Oze 6

6
Pèp Izrayèl la di l'ap tounen vin jwenn Senyè a
1Pèp la di:
— Annou #Eza 30.26; Oze 14.1 wè non! Ann tounen al jwenn Senyè a!
Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou!
Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou maleng nou yo.
2Apre #Sòm 71.20; Lik 24.14,27 de jou, l'a ban nou lavi ankò.
Sou twazyèm jou a, l'a fè nou kanpe ankò,
n'a viv ankò devan je l.
3N'a #Oze 4.6; 14.5; Jowèl 2.23; Mi 5.2 konnen Senyè a, n'a toujou chache konnen Senyè a pi byen.
Tankou nou sèten solèy la gen pou l leve,
konsa tou nou sèten n'ap jwenn li.
Tankou nou sèten lapli gen pou l wouze latè lè sezon l rive,
konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou.
Senyè a reponn
4Senyè a #Jer 2.2; Oze 11.8; 13.3 di:
— Nou menm moun Efrayim, kisa pou m fè ak nou?
Nou menm moun Jida, kisa pou m fè ak nou?
Nou renmen m, se vre. Men se pou yon ti tan.
Ou ta di yon ti nyaj ki pase anvan solèy leve.
Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve.
5Se #Jer 23.29; Eb 4.12 poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou.
Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou.
Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè,
mwen mete l aklè devan nou.
6Mwen #1 Sam 15.22; Mat 9.13; 12.7 ta pito wè nou renmen m tout bon
pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen.
Mwen ta pito wè nou chache konnen m vre, mwen menm Bondye nou an,
pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen.
7Men, #Det 17.2; Jòb 31.33 yo menm, rive yo rive Adam, #6.7: Adam: Premye kote moun Izrayèl yo te tabli lè yo rive toupre peyi Bondye te pwomèt yo a (Jozye 3.16). yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a.
Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo. 8Galarad se yon lavil ki plen moun k'ap fè mechanste. Kote ou pase, se mak san moun yo touye. 9Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l. 10Mwen wè yo fè nan peyi Izrayèl la yon bagay ki fè m tranble: Moun Efrayim yo lage kò yo nan sèvi zidòl. Moun Izrayèl yo ap fè bagay ki mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.
11Men, #Jòb 42.10; Sòm 126.1; Jowèl 3.13 pou nou menm tou, moun peyi Jida, mwen fikse yon jou pou pini nou pou tou sa nou fè, lè m'a fè moun yo depòte yo tounen nan peyi yo.

Chwazi Kounye ya:

Oze 6: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte