Detewonòm 12

12
Kote Bondye chwazi pou yo sèvi l
1Men lòd ak kòmandman pou nou swiv #Det 4.10; 6.1; 1 Wa 8.40 pandan tout tan nou gen pou nou viv nan peyi Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou pou nou rete a. 2Nan #1 Wa 14.23; 2 Wa 16.4; Jer 3.6 peyi nou pral pran pou nou an, se pou nou kraze tout kote moun yo te konn sèvi bondye yo sou gwo mòn wo yo, sou ti bit mòn yo, anba pyebwa vèt yo. 3Se #Egz 23.13,24; 34.13; Det 7.5; Jij 2.2; Zak 13.2 pou nou demoli tout lotèl yo, se pou nou gaye tout pil wòch zidòl yo. Se pou nou rache tout poto Achera yo. Se pou nou boule tout zidòl yo pou moun pa janm chonje yo te konn fè sèvis pou bondye sa yo la ankò.
4Nou pa fèt pou nou sèvi Sènyè a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sèvi bondye yo. 5Se #Det 16.2; 26.2; Joz 9.27; 1 Wa 8.29; 2 Kwo 7.12,16 Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Senyè a, Bondye nou an. 6Se #Det 14.22,23 la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Senyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo. 7Se #Det 14.23,26; 15.20 la, devan Senyè a, Bondye nou an, n'a fè fèt, n'a manje ansanm ak tout moun nan fanmi nou yo. Se la n'a fè kè nou kontan chak lè Senyè a va beni nou pou li te fè nou fè bèl rekòt.
8#Jij 17.6 sa a, nou p'ap gendwa fè sa n'ap fè kounyeya kote chak moun ap fè sa yo pi pito, 9paske nou poko antre nan peyi Senyè a, Bondye sou an, ap ban nou pou nou rete ak kè poze. 10Men, #Det 25.19 yon fwa n'a janbe lòt bò larivyè Jouden an pou n'al rete nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou an, l'a pwoteje nou nan mitan tout lènmi k'ap viv nan peyi ki sou fontyè nou yo, n'a rete nan peyi a ak kè poze. 11Wi, #Det 12.5,6 Senyè Bondye nou an va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt pou Senyè a, lòt bèt n'a ofri ba li, ladim nou yo, lèt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' bay Senyè a. 12#Det 10.9; 16.11,14 sa a, n'a fè fèt devan Senyè a, Bondye nou an, ansanm avèk pitit gason nou yo, pitit fi nou yo, gason ak fanm k'ap travay lakay nou yo ak moun Levi k'ap viv nan mitan nou yo, paske moun Levi yo pa gen okenn pòsyon tè ki rele yo pa yo menm jan ak nou nan peyi a.
13Piga #Lev 17.3,4 nou ofri bèt nou yo pou mwen nenpòt kote nou wè yo te mete apa pou lòt bondye yo. 14Senyè a pral chwazi yon kote nan pòsyon tè yonn nan branch fanmi nou yo. Se la sèlman n'a ka ofri bèt pou nou boule nèt pou Senyè a, se la n'a fè tou sa li mande pou nou fè a.
15Men, #Jen 9.3; Det 15.22; 16.17 nou lib pou nou touye bèt chak fwa nou vle manje vyann nenpòt kote nou ye, dapre kantite Senyè a va ban nou. Tout moun, kit sa ki nan kondisyon, kit sa ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, va gendwa manje vyann sa yo, tankou yo ta manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 16Men, #Jen 9.4; Lev 7.26; 17.10; Det 15.23; 1 Sam 14.33,34; Tra 15.20,29 piga nou janm manje san yo. Se pou nou vide tout san an atè tankou dlo.
17Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gendwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n ofri bay Senyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Senyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Senyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Senyè a, ni okenn lòt ofrann nou pote bay Senyè a. 18Men, #Det 14.23,26 se kote Senyè a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sèlman n'a manje ofrann yo devan Senyè a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fè fèt devan Senyè a, Bondye nou an. 19Toutotan #Det 14.27 n'ap viv nan peyi a, piga nou janm bliye moun Levi yo.
20#Jen 28.14; Egz 34.24; Det 19.8 Senyè a, Bondye nou an, va mete sou tè nou deja genyen an jan li te pwomèt nou sa a, depi nou vle manje vyann, nou mèt manje vyann lè nou vle, kantite nou vle. 21Lè kote Senyè a chwazi pou yo fè sèvis pou li a twò lwen pou nou ale, n'a gendwa touye bèf, kabrit ak mouton Senyè a va ban nou, jan mwen te di nou pou nou fè l la. N'a gendwa manje vyann lakay nou lè nou vle, kantite nou vle. 22Tout moun, kit yo nan kondisyon kit yo pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, tout moun va gendwa manje nan vyann sa a, tankou yo gendwa manje vyann gazèl ak vyann towo bèf. 23Tansèlman, #Jen 9.4; Lev 17.11,14 piga nou janm manje san an, paske san an se nanm bèt la li ye. Piga nou janm manje vyann lan ansanm ak nanm lan ladan l. 24Piga #Det 12.16 nou janm manje san an. N'a vide l atè tankou dlo. 25Si #Egz 15.26; Det 4.40; 13.18; 1 Wa 11.38 nou pa manje san an, tout bagay va mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'a fè sa ki fè Senyè a plezi. 26Men, #Nonb 5.9,10; 18.19; 1 Sam 1.21 n'a pran tout ofrann nou yo ak tout kado nou te pwomèt bay Senyè a, n'a pote yo kote Senyè a te chwazi a. 27Se #Lev 1.3-9; 17.11 la n'a ofri bèt pou boule nèt pou Senyè a sou lotèl Senyè a. Se la n'a vide san lòt bèt n'ap ofri sou lotèl Senyè a, epi se la n'a manje vyann lan tou. 28Se #Det 12.25 pou nou swiv pwen pa pwen tou sa m'ap mande nou fè a, se pou nou kenbe tout lòd mwen ban nou pou tout bagay toujou mache byen pou nou ak pou tout ras nou apre nou, paske n'ap fè tou sa ki byen, tou sa ki dwat devan Senyè a, Bondye nou an.
Avètisman pou pa sèvi zidòl
29#Det 19.1; Sòm 78.55 Senyè a, Bondye nou an, va fin disparèt nasyon yo sou chemen nou pou nou ka anvayi peyi yo a, lè n'a fin pran peyi a nan men yo pou nou ka rete nou menm ladan l, 30atansyon #Det 7.16 pou nou pa kite yo pran tèt nou pou nou fè menm jan ak yo. Apre Senyè a va fin kraze nasyon sa yo devan nou, pa konprann pou n'al swiv move egzanp yo. Pa chache konnen ki bondye yo t'ap sèvi, ni ki jan yo t'ap sèvi yo, lèfini pou nou fè tankou yo. 31Se #Lev 18.3,26,30; Det 7.25; 12.4; 2 Wa 17.31; Jer 7.31 pa konsa pou n aji ak Senyè a, Bondye nou an. Paske, Senyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!
32Se #Det 4.2 pou nou toujou fè tou sa mwen mande nou fè la a, san nou pa ni mete ni wete anyen ladan yo.

Chwazi Kounye ya:

Detewonòm 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte