Ezayi 4

4
1Jou sa a, sèt fanm pral kouri dèyè yon sèl #Jen 30.23; Eza 3.6 gason, y'a di li: Nou ka reskonsab tèt nou. Men tanpri, kite nou di se mari nou ou ye pou nou pa wont devan moun!
Bondye mete Jerizalèm kanpe ankò
2Jou #Eza 11.1; 27.6; Jer 23.5; 33.15; Zak 3.8; 6.12 sa a, Senyè a va fè tout plant nan peyi a boujonnen ankò. Y'a grandi byen bèl, byen gwo. Tout moun nan pèp Izrayèl la ki pat mouri va kontan bèl rekòt tè a va bay. Sa va fè yo leve tèt yo.
3#Egz 32.32; Sòm 69.28; Eza 6.13; 10.20; Lik 10.20 sa a, moun ki rete nan sa ki te sou mòn Siyon an, moun ki va chape anba lanmò pami sa ki te lavil Jerizalèm lan, y'a rele yo: moun Bondye mete apa pou li. Bondye va kite yo viv lavil Jerizalèm. 4#Eze 36.25; Mal 3.2; Mat 3.11 Bondye va lave malpwòpte medam yo t'ap fè nan lavil la, lè l'a lave tout san ki te koule nan lavil Jerizalèm, Bondye pral rann jijman, li pral pini lavil la. 5Lajounen, #Egz 13.21,22 Senyè a va voye yon nyaj vin poze sou tout mòn Siyon an ak sou tout moun ki rasanble la yo. Lannwit se va lafimen ak gwo flanm dife l'a voye. Pouvwa Bondye a pral kouvri yo. L'ap pwoteje tout lavil la. 6Lajounen, #Sòm 27.5; Eza 25.4 l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l pou loray ak lapli pa fè l anyen.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an