Ezayi 17

17
Bondye pral pini Damas ak Izrayèl
1Men sa Bondye di k'ap rive lavil #2 Wa 16.9; Jer 49.23-27; Am 1.3-5 Damas:
— Lavil Damas p'ap yon lavil ankò. L'ap tounen yon pil demoli. 2Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò. #17.2: Moun p'ap janm rete nan lavil peyi Siri yo ankò: Men yon lòt jan yo ta ka rann ebre a: Moun lavil Awoyè yo kouri met dèyò. Se la bèf, mouton ak kabrit pral jwenn zèb pou yo manje. Se la y'a rete san pèsonn pa chase yo met deyò. 3Peyi #1 Sam 4.21; Eza 7.16; 8.4 Efrayim lan pral rete san anyen pou pwoteje l. Lavil Damas pral pèdi libète granmoun li. Ti rès moun peyi Siri a pral gen menm sò ak ti rès moun pèp Izrayèl yo. Yo pral pèdi bèl pouvwa yo. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
4Senyè a #Eza 10.16 di ankò:
— Yon jou gen pou rive. Lè sa a, tout bèl pouvwa peyi Jakòb la pral disparèt. L'ap pèdi tout richès li, l'ap vin pòv. 5Peyi #Eza 24.1 Izrayèl la ap tankou yon jaden diri mi yo fin koupe, yo ranmase pote ale. L'ap tankou jaden pitimi nan plenn Refayim lè yo fin ranmase grap ki tonbe atè apre rekòt la. 6Se #Eza 24.13 sèlman de twa moun k'ap rete vivan. Peyi Izrayèl la ap tankou yon pye oliv apre yo fin keyi tout donn li: se de twa grenn ki rete nan tèt la ak kat ou senk sou branch yo. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
7Jou #2 Kwo 30.11; Oze 5.15; Mi 7.7 sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la. 8Yo #Eza 27.9,10; Mi 5.13,14 p'ap vire tèt yo bò lotèl zidòl yo te fè ak men yo. Yo p'ap leve je yo gade poto yo te mete kanpe pou Achera, zidòl fanm lan, ak lotèl kote y'ap boule lansan an. 9Lè jou sa a va rive, moun pral kouri kite tout lavil kote yo te konn al chache pwoteksyon yo. Se va tankou lè moun Ivi yo ak moun Amon yo #17.9: lè moun Ivi yo ak moun Amon yo: Men yon lòt jan yo ta rann ebre a: lè moun lavil ki nan zòn rakbwa yo ak sou ti mòn yo. te kouri kite tout lavil yo devan pèp Izrayèl la. Lavil yo pral tounen savann.
10Nou #Sòm 106.21 menm pèp Izrayèl, nou te bliye Bondye ki te delivre nou an. Nou pat chonje Bondye ki te pwoteje nou an. Se poutèt sa n'ap plante bèl ti jaden sou kote pou fè sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo. 11Menm si yo ta rive pouse menm jou nou plante yo a, pou menm jou a nan maten yo pran fleri, nou p'ap rekòlte. Paske menm jou a tou, y'ap deperi. Se va yon gwo lapenn ki p'ap janm fini.
Tout lènmi nou yo pral disparèt
12Ki malè sa a? Yon foul moun k'ap toumante kò yo tankou lè lanmè a move. Y'ap bat kò yo fè gwo bri tankou lanm lanmè k'ap frape ak fòs sou rivay la. 13Nasyon #Sòm 1.4; 9.5; 83.13; Pwo 22.23 yo ap bat kò yo tankou lanmè lè li move. Men, Bondye rele dèyè yo, li fè yo kouri al byen lwen. Li bwote yo ale tankou van k'ap leve pousyè sou mòn yo, tankou van siklòn k'ap pote pay ale. 14Nan aswè, y'ap bay moun kè sote. Anvan solèy leve, w'ap chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men sa k'ap tann tout moun k'ap piye nou yo, moun k'ap pwofite sou nou yo.

Chwazi Kounye ya:

Ezayi 17: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte