Detewonòm 31

31
Jozye pral ranplase Moyiz
1Moyiz pale ankò ak tout pèp Izrayèl la, li di yo:
2— Kounyeya, mwen #Egz 7.7; Nonb 20.12; 27.17; Det 3.27 gen sanventan sou tèt mwen. Mwen pa gen fòs pou m fè anyen ankò. Lèfini, Senyè a te tou di m mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an. 3Senyè a, #Nonb 27.18,21; Det 9.3 Bondye nou an, se li menm ki pral pran devan nou. L'ap detwi tout nasyon sa yo devan je nou pou nou ka pran peyi yo pou nou: Se Jozye ki va mache devan nou, jan Senyè a te di l la. 4Senyè a #Nonb 21.23,24,33-35 va detwi nasyon sa yo nèt, menm jan li te detwi Siyon ak Og, wa peyi Amori yo, ansanm ak tout moun nan peyi yo a nèt ale. 5Senyè a #Det 7.2 pral lage yo nan men nou. Lè sa a, se pou nou aji avèk yo jan Senyè a te ban nou lòd aji ak yo a. 6Se #Det 20.4; 31.23; Joz 1.5-6,9; 10.25; 1 Kwo 22.13; 28.20 pou nou vanyan. Se pou nou mete gason sou nou! Nou pa bezwen pè. Pa tranble lè yo parèt devan nou. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Li p'ap janm lage nou, li p'ap janm kite nou pou kont nou.
7Apre #Nonb 27.23 sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l devan tout pèp Izrayèl la, li di l konsa:
— Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l antre pran peyi Senyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a. 8Senyè a #Det 31.6; Joz 1.9 va pran devan ou, l'a kanpe la avè ou. Li p'ap janm lage ou, li p'ap kite ou pou kont ou: Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen tranble.
Lekti tout liv lalwa a chak setan
9Apre #Nonb 4.15; Joz 3.3 sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Senyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la. 10Moyiz #Lev 23.34; Det 15.1 ba yo lòd sa a:
— Chak setan, lè lanne pou yo renmèt dèt yo va rive, pandan y'ap fete fèt Joupa yo. 11#Det 16.16; Joz 8.34; 2 Wa 23.2; Ney 8.1-3 tout pèp Izrayèl la va vin adore Senyè a, Bondye nou an, nan kote li te chwazi pou sa a, n'a li tout liv lalwa a byen fò devan yo tout, pou yo ka tande l nan zòrèy yo. 12N'a sanble tout moun, fanm kou gason, timoun kou granmoun, ansanm ak moun lòt nasyon k'ap viv nan lavil nou yo, pou yo ka tande l, pou yo ka aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, pou yo kenbe lalwa a, epi pou yo fè tou sa ki ladan l. 13Se #Det 4.10 konsa, pitit yo ki pat janm konn lalwa a va tande l. Y'a aprann gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, chak jou pandan tout tan n'ap viv nan peyi nou pral pran pou nou an, lè n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an.
Dènye lòd Senyè a bay Moyiz
14Lè sa a, Senyè a di Moyiz konsa:
— Ou pa lwen mouri. Rele Jozye. Vini ansanm avè l nan Tant Randevou a pou m ka ba li lòd sa pou l fè.
Se konsa, Moyiz ak Jozye al kanpe nan Tant Randevou a. 15Senyè a #Egz 33.9; Nonb 12.5 parèt devan yo anndan Tant Randevwa a, nan yon nyaj ki te gen fòm yon gwo poto devan pòt tant lan. 16Senyè a #Egz 34.15,16; Det 32.15; Joz 23.16; Jij 2.20 di Moyiz:
— Ou pral mouri. Ou pa lwen al jwenn zansèt ou yo ki mouri deja. Men, apre ou fin mouri, pèp la pral leve, yo pral vire do ban mwen pou y'al kouri dèyè lòt bondye y'ap sèvi nan peyi lòt nasyon kote nou pral antre a. Wi, yo pral lage m, yo pral kase kontra m te pase avèk yo a. 17#Nonb 14.42; Det 32.20; Jij 6.13; 2 Kwo 15.2; Sòm 104.29; Eza 8.17; Eze 39.23 sa va rive, m'a fè yon sèl kòlè anwo yo, m'a lage yo tout, mwen p'ap okipe yo ankò. Se peri y'a peri. Tout kalite malè ak lafliksyon pral tonbe sou yo. Se lè sa a y'a blije rekonèt se paske Bondye yo a pa la nan mitan yo ankò kifè tout malè sa yo rive yo. 18Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fè twòp bagay mal lè yo te al kouri dèyè lòt bondye.
19Kounyeya, ekri #Det 32.1-43 chante sa a. W'a moutre tout moun pèp Izrayèl yo li, pou l ka nan bouch yo tout, epi pou l sa sèvi m temwen kont yo. 20#Nonb 14.11,23; Det 32.15; Ney 9.25; Jer 5.28; Oze 13.6 m'ap fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a, m'a fè yo manje plen vant yo, y'a viv alèz. Men, y'a kouri dèyè lòt bondye, y'a sèvi yo. Men mwen menm, y'a voye m jete, y'a kraze kontra mwen te pase ak yo a. 21Konsa, lè tout kalite malè ak lafliksyon va tonbe sou yo, chante sa a va sèvi m temwen, l'ap toujou nan bouch yo, paske pitit yo p'ap janm bliye l. Wi, depi kounyeya, anvan menm mwen fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt yo a, mwen konnen sa yo gen nan tèt yo.
22Menm jou sa a, Moyiz ekri chante a epi li moutre tout moun pèp Izrayèl yo li.
23Apre #Det 31.6,8,14 sa, Senyè a bay Jozye, pitit gason Noun lan, lòd li yo. Li di l konsa:
— Mete gason sou ou. Se pou ou vanyan. Paske se ou menm ki pou fè moun pèp Izrayèl yo antre nan peyi mwen te pwomèt m'ap ba yo a. M'ap kanpe la avè ou.
24#Det 31.9 Moyiz fin ekri tout pawòl lalwa Bondye a nan yon liv san li pa sote anyen, 25li rele moun Levi ki te reskonsab pou pote Bwat Kontra Senyè a, li di yo konsa:
26— Pran #2 Wa 22.8; 2 Kwo 34.14,15 liv lalwa a, mete l sou kote Bwat Kontra Senyè a, Bondye nou an. L'a rete la, l'a sèvi temwen kont nou. 27Mwen #Det 9.6,7; Sòm 78.8 konnen jan nou gen tèt di, jan nou pa vle koute. Si kounyeya, pandan mwen vivan ankò nan mitan nou an, nou te kenbe tèt ak Senyè a konsa, lè m'a mouri menm se va pi rèd. 28Sanble #Det 4.26 bò kote m tout chèf fanmi nou yo ak tout chèf branch fanmi nou yo pou m fè yo tande pawòl sa yo. Mwen pral pran syèl la ak latè a sèvi m temwen sa mwen pral di nou la a. 29Paske #Jij 2.19; 2 Wa 22.17; Jer 44.23; Oze 9.9 mwen konnen, lè m'a mouri, nou pral lage kò nou nan fè move bagay, nou pral kite chemen mwen te louvri devan nou an. Lè sa a, malè pral tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal nan je Senyè a, nou te eksite kòlè li avèk tout move bagay nou t'ap fè yo.
Chante Moyiz la
30Lè sa a, Moyiz pran resite byen fò tout chante sa a, depi nan konmansman jouk li bout, devan tout moun pèp Izrayèl yo ki te reyini pou yo te ka tande sa l'ap di a.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 31: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an