Detewonòm 3

3
Izrayèl wa peyi Bazan
(Nonb 21.33-35)
1Apre sa, nou pran yon lòt chèmen nan direksyon #Nonb 21.33-35 peyi Bazan an. Men, Og, wa peyi Bazan an, sòti ak tout lame li a, li vin kare pou batay ak nou bò lavil Edreyi a.
2Lè sa a, Senyè a di m konsa: Nou pa bezwen pè li, mwen pral lage yo nan men nou, li menm ansanm ak tout pèp li a ak tout peyi li a. Menm sa nou te fè Siyon, wa peyi Amori ki te rete lavil Esbon an, se sa nou pral fè li tou.
3Se konsa Senyè a, Bondye nou an, te lage Og, wa peyi Bazan an, nan men nou ansanm ak tout pèp li a. Nou touye yo tout. Nou pa kite pèsonn chape. 4Konsa #1 Wa 4.13 tou, nou pran tout lavil yo pou nou. Pat gen yonn menm ki pat tonbe nan men nou. Antou nou te pran swasant lavil, tout lavil ki te nan zòn Agòb la, kote Og, wa Bazan an, t'ap gouvènen. 5Tout lavil sa yo te gen bèl defans. Yo te gen ranpa byen wo, gwo baryè ak ba solid pou fèmen baryè yo. Nou te pran tou yon bann lòt lavil ki pat gen ranpa. 6Nou #Det 2.34,35 detwi yo nèt pou Bondye tankou yon ofrann, menm jan nou te fè l pou Siyon, wa lavil Esbon an. Nou touye tout moun ki te nan lavil yo, fanm kou gason, timoun kou granmoun. 7Men, nou pran tout zannimo yo ak tout lòt bagay ki gen valè nan lavil yo pou nou.
8Se konsa, lè sa a, nou pran pou nou peyi tou de wa peyi Amori yo ki t'ap viv sou bò solèy leve, depi ravin Anon jouk mòn Emon, lòt bò larivyè Jouden an. 9Moun #1 Kwo 5.23; Sòm 29.6; 42.6 Sidon yo rele mòn Emon an Siryon, men moun Amori yo menm rele l Seni. 10Nou #Joz 13.11,12,21 pran tout lavil ki nan gwo platon sou tèt mòn yo, tout peyi Galarad la ak peyi Bazan an rive jouk Salka ak Edreyi, de lavil ki te pou Og, wa Bazan an. 11(Og, #Det 2.11,20; 2 Sam 12.26 wa Bazan an, se te dènye moun nan ras refayim yo ki te vivan. Sèkèy li te fèt an fè, li te gen kat mèt edmi longè sou de mèt lajè. Yo ka wè l jouk kounyeya nan lavil yo rele Raba moun Amon yo.)
Pataj rès peyi a
(Nonb 32)
12#Nonb 32.33-38; Joz 13.8-12 nou fin pran peyi a pou nou, mwen bay branch fanmi Riben lan ak branch fanmi Gad la pòsyon ki sòti bò lavil Awoyè a, toupre ravin Anon, rive pran mwatye nan mòn Galarad la avèk tout lavil ki ladan yo. 13Mwen #Joz 13.29-31 bay mwatye nan branch fanmi Manase a rès zòn Galarad la ak tout peyi Bazan an, kote Og t'ap gouvènen an. (Dapre sa yo di, peyi Bazan an, tout zòn Agòb la, se peyi refayim yo. 14Jayit, #Nonb 32.41; Joz 13.13 moun fanmi Manase, te pran tout zòn Agòb la, ki vle di peyi Bazan an rive jouk sou fontyè peyi moun Jechou yo ak peyi moun Maka yo. Li bay peyi a non li. Li rele l Bouk Jayi. Non sa a rete pou peyi a jouk kounyeya.) 15Mwen #Nonb 32.39,40; Joz 17.1 bay Maki peyi Galarad la. 16Mwen #Joz 12.2 bay branch fanmi Riben ak branch fanmi Gad yo zòn ki sòti depi peyi Galarad la rive ravin Anon. Sou nan sid, baliz peyi a pase nan mitan ravin Anon. Sou nan nò, peyi a rive rivyè Jabòk ki te sèvi l fontyè ak peyi Amon an. 17Sou #Nonb 34.11; Det 4.49; Joz 12.3 bo solèy kouche, larivyè Jouden an, depi letan Kinerèt jouk lanmè Sale a, lanmè yo rele Araba a, va sèvi fontyè ki va desann anba lanmè Sale a jouk nan pye mòn Pisga a bò solèy leve.
18Menm lè sa a tou, mwen ba yo lòd sa yo: Senyè a, Bondye nou an, te ban nou peyi sa a pou nou rete! Kounyeya, se pou tout gason ki gen laj pou fè lagè pran zam yo. Se pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an pran devan moun lòt branch fanmi nou yo. 19Sèl #Nonb 32.20,21; Joz 1.14,15 moun n'a kite nan lavil mwen ban nou yo, se va madanm nou ak pitit nou yo ansanm ak bèt nou yo. Pou bèt, mwen konnen nou pa manke sa. 20N'a ede rès moun pèp Izrayèl yo jouk Senyè a va fin ba yo pòsyon pa yo jan li dejà fè l pou nou an, jouk y'a fin pran peyi Senyè a ap ba yo a lòt bò larivyè Jouden. Se lè sa a n'a tounen nan peyi mwen te chwazi pou m ban nou an.
21Apre sa, mwen bay Jozye lòd sa a: Ou wè ak je ou tou sa Senyè a, Bondye nou an, te fè de wa peyi Amon yo. Se menm bagay la Senyè a ap fè wa tout peyi kote nou pral pase yo. 22Nou #Egz 14.14 pa bezwen pè yo menm. Se Senyè a menm, Bondye nou an, ki pral goumen pou nou.
Moyiz p'ap antre Kanaran
23Lè sa a atò, mwen mande Senyè a yon favè. Mwen di l: 24Senyè, #Egz 15.11; Det 11.2; 1 Kwo 29.11 Bondye mwen, se ou menm ki konmanse fè sèvitè ou la wè jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs kouray. Pa gen lòt bondye ni nan syèl, ni sou latè ki ka fè tout gwo bagay w'ap fè yo. 25Tanpri #Egz 3.8; Joz 1.4 souple, kite m travèse lòt bò larivyè Jouden an pou m ka wè bèl peyi ki lòt bò a, bèl mòn sa yo ak peyi Liban an tou. 26Men, #Det 1.37 se nou menm ki lakòz Senyè a te fache sou mwen, li refize tande m. Li di m konsa: Ase la! Pa janm vin pale m bagay sa a ankò. 27Moute #Nonb 27.12,13 sou tèt mòn Pisga a. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade sou bò nò, sou bò sid, sou bò solèy kouche ak sou bò solèy leve. Louvri je ou. Gade byen, paske ou p'ap janm mete pwent pye ou lòt bò larivyè Jouden an. 28Bay #Nonb 27.18-20; Det 1.38 Jozye lòd tou sa pou li fè. Ankouraje l. Ba li fòs kouray, paske se li menm ki pral janbe lòt bò larivyè Jouden an alatèt pèp la. Se li menm ki pral fè yo pran peyi ou pral wè a pou yo.
29Epi #Det 4.46 nou rete nan fon an, anfas lavil Bètpeyò.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte