Ezayi 19

19
Bondye pral pini Lejip
1Men mesay Bondye bay sou peyi Lejip #Egz 12.12; Eza 13.7; Jer 46.13-26; Eze 29.1—31.2; 31.18—32.32 la:
— Senyè a chita sou yon nyaj k'ap kouri desann bò peyi Lejip la. Zidòl Lejip yo tranble devan l. Moun peyi Lejip yo gen kè kase. 2Senyè a di: M'ap fè moun peyi Lejip yo leve yonn dèyè lòt. Yo pral goumen yonn ak lòt, vwazinay ak vwazinay, vil ak vil, chèf ak chèf. 3Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò. 4Mwen #Eze 30.12 pral lage moun Lejip yo nan men yon chèf ki rèd anpil, nan men yon wa mechan ki pral gouvènen yo. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa!
5Dlo larivyè Nil lan pral bese jouk la rive chèch nèt. 6Kannal yo pral santi, dlo kannal yo pral bese jouk yo chèch. Pye wozo ak pye jon yo pral fennen. 7Tout pyebwa ki pouse, tout jaden yo te plante bò larivyè Nil, depi anwo jouk nan lanbouchi, pral cheche. Van pral bwote yo ale, li p'ap kite anyen. 8Pechè yo pral plenn, moun ki te konn peche pwason ak zen nan larivyè a pral pran lapenn. Moun ki te konn voye privye nan larivyè a pral nan gwo chagren. 9Moun ki te konn fè bèl twal swa yo pral dekouraje. Sa ki te konn tise lenn yo, sa ki te konn tise bèl twal blan yo pral nan lafliksyon. 10Bòs k'ap fè twal yo pral nan gwo tèt chaje. Moun k'ap travay yo menm pral nan gwo lapenn.
11Chèf lavil Zoan yo, se yon bann moun sòt! Sa ki pi fò nan moun k'ap bay farawon an konsèy yo, se ranse y'ap ranse. Ki jan yo ka fè di wa a se pitit ansyen moun lespri ak pitit ansyen wa yo li ye? 12Farawon, #Tra 7.22 kote moun lespri ou yo? Se pou yo ka di ou sa Senyè ki gen tout pouvwa a gen lide fè peyi Lejip pase! Se pou yo ka fè ou konn sa! 13Chèf lavil Zoan ak chèf lavil Menmfis yo, se yon bann moun sòt! Yo kite moun ap twonpe yo! Yo te la pou mennen peyi Lejip sou bon chemen. Yo lage l nan bwa. 14Senyè a #1 Wa 22.22 fè tout moun nan peyi a pèdi tèt yo nèt! Sa ki rive? Peyi Lejip pèdi chemen l nan tou sa l'ap fè, li tankou yon nonm sou k'ap glise tonbe nan sa l'ap vonmi an! 15Nan #Eza 9.14 peyi Lejip, pèsonn, rich kou pòv, gwo kou piti, pa ka fè anyen pou peyi a ankò.
16Jou #Sòm 48.6; Eza 11.15; Jer 51.30; Na 3.13 sa a, peyi Lejip ap tranble tankou fanm k'ap tranble anba kè kase lè l'a wè jan Senyè ki gen tout pouvwa a ap leve men pou pini li. 17Peyi Jida a ap fè kè moun peyi Lejip yo sote. Chak fwa y'a nonmen non peyi Jida nan zòrèy yo, y'a pè, paske y'a chonje sa Senyè ki gen tout pouvwa a te gen lide fè yo pase.
18Lè sa a, y'a gen senk lavil nan peyi Lejip kote moun va pale ebre. Moun la va pran non Senyè ki gen tout pouvwa a pou fè sèman. Yonn nan lavil sa yo va rele Lavil Solèy. #19.18: Lavil Solèy: Osinon Lavil Bondye ap detwi a. Mo ebre a ka vle di tou de bagay sa yo.
19#Jen 28.18; 2 Wa 5.17 sa a va gen yon lotèl pou Senyè ki gen tout pouvwa a nan peyi Lejip. Sou fontyè peyi a, y'ap kanpe yon gwo wòch y'ap mete apa pou Senyè a. 20Sa #Joz 24.26,27; Abd 21 va sèvi yon mak pou fè konnen Senyè ki gen tout pouvwa a kanpe la nan peyi Lejip la. Lè moun va konprann pou fè yo pase tray, y'a lapriyè Senyè a mande l sekou. Senyè a va voye yon moun pou vin delivre yo. L'a pran defans yo, l'a sove yo. 21Jou #Zak 14.16-18 sa a, Senyè a va fè moun Lejip yo konnen ki moun li ye. Yo menm y'a rekonèt sa, y'a ofri bèt pou touye pou li, y'a ofri rekòt nan jaden yo ba li. Y'a fè Senyè a gwo pwomès. Lèfini, y'a kenbe pwomès yo. 22Senyè a #Jer 46.25,26 gen pou l pini moun Lejip yo. Men, la geri yo. Y'a tounen vin jwenn li. Senyè a va koute lè y'ap lapriyè nan pye l, la geri yo.
23Jou #Eza 11.16 sa a, ap gen yon gwo wout k'ap sòti peyi Lejip rive jouk nan peyi Lasiri. Moun peyi Lasiri va vwayaje al nan peyi Lejip, moun peyi Lejip va vwayaje al nan peyi Lasiri. Tou de peyi yo pral sèvi Senyè a. 24Lè sa a, peyi Izrayèl la va sou menm pye ak peyi Lejip ansanm ak peyi Lasiri: twa nasyon sa yo va yon benediksyon pou tout moun sou latè. 25Senyè a #Det 32.9; Eza 29.23; Oze 2.23; Wòm 3.29 va beni yo, la di konsa:
— Benediksyon pou Lejip, pèp mwen an, pou Lasiri mwen te fè ak men mwen an, ak pou Izrayèl ki rele m pa m lan.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 19: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte