Detewonòm 15

15
Lanne pou annile dèt moun
1Chak setan, n'a anile dèt #Egz 23.10,11 tout moun ki dwe nou. 2Men kijan n'a fè li: Tout moun ki te prete yon moun pèp Izrayèl parèy li lajan, yo va anile dèt la. Pesonn pa gendwa fè presyon sou moun ki dwe yo pou fè yo peye moman piblikasyon anilasyon dèt fin fèt. 3N'a #Det 23.20 gen dwa egzije pou moun lòt nasyon yo peye nou sa yo dwe nou. Men, nenpòt kisa yon moun pèp Izrayèl parèy nou dwe nou, n'a kite l pou li. 4Konsa, #Det 15.11; 28.8 p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an. 5Men, se pou nou toujou obeyi Senyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. 6Wi, #Det 7.13; 28.12,13 Senyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pèsonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou.
7Si #1 Jan 3.17 ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Senyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. 8Okontrè, #Lev 25.35; Mat 5.42; Lik 6.34,35 se pou nou lonje men ba li, n'a prete l lajan pou l achte tou sa li bezwen. 9Pa #Det 24.15; 28.54; Mat 20.15; 25.44,45 kite okenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lannè a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l anyen. Paske lè sa a, l'a rele Senyè a, l'a pale l pou nou, epi n'a gen tò. 10Non. #Det 14.29; Pwo 22.9; 28.27 Se pou nou prete l epi lè n'ap prete l, se pou ou fè l ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. 11Va #Mat 26.11; Mak 14.7; Jan 12.8 toujou gen moun nan pèp Izrayèl la ki nan malsite. Se poutèt, sa m'ap mande nou aprann lonje men bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an.
Lwa sou esklav yo
(Egzòd 21.1-11)
12Si #Egz 21.2; Jer 34.14 yon moun menm ras ak nou, kit fanm kit gason, vin vann tèt li ban nou pou esklav, l'a va sèvi nou esklav pandan sizan. Lè setyèm ane a rive, se pou nou kite li al fè wout li. 13Lè n'ap ranvwaye li a, pa kite li ale men vid. 14Men, #Det 16.17 n'a fè li kado nan bèt nou yo, nan rekòt nou yo, nan diven ak nan lwil nou. N'a separe benediksyon Senyè a, Bondye nou an, ban nou ak li. 15Pa #Det 5.15 bliye se esklav nou te ye tou nan peyi Lejip la, epi se Senyè a, Bondye nou an, ki te delivre nou. Se poutèt sa mwen ban nou lòd sa a jòdi a.
16Men, #Egz 21.5,6 si yon esklav konsa di nou li p'ap kite nou, paske li renmen nou ansanm ak tout moun lakay nou, paske nou aji byen avè l, 17lè sa a, n'a pran yon bagay pwenti, n'a fè l pwoche bò pòt devan lakay nou, n'a pèse zòrèy li. Konsa, l'a rete ap sèvi nou pou tout tan jouk li mouri. N'a fè menm bagay la tou pou fanm ki esklav lakay nou.
18Piga nou janm regrèt libere yon esklav, paske li te sèvi nou pandan sizan pou mwatye pri nou ta peye yon moun k'ap travay pou lajan lakay nou. Se konsa, Senyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè.
Tout premye pitit bèt yo se pou Bondye
19Tout #Egz 13.2 premye pitit mal bèf nou osinon mouton nou va fè, n'a konsakre yo bay Bondye Senyè a. Piga nou janm fè premye ti towo bèf bèt nou fè a travay pou nou. Ni nou pa dwe janm taye lenn premye ti belye fenmèl mouton nou yo fè. 20Chak #Det 12.5,7; 14.23 lanne, nou menm ak tout fanmi nou, n'a manje yo devan Senyè a, kote Senyè a, Bondye nou an, te chwazi a. 21Men, #Lev 22.20 si l'ap bwete, osinon si li pèdi yon je, oswa si li gen nenpòt lòt enfimite ki konsekan, se pa ppou nou touye li pou Senyè a, Bondye nou an. 22N'a #Det 12.15,22 manje l lakay nou, tout moun va manje ladan l, kit yo nan kondisyon pou sèvi Bondye, kit yo pa nan kondisyon pou fè l, menm jan yo konn manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 23Tansèlman, #Jen 9.4; Lev 3.17; Det 12.16 piga nou manje san l. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an