak pèp Izrayèl la. 5Lè moun Amon yo vin atake pèp Izrayèl la, chèf fanmi peyi Galarad la al chache Jefte nan peyi Tòb pou mennen l tounen. 6Yo di l konsa:
— Vini non! Pran kòmandman lame nou an pou n ka goumen ak moun Amon yo.
7Men, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo:
— Mwen te kwè nou pa vle wè m? Nou fòse m kite lakay papa m! Kounyeya nou nan traka, poukisa se mwen menm nou vin jwenn?
8Chèf #Jij 10.18 fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa:
— Nou vin jwenn ou kounyeya, paske nou bezwen pou ou mache ansanm avèk nou, pou ou goumen ak moun Amon yo, pou ou ka chèf tout moun ki rete nan peyi Galarad la.
9Lè sa a, Jefte di chèf fanmi peyi Galarad yo:
— Tansèlman, si nou fè m tounen lakay pou m goumen ak moun Amon yo, si Senyè a fè m kraze yo, se mwen menm k'ap chèf nou tout bon wi!
10Chèf #Jer 42.5 fanmi peyi Galarad yo di Jefte konsa:
— Nou pran Senyè a sèvi nou temwen! N'ap fè tou sa ou sot di la a.
11Se #Jij 10.17,18; 1 Sam 10.17,19 konsa, Jefte ale avèk chèf fanmi peyi Galarad la, epi yo mete l chèf pou l gouvènen yo, pou l kòmande lame yo. Apre sa, Jefte al repete tout kondisyon sa yo devan Senyè a, lavil Mispa.
12Lèfini, Jefte voye mesaje bay wa moun Amon yo pou di l:
— Kisa ou gen avèk nou? Poukisa ou vini goumen ak nou jouk nan peyi nou?
13Wa #Nonb 21.13,24-26 moun Amon yo reponn mesaje Jefte yo:
— Se paske pèp Izrayèl la, lè yo sòti kite peyi Lejip, yo pran peyi a nan men nou, depi larivyè Anon jouk larivyè Jabòk ak larivyè Jouden. Kounyeya se pou yo renmèt nou tè nou san bri san kont.
14Jefte voye mesaje yo tounen al jwenn wa moun Amon yo, 15avèk #Det 2.9,19 repons sa a:
— Pèp Izrayèl la pa janm pran okenn pòsyon nan tè moun Mowab yo, ni nan tè moun Amon yo. 16Paske #Nonb 13.26; 14.25; Det 1.40 lè pèp Izrayèl la t'ap kite Lejip, yo te mache nan tout dezè a jouk lanmè Wouj la, epi yo rive Kadès. 17#Nonb 20.1,14,18-21; Det 1.46 sa a, pèp Izrayèl la voye mesaje bò kote wa peyi Edon an pou di l konsa: Tanpri, kite nou fè yon ti pase nan peyi a. Men, wa peyi Edon an pat vle kite yo pase. Yo te voye tou bò kote wa Mowab la. Men, li menm tou, li pat vle kite yo pase. Se konsa pèp Izrayèl la rete Kadès. 18Apre #Nonb 21.4,11,13; 22.36; Det 2.1-8 sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Mowab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Mowab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fontyè pou peyi Mowab la. 19#Nonb 21.21-26; Det 2.26-37 sa a pèp Izrayèl la voye mesaje bay Siyon, wa peyi Amori a, ki te rete Esbon. Yo voye mande l pèmisyon pou yo fè yon ti pase nan peyi l la pou yo ka rive nan peyi kote yo prale a. 20Men, Siyon pat fè pèp Izrayèl la konfyans, li pat kite yo pase. Li sanble tout sòlda li yo, yo vin moute kan yo bò Ajaza, epi yo atake pèp Izrayèl la. 21Men, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, lage Siyon ansanm ak tout moun li yo nan men pèp Izrayèl la ki bat yo byen bat. Se konsa, pèp Izrayèl la pran peyi a nan men moun Amori yo ki te rete nan zòn lan. 22Yo pran tout peyi moun Amori yo pou yo, sòti larivyè Anon bò nan sid jouk larivyè Jabòk bò nan nò, depi dezè a bò solèy leve jouk larivyè Jouden bò solèy kouche. 23Konsa, se Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te mete moun Amori yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la, pèp li a. 24Kounyeya, ou #Nonb 21.29; Det 9.5; 18.12; 1 Wa 11.7 ta vle reprann tè a nan men Senyè a? Eske ou pa kenbe pou ou tou sa Kemòch, bondye ou la, ba ou? Epi ou ta vle pou nou pa kenbe sa Senyè a, Bondye nou an, ban nou? 25Eske #Nonb 22.2; Joz 24.9; Mi 6.5 ou pi bon pase Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Mowab la? Li pa janm leve dwèt li sou pèp Izrayèl la, li pa janm leve vin goumen ak nou. 26Pèp #Nonb 21.25; Det 2.36 Izrayèl la gen twasanzan depi li rete lavil Esbon ak lavil Awoyè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo, ak tout lavil ki sou de bò larivyè Anon an. Poukisa, depi tout tan sa a, nou pat reprann yo? 27Non. #Jen 16.5; 18.25; 31.53; 1 Sam 24.12,15 Mwen pa fè nou anyen, se nou menm ki fè m lè nou vin fè m lagè. Se Senyè a sèl moun ki pou jije. L'a deside ant pèp Izrayèl la ak pèp Amori a kilès ki gen rezon!
28Men, wa moun Amori yo pat koute mesay Jefte te voye ba li a.
29Lespri #Jij 3.10; 1 Sam 11.6 Senyè a te sou Jefte. Jefte travese peyi Galarad ak peyi Manase, li tounen lavil Mispa nan peyi Galarad. Apre sa, li kite lavil Mispa, li pase nan peyi Amon an. 30Jefte #Jen 28.20; 1 Sam 1.11 te fè Senyè a yon ve. Li te di:
— Si ou lage moun Amon yo nan men m, 31m'ap #1 Sam 1.28; 2 Wa 3.27; Sòm 66.13; Mi 6.7 ofri ou premye moun ki va sòti lakay mwen vin kontre m lè m'a tounen sòti kraze moun Amon yo. M'ap boule l nèt nan dife pou ou.
32Se konsa, Jefte janbe lot bò fontyè a, li antre nan peyi moun Amon yo, l'al goumen ak yo. Epi Senyè a lage yo nan men l. 33Li bat yo depi lavil Awoyè rive nan tout zòn Minit la jouk Abèl Kiramen. Sa te fè ven lavil antou. Yo te touye anpil moun. Se konsa, moun Amon yo vin soumèt devan pèp Izrayèl la.
Pitit fi Jefte a
34#Jen 22.2; Egz 15.20; Jij 10.17; 11.11; 1 Sam 18.6; Sòm 68.25 Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te sòti vin kontre l. Li t'ap danse, li t'ap jwe tanbouren. Se te sèl pitit li te genyen. Li pat gen lòt pitit ankò, ni fi ni gason. 35#Jen 37.29; Nonb 30.2; Jòb 1.20; Ekl 5.4,5; Mat 5.33; Mak 6.26 Jefte wè li, li vin tout koulè, afòs sa te fè li lapenn. Li di:
— O pitit fi mwen! Ou touye papa ou! Poukisa se ou menm ki fè mwen tout lapenn sa a! Mwen te fè yon gwo ve bay Senyè a. Mwen pa ka pa kenbe li.
36Pitit fi a di l:
— Papa, si ou te fè yon ve bay Senyè a, se pou ou fè m sa ou te di w'ap fè m lan, paske Senyè a te ba ou pouvwa pou ou tire revanj sou lènmi ou yo.
37Apre sa li di papa li konsa:
— Yon sèl bagay m'ap mande ou! Ban mwen yon ti delè de mwa pou m'al pwonmennen ak zanmi mwen yo nan mòn yo pou m'al kriye, paske mwen pral mouri tifi san mwen pa marye.
38Jefte kite l ale pou de mwa. Se konsa, pitit fi Jefte a ansanm ak zanmi l yo ale nan mòn, y'al kriye paske li ta pral mouri tifi. 39Sou #Jij 11.31 de mwa, li tounen vin jwenn papa l ki fè sa l te pwomèt fè pou Senyè a. Se konsa, li mouri tifi. Se depi lè sa a sa rete yon koutim nan peyi Izrayèl la, 40pou chak lanne medam pèp Izrayèl yo sòti al pase kat jou ap kriye pou pitit fi Jefte, moun peyi Galarad la.

Chwazi Kounye ya:

Jij 11: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte