Detewonòm 29

29
Nouvo kontra Senyè a ak Izrayèl
1 # 29.1-29: Koresponn ak chapit 28.69—29.28 nan tèks ebre a. Men pawòl ki te nan kontra Senyè a te bay #Det 1.5; 5.2,3 Moyiz lòd pase ak moun pèp Izrayèl yo, lè yo te nan peyi Mowab la. Kontra sa a te vin mete sou kontra li te deja fè ak yo sou Mòn Orèb la. 2Moyiz #Egz 19.4 fè rele tout pèp Izrayèl la, li di yo konsa:
— Nou wè ak je nou tou sa Senyè a te fè wa peyi Lejip la, moun ki t'ap travay ak li yo ak tout peyi a. 3Nou #Det 4.34; 7.19 wè ak je nou tout gwo malè li te voye sou yo, tout mirak ak tout mèvèy li te fè. 4Men, #Eza 6.9,10; 63.17; Eze 12.2; Mat 13.13; Jan 8.43; Wòm 11.8,10 jouk koulyeya, Senyè a poko louvri lespri nou ase pou nou byen konprann tout sa nou wè ak tout sa nou tande. 5Pandan #Det 8.2,4 karantan, mwen pran men nou, mwen moutre nou kote pou nou pase nan dezè a. Rad sou nou pa te janm ize, sapat nan pye nou pa te janm fini. 6Nou #Egz 16.4; Det 8.3 pat gen pen pou nou manje, ni diven, ni okenn bwason pou nou bwè, men Senyè a te ban nou tou sa nou bezwen pou n te ka konnen se li menm, Senyè a, ki Bondye nou an.
7Rive #Nonb 21.21-24,33-35 nou rive isit la, Siyon, wa Esbon an ak Og, wa Bazan an, sòti vin atake nou. Nou bat yo byen bat. 8Nou #Nonb 32.33 pran peyi yo a bay moun branch fanmi Riben yo, moun branch fanmi Gad yo ansanm ak mwatye nan moun branch fanmi Manase yo pou yo rete. 9N'a #Joz 1.7; 1 Wa 2.3 kenbe kontra sa a. N'a fè tou sa ki di ladan l pou nou ka reyisi nan tout sa n'ap fè.
10Jòdi a, men nou tout nou reyini la a devan Senyè a, Bondye nou an, nou menm chèf tout branch fanmi nou yo, tout chèf fanmi nou yo ak tout lòt chèf yo, ak tout lòt gason nan pèp Izrayèl la, 11tout #Egz 12.38; Joz 9.21 pitit nou yo, madanm nou yo, tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, depi sa k'ap koupe bwa jouk sa ki la pou al chache dlo pou nou, 12nou vin pran angajman sou sèman pou nou asepte tout egzijans kontra Senyè a, Bondye nou an, ap pase ak nou jòdi a. 13Konsa #Jen 17.7; Egz 6.7; Det 28.9 depi jòdi a, se pèp li nou ye, se Bondye pa nou li ye, jan l te di l la, jan l te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo. 14Men, #Jer 31.31,32 se pa avèk nou menm sèlman l'ap pase kontra li te fè nou sèmante pou n kenbe a. 15Men #Tra 2.39 se pa sèlman ak nou tout ki la jòdi a devan mwen, men tou se avèk tout pitit nou yo ki poko fèt.
16Nou konnen byen pwòp ki kalite lavi nou t'ap mennen nan pèyi Lejip la ak ki jan nou te pase nan mitan moun lòt nasyon nou te kontre sou wout nou. 17Nou te wè tout vye bagay yo t'ap fè ak zidòl fèt ak bwa, ak wòch, ak lajan epi ak lò yo te gen lakay yo. 18Piga #Eb 12.15 pèsonn nan mitan nou, ni fanm ni gason, nan okenn fanmi ni branch fanmi pèp la vire do bay Senyè a, Bondye nou an, pou y'al sèvi zidòl moun sa yo. Piga pèsonn nan mitan nou tounen yon move grenn k'ap detounen pèp la, k'ap anpwazonnen l.
19Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l: Kounyeya, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gendwa fè sa m pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab. 20Bondye #Det 9.14; Sòm 74.1; 79.5 p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontrè, Bondye ki yon Bondye jalou anpil pou moun pa li yo ap fache yon sèl fache sou moun sa a. L'ap fè non li disparèt sou latè. Tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. 21Senyè a va wete l nan mitan rès moun pèp Izrayèl yo, l'a pini l dapre madichon n'a jwenn nan kontra ki ekri nan liv lalwa Senyè a.
22Moun k'ap vin apre nou yo, pitit nou yo k'ap fèt apre nou ansanm ak moun lòt nasyon k'ap sòti byen lwen yo, va wè malè ki tonbe sou peyi a ak tout maladi Senyè a voye nan peyi a. 23Y'a #Jen 19.24,25; Jij 9.45; Sòm 107.34; Jer 17.6; Sof 2.9 wè tout peyi a kouvri anba souf ak sèl, tout tè a boule. Lè sa a, moun p'ap ka simen anyen nan tè a, okenn plant p'ap ka pran ladan l. Pa menm vye zèb p'ap ka pouse. Peyi nou an va tankou lavil Sodòm ak Gomò, tankou lavil Adma ak Siboyen, lavil Senyè a te detwi nèt lè l te ankòlè a, lè l te move anpil la. 24#1 Wa 9.8,9; Jer 22.8,9 sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Senyè a fè moun sa yo sa? Poukisa tout kòlè sa a sou peyi a? 25Y'a reponn yo: Se paske yo pat kenbe kontra Senyè a, Bondye zansèt yo a, kontra li te pase ak yo lè li t'ap fè yo sòti kite peyi Lejip la. 26Yo leve al sèvi lòt bondye yo pat janm konnen anvan. Y'al mete ajenou devan bondye Senyè a pat ba yo pou yo sèvi. 27Se #Lev 26.14-39; Det 28.15-68; Sòm 11.6; Da 9.11 konsa Senyè a vin fache anpil sou moun peyi sa a. Li sitèlman fache, li fè tout madichon ki ekri nan liv lalwa a tonbe sou yo. 28Senyè a #1 Wa 14.15; 2 Kwo 7.20; Jer 22.26 fè kòlè, li move, li fache, li rache yo met deyò nan peyi yo a, l'al jete yo nan yon lòt peyi etranje kote yo ye kounyeya.
29Bagay #Jer 23.18; Am 3.7; Lik 16.29; Jan 5.39; 2 Tim 3.16,17 nou pa konprann, se sekrè Bondye, Senyè nou an, kenbe pou li menm sèl. Men bagay li fè nou konnen yo, se bagay nou menm ak pitit nou yo pa dwe janm bliye dekwa pou nou ka fè tout sa li mande nou fè nan lalwa a.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 29: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte