Ezayi 5

5
Parabòl jaden rezen an
1Mwen pral chante yon chante pou #Sòm 80.8; Mak 12.1 nou,
yon chante sou zanmi m ak jaden rezen l lan.
Zanmi m lan te gen yon jaden rezen,
sou tèt yon ti mòn ki te gen yon bon venn tè.
2Li #Jer 2.21 bat tout tè a, li wete tout wòch ladan li.
Li plante pi bon kalite pye rezen ladan li.
Apre sa. Li bati yon kay
nan mitan jaden an pou moute lagad veye li.
Li fè yon basen pou prese rezen.
Li te kwè jaden an ta pral ba li bon rezen.
Men se vye rezen si ase li bay.
3Lè sa a, zanmi mwen an di:
— Nou menm moun Jerizalèm ak tout rès moun peyi Jida yo, nou pral di mwen kilès nan nou de a ki antò: Jaden rezen an osinon mwen menm. 4Kisa #Mi 6.3,4 pou m te fè pou jaden rezen an mwen pat fè? Mwen t'ap tann li ban m bon jan rezen. Poukisa se bann vye rezen si sa yo li donnen? 5Enben! #Sòm 80.12; Oze 2.12 M'ap fè nou konnen sa m'a pral fè jaden rezen mwen an. Mwen pral kraze tout lantouraj li yo pou bèt antre vin manje li, pou yo kraze li anba pye yo. 6M'ap #Eza 7.23 fè l tounen yon jaden yo piye. Yo p'ap netwaye branch li yo, yo p'ap sekle l ankò. Zèb pikan ak raje ap fin anvayi l. Mwen p'ap kite lapli tonbe sou li.
7Pèp Izrayèl la se li menm ki jaden rezen Senyè a,
Bondye tout pouvwa a.
Moun Jida yo se yo menm ki bon plan li te plante a.
Bondye t'ap atann pou yo mache dwat:
men yo lage kò yo nan fè san koule.
Li t'ap atann pou yo fè lajistis,
men nan tout peyi a se rèl malere ou tande.
Lenjistis lèzòm
8Madichon #Mi 2.2 pou moun k'ap bati kay sou kay, pou moun k'ap achte tè pou mete sou sa yo genyen deja! Talè konsa, p'ap gen plas pou lòt moun nan peyi a. Yo vle se yo menm ase ki pou rete nan peyi a. 9Men sèman mwen tande Senyè a fè, Bondye ki gen tout pouvwa a: tout kay sa yo gen pou tounen mazi. Yo te mèt bèl kou yo bèl, yo te mèt gwo kou yo gwo, p'ap gen moun pou rete ladan yo. 10Jaden #Eze 45.11 rezen ki sou dis kawo tè ap bay yon sèl barik diven. Pou chak dis mamit grenn yo plante, y'a rekòlte yon sèl mamit.
11Madichon #Pwo 23.29,30 pou moun ki anba gwòg yo depi granmaten epi ki sou tout lannwit! 12#Jòb 34.27; Eza 26.11; Am 6.5,6 y'ap fè fèt, se pou gen gita, bandjo, tanbou, flit ak barik kleren an la. Men yo pa chache konprann travay Senyè a, ni yo pa wè sa l'ap fè. 13Se #Eza 1.3; Lam 4.7,8; Oze 4.6 lpoutèt sa, y'ap depòte yo san yo pa rann yo kont sa. Grannèg yo pral nan grangou. Ata dlo popilasyon an p'ap jwenn pou yo bwè. 14Simityè ap pare tann yo konsa. Li louvri bouch li tout lajè pou resevwa yo. Se la tout fèt grannèg yo ak rejwisans popilè pral kaba.
15Yo #Eza 2.9,11,17 pral trennen tout moun nan labou. Yo pral fè yo wont. Tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo pral bese je yo atè. 16Men, Senyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè la fè sa li gen pou l fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè la jije pèp li a. 17#5.17: Nou pa fin sèten se sans sa a pou nou bay vèsè sa a nan tèks ebre a. Toupatou, nan lavil yo, mouton yo ap mache manje zèb tankou nan savann. P'ap gen pak ankò pou angrese bèt. Tout bèt ap lage. Y'ap mache manje toupatou nan lavil la.
18Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n'ap fè a, n'ap trennen li dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt lou, n'ap rale yo dèyè nou tankou moun k'ap rale kabwèt! 19Y'ap #Eza 66.5; 2 Pyè 3.4 plede di: Se pou Bondye fè vit! Se pou li prese fè sa l'ap fè a pou nou ka wè l. Se pou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa prese fè travay li vle fè a, pou nou ka wè sa li gen nan tèt li.
20Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k'ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k'ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè!
21Madichon #Pwo 3.7; Wòm 12.16 pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!
22Madichon #Eza 5.11 pou nou! Lè se boutèy diven pou nou desann, nou pa manke kouray! Lè se gwòg pike pou nou konpoze, nou pa manke vanyan gason! 23Men, #Egz 23.8 nou lage moun ki koupab yo pou lajan. Nou pa kite moun k'ap mache dwat yo jwenn jistis. 24Se #Eza 1.4; 30.9; Jowèl 2.5 sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pat koute lòd Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay. 25Se #2 Wa 22.17; Eza 9.12,17,21; 10.4 sa ki fè tou, Senyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Senyè a move. Li poko fin ak yo.
26Senyè a #Det 28.49; Eza 7.18; 18.3; 49.22 leve drapo l pou l bay siyal la.
L'ap rele yon pèp ki byen lwen.
L'ap soufle byen fò, l'ap rele moun sòti jouk lòt bò nèt,
nan dènye bout latè.
Gade! Y'ap vole konsa, y'ap kouri vini!
27Pa gen yonn ladan yo ki bouke!
Pa gen yonn ladan yo ki fè bitay!
o pa konn sa ki rele kabicha, alewè pou dòmi!
Ren yo toujou mare. Sapat yo toujou mare byen sere nan pye yo. 28Pwent flèch yo taye byen fen. Banza yo tou pare pou tire. Pye chwal yo di kou wòch. Kabwèt yo woule vit tankou van siklòn. 29Sòlda yo gwonde tankou fenmèl lyon. Yo rele tankou yon bann ti lyon. Yo gwonde, yo tonbe sou bèt yo pran an, yo pote l ale. Pa gen moun ki pou rache l sòti nan bouch yo!
30Jou sa a, #Eza 8.22 y'ap gwonde sou pèp Izrayèl la.
Y'ap fè bri tankou lanmè lè li move.
Voye je, gade peyi a! Se renk fènwa ak tray pou tout moun.
Nyaj nwa bouche toupatou nan syèl la!

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 5: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte