Detewonòm 2

2
Laviwonn pèp la nan dezè a
1Lè sa a, nou tounen tounen nou nan dezè a, #Nonb 14.25 nou pran chemen Lanmè Wouj la #2.1: Lanmè Wouj la: Dapre tèks ebre a se Lanmè Wozo yo. pou nou, jan Senyè a te pase nou lòd la. Nou pase yon pakèt tan ap mache moute desann nan mòn peyi Seyi yo.
2Apre sa, Senyè a pale avè m, li di m konsa: 3Nou fè kont moute desann nou nan mòn yo. Kounyeya, pran direksyon nò pou nou. 4Bay #Jen 36.8; Det 23.7; Abd 10,12 pèp la lòd sa a: Nou pral pase nan mitan peyi Seyi a, kote pitit pitit Ezayi yo rete a. Moun sa yo se menm ras ak nou yo ye. Y'ap pè nou, men, atansyon! 5Pa #Joz 24.4 chache yo kont, paske mwen p'ap ban nou ata yon pous tè nan peyi yo a. Se mwen menm ki bay moun fanmi Ezayi yo tout mòn Seyi a nèt pou yo rete. 6N'a achte manje pou nou manje nan men yo pou lajan nou, n'a mande yo achte ata dlo pou nou bwè. 7Chonje #Det 8.2-4 byen, Senyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tou sa n'ap fè. Li te pran swen nou pandan tout tan nou t'ap moute desann nan gwo dezè a. Sa fè karantan depi Senyè a la nan mitan nou, nou pa janm manke anyen.
8Se #Jij 11.18; 1 Wa 9.26 konsa nou leve, nou pati, nou kite wout Araba a ki sòti lavil Elat ak lavil Etsongebè, nou pase byen lwen peyi kote pitit Ezayi yo rete a, peyi ki pou moun menm ras ak nou yo. Nou vire, nou pran chemen ki mennen nan dezè Mowab la. 9#Jen 19.36,37 sa a, Senyè a di m: Pa chache moun Mowab yo, moun fanmi Lòt yo, kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ban nou anyen nan peyi ki pou yo a. Se mwen menm ki bay yo lavil A-Mowab la pou yo rete.
10(Nan #Jen 14.5; Det 9.2 tan lontan, se te Emim yo ki te rete nan lavil Ar la. Se te yon ras moun ki te wo anpil tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason. 11Tout lòt moun te rele yo refayim, menm non ak moun Anak yo. Men, se moun Mowab yo ki te rele yo emen. 12Konsa #Jen 14.6; 36.20 tou, nan tan lontan se orit yo ki te rete nan peyi Edon an. Men moun fanmi Ezayi yo te pran peyi a nan men yo, yo touye tout moun epi yo rete ladan l nan plas moun yo, menm jan moun Izrayèl yo te fè pou peyi ki pou yo a, peyi Senyè a te ba yo a.) 13Aprè sa, Senyè a di ankò: Leve non! Janbe lòt bò ravin Zerèd la. Se konsa nou janbe lòt bò ravin Zerèd la.
14Nou #Nonb 14.33,35; 32.11; Det 1.34,35 pran trantwitan pou nou mache sòti Kadès Banea jouk nou rive janbe lòt bò ravin Zerèd la. Pandan tout tan sa a, mezi gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te gentan mouri, jan Senyè a te di li t'ap fè a. 15Senyè a te leve dèyè yo nan kan an jouk yo tout te mouri.
16Lè tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te fin mouri, 17Senyè a pale avè m, li di m konsa: 18Jòdi a ou pral pase fontyè peyi Mowab la, ou pral pran chemen lavil Ar la. 19Ou #Jen 19.36,38 pral tonbe bab pou bab ak moun Amori yo. Pa chache yo kont. Pa al goumen ak yo paske mwen p'ap ba ou anyen nan peyi Amon an. Se pitit pitit Lòt yo ye. Se mwen menm ki ba yo peyi sa a pou yo rete.
20(Nan tan lontan, dapre sa yo di, peyi sa a, se te peyi refayim yo. Se refayim yo ki te rete ladan l anvan. Moun Amon yo te rele yo Zanmzoumim. 21Yo te bèl wotè tankou moun Anak yo. Yo te anpil, yo te barak gason. Men, Senyè a te touye yo pou moun Amon yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l. 22Se menm bagay Senyè a te fè pou moun fanmi Ezayi yo ki rete nan peyi Seyi a. Li touye orit yo pou moun Ezayi yo te ka pran peyi a nan men yo, pou yo te ka rete yo menm ladan l. 23Se #Joz 13.3,4; Am 9.7 menm bagay la ki rive avit yo ki te rete nan tout ti bouk ou jwenn jouk ou rive lavil Gaza: moun Kaftò yo sòti zile Krèt, yo touye avit yo epi yo rete nan peyi a nan plas yo.)
24Senyè a #Nonb 21.13,14 di m ankò: Leve, ranmase tout zafè nou yo. Pase lòt bò ravin Anon an. Mwen pral lage Siyon, moun peyi Amori ki wa lavil Esbon an, ansanm ak tout peyi li a nan men nou. Atake l, konmanse pran peyi a pou nou. 25Depi #Egz 15.14-16; Det 11.25; Joz 2.9,11 jòdi a, m'ap fè tout nasyon ki sou latè pè nou kou chat. Konsa, depi y'a tande yo nonmen non nou, y'a pran tranble, y'a gen yon sèl kè sere k'ap pran yo.
Izrayèl wa lavil Esbon
(Nonb 21.21-30)
26#Nonb 21.21 sa a, antan nou te nan dezè Kedemòt la, mwen voye kèk mesaje bò kote Siyon, wa lavil Esbon an, pou yo te pale an zanmi avè l, pou yo te di l pou mwen: 27Mwen #Nonb 21.22 fè lide pase nan peyi a. N'ap pase pase nou sou gran chemen an san nou pa vire ni adwat ni agòch. 28W'a vann nou pou lajan nou manje nou ka bezwen pou n manje ansanm ak dlo pou nou bwè. Se pase sèlman n'ap pase nan peyi a san rete, 29jouk #Nonb 20.18,21; Det 23.3,4; Jij 11.17 nou rive lòt bò larivyè Jouden an, nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Se konsa moun fanmi Ezayi yo ki te rete nan peyi Seyi a, ak moun Mowab yo ki rete nan lavil Ar la te ban nou pèmisyon pou n pase nan peyi yo.
30Men, #Egz 4.21; Nonb 21.23; Joz 11.19,20 Siyon, wa Esbon an, pat dakò pou l te kite nou pase nan pèyi l la. Senyè a, Bondye nou an, fè l kenbe tèt ak nou, li fè l refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l sa lage l nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk kounyeya.
31Lè sa a, Senyè a di m konsa: Gade! Depi kounyeya mwen lage Siyon ak tout peyi li a nan men nou. Konmanse anvayi peyi a, pran peyi l la pou nou.
32Siyon #Nonb 21.23 mache kontre nou ak tout lame l la, li vin mande nou batay bò Jayat. 33Men, #Det 7.2; Jij 11.21 Senyè a, Bondye nou an, lage l nan men nou. Nou bat li byen bat, li menm, pitit gason l yo ak tout lame l yo. 34Tout #Nonb 21.2,3,25; Det 3.6 lavil yo tonbe nan men nou tou epi nou touye yo nèt pou Bondye nou an tankou yon ofrann. Nou touye tout moun nèt, fanm kou gason, timoun kou granmoun. Nou pa kite yonn chape. 35Tansèlman, nou pran tout bèt yo pou nou epi nou piye tout lavil nou te pran yo. 36Depi #Joz 12.2; 13.9,10 lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pat gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Senyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou. 37Men #Nonb 21.24 nou pat pwoche bò peyi moun Amon yo, ni bò zòn larivyè Jabòk la, ni bò lavil ki nan mòn yo, ni bò okenn kote Senyè a te ban nou lòd pa atake.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte