Detewonòm 14

14
Atitid nou devan moun mouri
1Senyè a, Bondye nou an, konsidere nou tankou #Lev 19.28; 21.5; Eza 1.2; Jer 16.6; 41.5; Oze 1.10; Wòm 9.8,26; Gal 3.26 pwòp pitit li. Lè nou gen moun mouri, piga nou kòche kò nou ak kouto, ni piga nou kale devan tèt nou. 2Paske #Det 7.6 se yon pèp k'ap viv apa pou Senyè a, Bondye nou an nou ye. Se nou menm Senyè a te chwazi nan mitan tout pèp sou latè pou nou te tounen yon pèp ki rele l pa li.
Bèt moun ka manje
(Levitik 11)
3Piga nou manje anyen Senyè a deklare nou pa gendwa manje.
4Men #Lev 11.2-23 bèt nou gendwa manje: se bèf, se ti mouton, se ti kabrit, 5se sèf, se kabrit mawon, se den, se boukten, se antilòp, se bèf mawon, se mouflon. 6Nou gendwa manje vyann tout bèt ki gen zago fann an de depi yo remoute manje tou. 7Men, nan bèt ki remoute manje yo, piga nou manje vyann bèt tankou chamo, lapen. Paske zago yo pa fann fè de. Bèt sa yo pa bon pou nou manje.
8Konsa tou, piga nou manje vyann kochon, paske atout li gen zago li yo fann an de, li pa remoute manje. Se yon bèt ki pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. Piga nou janm manje vyann yo ni piga nou janm manyen kadav yo.
9Nou gendwa manje tout bèt lanmè depi yo gen zèl najwa pou naje ak kal sou kò yo. 10Men, piga nou manje ni sa ki pa gen zèl najwa, ni sa ki pa gen kal sou kò yo. Bèt konsa pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje.
11Se pa tout zwazo moun k'ap sèvi Bondye gendwa manje. 12#14.12-18: Pou pifò nan zwazo yo bay nan vèsè sa yo nou pa sèten ki kalite zwazo yo te bay non sa yo. Men zwazo nou pa gendwa manje: se lèg, lòfre, malfini lanmè, 13milan, otou, votou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav, 14tout kalite kaw, 15otrich, janmichèt, poul dlo, malfini ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan, 16koukou, frize, gwo kanna mawon blan, 17grangozye, plonjon, chwèt, 18sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, sèpantye ak tchòtchòt.
19Tout ti bèt ak zèl pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. Piga nou manje yo. 20Men, nou gendwa manje zwazo ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye.
21Piga #Egz 23.19; Lev 7.24; 22.8; Det 14.2; Eze 4.14 nou manje okenn bèt nou jwenn mouri, paske nou menm, nou se yon pèp k'ap viv apa pou Senyè a, Bondye nou an. Men nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lèt nasyon k'ap viv nan mitan nou oswa ki depasay lakay nou.
Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman li.
Prensip ladim
22Chak #Lev 27.30; Nonb 18.21 lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm (1/10) nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l apa. 23Apre #Det 4.10; 12.5-7 sa, nou va ale kote Senyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Senyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Senyè a.
24Men, #Det 12.21 si kote Senyè a chwazi pou fè sèvis pou li a twò lwen lakay nou, kifè vwayaj la ap twòp pou nou, nou pa ka pote ladim rekòt Bondye ban nou pou benediksyon an, 25lè sa a, n'a vann ladim lan, n'a kenbe lajan lavant lan nan men nou epi n'a ale kote Senyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. 26Lè n'a rive, n'a achte ak lajan an sa nou pi pito: bèf, mouton, kabrit, diven, likè, wi tou sa nou pi renmen. Epi la, devan Senyè a, Bondye nou an n'a manje yo, n'a fè fèt ansanm ak tout moun lakay nou.
27Pa #Nonb 18.20; Det 12.19 bliye moun Levi k'ap viv nan lavil nou yo paske yo menm yo pa gen anyen ki rele yo pa yo.
28Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo. 29Moun #Det 15.10; 24.19; 26.12; 28.12; Sòm 41.1; Pwo 19.17; Mal 3.10 Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 14: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte