Detewonòm 30

30
Kondisyon pou pèp la tounen
1Mwen mete benediksyon ak madichon #Det 11.26-28; 1 Wa 8.47; Lik 15.17 devan nou. N'a chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Senyè a te gaye nou yo, nou vin sonje sa m' te di nou, 2si #Ney 1.9 nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, si nou koute l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a, 3enben, #Det 28.64; Sòm 126.1,4; Jer 29.14; 32.37 lè sa a Senyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò. 4Yo #Ney 1.9 mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Senyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l sanble nou ankò. 5Senyè a va fè nou tounen nan peyi kote zansèt nou yo te rete a, n'a tounen pran l pou nou ankò. L'a fè nou plis byen pase sa l te fè pou zansèt nou yo, l'a fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo. 6Senyè a, #Det 6.5; 10.16; Eze 11.19 Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
7Senyè a, Bondye nou an, va fè tout madichon sa yo tonbe sou lènmi nou yo, sou moun ki pat vle wè nou yo, sou moun ki t'ap maltrete nou yo. 8Men, nou menm, n'a tounen vin jwenn Senyè a, n'a koute l, n'a fè tou sa li ban nou lòd fè a, jan mwen mande nou li jòdi a. 9Senyè a, #Det 28.11,63 Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fè tout zafè nou mache byen, l'a ban nou anpil pitit, l'a ban nou anpil bèt, l'a fè jaden nou yo bay bèl rekòt. Paske, Senyè a va pran plezi ankò pou l fè nou viv ak kè kontan, menm jan li te pran plezi fè sa pou zansèt nou yo. 10Men, n'a gen pou nou koute Senyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. 11Kòmandman #Eza 45.19 m'ap ban nou jòdi a, se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè. 12Se #Wòm 10.6,7 pa nan syèl la li ye pou n ta di: Kilès ki pral moute al chache l nan syèl la pou fè nou tande l, pou n ka fè sa l mande nou fè a? 13Se pa lòt bò lanmè li ye nonplis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l pou nou ka tande sa l di, pou nou ka fè sa l mande nou fè a? 14Non. #Wòm 10.8 Li la toupre nou. Li nan bouch nou, li nan tèt nou pou nou ka fè sa l mande nou fè a.
15Gade. #Det 11.26 Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi. 16Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an. 17Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l, si nou kite yo pran tèt nou pou n'al mete ajenou devan lòt bondye, pou n'al fè sèvis pou yo, 18m'ap #Det 4.26 avèti nou depi kounyeya: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an. 19Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo. 20Renmen #Det 1.8; 10.20; Sòm 27.1; 66.9 Senyè a, Bondye nou an. Koute l. Pa lage l menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Senyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 30: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an