Jij 10

10
Tola ak Jayi
1Apre Abimelèk, se Tola, pitit gason Pwa, pitit pitit gason Dodo, ki parèt pou delivre pèp Izrayèl la. Tola se moun branch fanmi Isaka. Li te rete lavil Chami nan mòn Efrayim yo. 2Li te chèf nan peyi Izrayèl la pandan venntwazan. Apre sa, li mouri. Yo antere l lavil Chami.
3Apre li, se Jayi, moun peyi Galarad, ki te parèt. Li gouvènen peyi Izrayèl la pandan venndezan. 4Li #Det 3.14; Jij 12.14 te gen trant pitit gason ki te moute trant bourik. Yo te gen trant lavil ki te rele yo pa yo nan peyi Galarad. Jouk kounyeya yo rele lavil yo lavil Jayi. 5Jayi mouri, yo antere l lavil Kamon.
Amon leve kont ak Izrayèl
6Apre #Jij 2.11,13; 1 Wa 11.5,7,33; 2 Wa 23.13 sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Mowab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Senyè a, yo sispann sèvi l. 7Se #Jij 2.14 konsa Senyè a fache sou pèp Izrayèl la. Li kite moun Filisti yo ak moun Amon yo mete pye sou kou yo. 8Pandan tout lanne a, moun sa yo maltrete pèp Izrayèl la, yo malmennen yo. Pandan dizwitan, yo t'ap peze tout moun nan pèp Izrayèl la ki t'ap viv lòt bò larivyè Jouden an, sou bò solèy leve, nan peyi Galarad kote yo te rete a. 9Moun Amon yo te menm rive janbe lòt bò larivyè Jouden an pou y'al goumen ak moun branch Jida yo, moun branch fanmi Benjamen yo ak moun branch fanmi Efrayim yo. Pèp Izrayèl la te nan gwo lapenn. 10#Jij 3.9 sa a, yo rele nan pye Senyè a, yo di l konsa:
— Nou te peche kont ou, nou te vire do ba ou, ou menm Bondye nou an, n'al fè sèvis pou Baal yo.
11Senyè a #Egz 14.30; Nonb 21.21-32; Jij 3.31 reponn pèp Izrayèl la:
— Moun Lejip yo, moun Amori yo, moun Amon yo, moun Filisti yo, 12moun #Jij 2.16; 6.3 Sidon yo, moun Amalèk yo ak moun Mawon yo t'ap peze nou nan tan lontan, nou te kriye nan pye m. Eske mwen pat delivre nou anba men yo lè sa a? 13Men #Det 32.15; Jij 10.6,7; Jer 2.13 chak fwa, nou vire do ban mwen pou n'al fè sèvis pou lòt bondye. Se poutèt sa mwen pa pral delivre nou fwa sa a ankò. 14Ale #Det 32.37,38; 1 Wa 18.27 kriye nan pye bondye nou te chwazi yo! Se yo ki pou sove nou lè nou nan ka!
15Men, moun pèp Izrayèl yo di Senyè a:
— Nou fè sa nou pat dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a!
16Apre #Joz 24.23; Jij 2.18; Eza 63.9 sa, yo wete tout bondye lòt nasyon yo te gen lakay yo, yo pran sèvi Senyè a. Senyè a pat gen kè pou l wè jan pèp Izrayèl la te nan lapenn.
17#Jij 11.11,34 sa a, lame pèp Amon an sanble, y'al moute kan yo nan peyi Galarad. Lame pèp Izrayèl la menm te sanble tou, yo moute kan yo lavil Mispa. 18Pèp #Jij 11.5,6,8,11 peyi Galarad la ak chèf yo t'ap pale, yonn t'ap di lòt:
— Moun ki pral mennen batay la kont moun Amon yo, se li menm ki pral chèf tout moun nan peyi Galarad!

Chwazi Kounye ya:

Jij 10: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte