Ezayi 18

18
Bondye ap pini Letyopi
1Lòt bò larivyè peyi Letyopi yo, gen yon peyi kote yo tande yon bri tankou bri zèl yon bann krikèt. 2Mesaje ap sòti nan peyi sa a, y'ap desann larivyè Nil lan nan pipirit fèt ak wozo. Nou menm mesaje yo, mete zèl nan pye nou. Tounen lakay nou. Pote nouvèl la bay moun peyi nou an. Se yon gwo peyi ki fò anpil, ki gen anpil larivyè k'ap koule ladan l. Al pote nouvèl la bay moun bèl wotè yo, ki gen po yo boule nan solèy. Se yon pèp tout moun pè. 3Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an. 4Senyè a di m konsa: M'ap rete rete m kote m ye nan syèl la, m'ap gade anba san m pa fè okenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt. 5Paske, #Eze 31.3,12,13 menm jan anvan rekòt rezen yo, lè yo fin fleri, lè rezen yo pral mi, yo debranche yo ak kouto, yo wete tout ti branch yo, yo ba yo lè, se konsa lènmi yo pral detwi moun peyi Letyopi yo. 6Yo pral kite kadav sòlda yo konsa pou zwazo ki manje vyann epi ki rete nan mòn ak pou bèt nan bwa. Nan sezon chalè, zwazo va vin manje yo. Nan sezon fredi, se bèt nan bwa ki va vin manje yo.
7#2 Sam 7.13; Sòm 68.31; Sof 3.10 sa a, bann moun bèl wotè ki gen po yo boule nan solèy, pèp tout moun pè a, moun ki rete nan gwo peyi ki gen fò anpil la, yo menm ki rete nan peyi ki nan tèt dlo larivyè Nil lan, y'a pote kado bay Senyè ki gen tout pouvwa a. Y'a vin jouk sou mòn Siyon an kote moun fè sèvis pou Senyè ki gen tout pouvwa a.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 18: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte