Detewonòm 13

13
1Si ta gen nan mitan nou yon pwofèt #Jer 23.25,32; Mat 7.22; 24.24 osinon yon moun ki konn fè vizyon, epi ki ta fè konnen kèk siy osinon kèk gwo bagay pral rive nan mitan nou, 2si #Rev 13.14 sa li te anonse a rive vre epi li ta vin di nou: Ann al swiv lòt bondye nou poko konnen menm yo! Ann al fè sèvis pou yo! 3nou #1 Kor 11.19 pa fèt pou nou koute pawòl pwofèt sa a ap di, ni sa moun ki konn fè vizyon an ap vin rakonte nan zòrèy nou. Paske se Senyè a, Bondye nou an, k'ap sonde nou, l'ap chache konnen si vreman vre nou renmen Senyè a ak tout kè nou, ak tout nanm nou. 4Se #Det 10.20; 2 Wa 23.3 Senyè a, Bondye nou an, pou nou swiv. Se li menm pou nou gen krentif. Se lòd li pou nou swiv. Se sa li di nou pou nou koute. Se li menm pou nou sèvi. Pa janm vire do ba li. 5Kanta #Det 17.7; 18.20; 21.21; Zak 13.3; 1 Kor 5.13 pou pwofèt sa a, osinon moun k'ap fè vizyon an, se pou nou touye yo. Paske y'ap ban nou konsèy pou nou kenbe tèt ak Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Lejip epi ki te wete nou nan esklavaj nou te ye laba a. Se pou nou touye yo, paske y'ap chache fè nou kite chemen Senyè a, Bondye nou an, te mete devan nou pou nou te swiv la. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
6Si #Det 17.2,3; 1 Sam 18.1,3 yon frè nou, bò papa osinon bò manman, osinon yon pitit gason nou, osinon yonn nan pitit fi nou, osinon madanm k'ap viv nan menm kay avèk nou, osinon ankò yonn nan bon bon zanmi nou ta chache pran tèt nou an kachèt pou fè n'al sèvi lòt bondye, bondye ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen, 7yonn #Det 6.14 nan bondye lòt moun k'ap viv ansanm avèk nou sou latè, kit yo toupre nou, kit yo byen lwen nou, 8pa janm tonbe dakò avèk li. Pa koute sa l'ap di nou. Se pou nou san pitye pou li. Pa chache pwoteje li, pa chache kouvri anyen pou li. 9Okontrè, #Det 17.7 se pou nou touye l. Premye moun ki pou leve men sou li pou touye l ak koutwòch se va nou menm. Apre sa, n'a kite lòt moun vin ede nou touye l. 10N'a kalonnen l wòch jouk li mouri, paske li te vle fè nou vire do bay Senyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. 11#Det 17.13; 19.20 sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la.
12Si nou vin tande y'ap di nan yonn nan lavil Senyè a ban nou pou nou rete yo, 13gen kèk moun, kèk voryen, moun menm ras ak nou ki te pran tèt moun k'ap viv nan lavil sa a pou fè yo al sèvi lòt bondye nou pa janm konnen, 14se #Det 17.4 pou nou chache konnen bagay la byen. N'a mennen ti ankèt nou, n'a poze kèsyon adwat agòch. Si bri y'ap fè kouri a vre, si nou jwenn prèv yon bagay mal konsa te fèt vre, 15se pou nou pran nepe nou, se pou nou touye dènye moun ki nan lavil sa a ansanm ak tout bèt yo. Se pou nou detwi lavil la nèt nan dife pou Bondye ansanm ak tou sa ki ladan l. 16N'a #Joz 8.28; Jer 30.18; 49.2 ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l pou yo sèvi yon ofrann pou Senyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò.
17Piga #Jen 22.17; Joz 6.18; 7.26 nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Senyè a. Se konsa Senyè a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fè pa nou. L'a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo. 18Men, #Det 12.25,28 se pou nou toujou koute sa Senyè a, Bondye nou an, ap di nou. Se pou nou toujou kenbe tout lòd m'ap ban nou jòdi a. Se pou nou toujou fè sa ki dwat devan Senyè a, Bondye nou an.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte