Ezayi 6

6
Bondye rele Ezayi
1Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè #1 Wa 22.19; 2 Kwo 26.23; Jan 12.41 enyè a. Li te chita sou yon gwo fòtèy byen wo. Ke rad li louvri ranpli tout anndan tout tanp lan nèt. 2Yon bann zanj klere te kanpe anlè fè wonn li. Yo chak te gen sis zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole. 3Yo #Nonb 14.21 t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di:
— Senyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.
4Tout #1 Wa 8.10,11 fondasyon tanp lan t'ap krake lè zanj yo t'ap pale. Lafimen te plen tout anndan an. 5Mwen #Lik 5.8 di:
— Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki sòti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Senyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m.
6Yonn nan zanj yo pran yon chabon dife tou limen ak yon pensèt sou lotèl la, li vole vin bò kote mwen ak chabon an nan men li. 7Li touche bouch mwen ak chabon an epi li di mwen konsa:
— Sa a touche po bouch ou. Koulyeya, ou pa gen peche ankò. Bondye padonnen tou sa ou fè ki mal.
8Apre #Jen 1.26 sa, mwen tande Senyè a ki t'ap di:
— Kilès mwen ta voye la a?
Kilès ki ta asepte ale pou nou?
Mwen di:
— Men mwen. Voye mwen non!
9Epi #Mat 13.14,15; Mak 4.12; Lik 8.10; Tra 28.26,27 lè sa a, li di m:
— Ale non. Men sa pou ou di pèp la:
Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen!
Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!
10#Jan 12.40 lespri pèp la vin lou!
Bouche zòrèy yo! Mare je yo!
Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè,
yo p'ap ka konprann.
Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m geri yo.
11#Eza 1.7 sa a, mwen di:
— Senyè! Kilè sa va sispann?
Li reponn mwen:
— Lè y'a fin kraze lavil yo. Lè p'ap gen moun ankò ki rete ladan yo. Lè tout kay yo va vid, lè jaden yo va tounen savann. 12Mwen menm, Senyè a, m'a mete tout moun deyò nan peyi a. Tout peyi a pral rete san moun ladan l. 13#6.13: Nou pa fin sèten se sans sa a pou nou bay vèsè sa a nan tèks ebre a. Menm #Det 7.6; Jòb 14.7 si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe yon pye kajou ak yon pye bwachenn, chouk la ase ki va rete. Men chouk sa a va pouse boujon. Pèp Bondye a va kanpe ankò.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an