Jij 12

12
Jefte ak moun fanmi Efrayim yo
1Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo #Jij 8.1 reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y'al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa:
— Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou.
2Men Jefte di yo:
— Moun pa m yo ansanm avè m, nou te gen yon gwo kont ak moun Amon yo. Mwen te rele nou, men nou pat vle vin delivre m anba men yo. 3Lè mwen #1 Sam 19.5; 28.21; Jòb 13.14 wè nou pa te soti pou vin pote mwen sekou, m'al riske vi mwen. Mwen janbe al goumen ak moun Amon yo epi Senyè a lage yo nan men mwen. Poukisa koulyeya nou moute jouk lakay mwen vin chache mwen kont?
4Lè sa a menm, Jefte sanble tout gason peyi Galarad, y'al goumen ak moun Efrayim yo. Yo bat yo byen bat. Moun Efrayim yo te konn joure moun Galarad yo. Yo te konn di: moun Galarad yo, se yon bann trèt yo ye. Yo kite peyi yo, y'al rete nan peyi Manase!
5Apre #Jij 3.28; 7.24 sa, moun Galarad yo pran kontwole tout pas larivyè Jouden kote pou janbe ale nan peyi Efrayim. Chak fwa yonn nan moun Efrayim yo rive pou yo kouri janbe al nan peyi yo, li te blije mande yo pèmisyon. Lè konsa, moun Galarad yo mande l eske se moun Efrayim li ye. Si li reponn non, 6#Mat 26.73 sa a yo mande l pou l di: Chibolèt. Men li di: Sibolèt paske li pat ka rive di l jan yo di l la. Lamenm yo mete men sou li, yo touye l la nan pas la. Lè sa a, yo te touye karanndemil (42.000) moun nan branch fanmi Efrayim lan.
7Jefte, moun Galarad la, te gouvènen pèp Izrayèl la pandan sizan. Apre sa, li mouri, epi yo antere l nan lavil kote li te fèt la nan peyi Galarad.
Ibzan, Elon ak Abdon
8Apre Jefte, se Ibzan, moun lavil Betleyèm, ki te gouvènen pèp Izrayèl la. 9Li te gen trant pitit gason ak trant pitit fi. Li marye trant pitit fi l yo ak moun ki pat nan branch fanmi l epi li fè chache jenn fi nan lòt branch fanmi pou pitit gason l yo. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan sètan. 10Apre sa, Ibzan mouri, yo antere l lavil Betleyèm.
11Apre sa, se Elon, moun Zabilon, ki te gouvènen pèp Izrayèl la pandan dizan. 12Lè Elon, moun Zabilon, mouri, yo antere li Ajalon nan peyi Zabilon.
13Apre li, se Abdon, pitit gason Ilèl, moun lavil Piraton, ki t'ap gouvènen pèp Izrayèl la. 14Li #Jij 5.10; 10.4 te gen karant pitit gason ak trant pitit pitit gason ki te konn moute sou swasanndis ti bourik. Li gouvènen pèp Izrayèl la pandan witan. 15Lè Abdon, pitit gason Ilèl la, mouri, yo antere l lavil Piraton nan peyi Efrayim, nan mòn moun Amalèk yo.

Chwazi Kounye ya:

Jij 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte