Oze 7

7
1Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl #Jer 23.13 yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun. 2Men, #Pwo 5.22 yo pa janm mete nan tèt yo m'ap toujou chonje tou sa yo fè. Men, yo kanpe nan mitan tout mechanste yo la devan je mwen.
Y'ap fè konplo sou wa a
3Nan #Wòm 1.32 mechanste yo, y'ap fè fèt pou wa a. Y'ap woule chèf yo, antan y'ap fè konplo. 4Se yon bann trèt yo ye. Yo pa kenbe pawòl yo. Yo tankou yon fou yo fin chofe byen chofe. Boulanje a fè yo sispann chofe fou a, l'ap tann pat li fin bat la leve anvan li anfounen l. 5Konsa, jou y'ap fè fèt pou wa a, chèf yo malad anba diven, wa a menm bay lanmen ak ipokrit yo. 6#7.6: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Wi, lè y'ap fè konplo se tankou yon fou k'ap chofe. Tout lannwit, chalè a ap moute. Sa yo gen sou kè yo a ap kouve. Nan maten, bagay la pete tankou flanm dife.
7Yo #2 Wa 15.10,14,25,30; Oze 8.4 gen yon chalè k'ap sòti sou yo, cho tankou yon fou byen chofe. Yo devore moun k'ap gouvènen yo. Wa yo tonbe yonn apre lòt. Pa gen yon moun ki rele m mande sekou.
Izrayèl ak lòt nasyon yo
8Moun #Sòm 106.35 Efrayim yo pa pi bon pase yon pen ki kwit yon sèl bò. Yo pèdi valè yo. Moun Efrayim yo melanje ak moun lòt nasyon ki toupatou bò kote yo. 9Moun #Eza 42.25; Oze 8.7 lòt nasyon yo fin souse tout fòs yo. Yo menm yo pa konn sa. Yo gentan fini, yo prèt pou mouri tankou vye granmoun cheve blan, yo pa menm wè sa. 10Se #Eza 9.13; Oze 5.5 awogans moun Izrayèl yo k'ap fè yo kondannen yo. Men, malgre tou sa ki rive yo, yo pa tounen vin jwenn mwen, mwen menm Senyè a, Bondye yo a. Yo pa chache kote m ye. 11Moun #2 Wa 17.4; Oze 5.13; 12.1 Efrayim yo fin egare, yo tankou pijon ki pèdi bann yo, yo pa konn sa y'ap fè. Yon lè, se Lejip yo rele vin ede yo. Yon lòt lè, yo kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. 12Men, #Det 28.15-68; Eze 12.13 antan yo prale konsa, mwen pare yon pèlen pou yo, mwen pran yo tankou zwazo k'ap vole nan syèl. M'ap pini yo pou mechanste yo fè yo. #7.12: M'ap pini yo pou mechanste yo fè yo: Osinon dapre tèks ebre a: M'ap pini yo jan m te di l la lè yo te sanble a.
13Madichon #Oze 9.12 pou yo! Yo kouri vire do ban mwen.
Y'ap fini nèt.
Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen.
Yo leve dèyè mwen.
Mwen te vle sove yo, men y'ap fè manti sou mwen.
14#Sòm 78.36,37; Am 6.4 yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y'ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m. 15Atout #Oze 11.3 se mwen menm ki te mennen yo, ki te ba yo fòs, yo fè konplo sou mwen. 16Yo #Sòm 78.57; Oze 9.3 vire do ban mwen pou y'al dèyè lòt bondye. Yo tankou yon banza ki pa ka sèvi ankò. Chèf yo ap pale ak twòp awogans. Se poutèt sa, yo pral mouri nan lagè. Lè sa a, moun peyi Lejip yo pral pase yo nan kont rizib yo.

Chwazi Kounye ya:

Oze 7: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte