Travay 26

26
Pòl defann tèt li devan Agripa
1Agripa di Pòl:
— Ou mèt pale pou defann tèt ou.
Lè sa a, Pòl lonje men l, epi li fè defans li konsa:
2— Se pa ti kontan mwen kontan, wa Agripa, pou m defann tèt mwen devan ou jòdi a anba tout bagay jwif yo ap plede akize mwen. 3Ou menm ou konnen tout koutim jwif yo ansanm ak kalite kèsyon yo renmen diskite yo byen. Tanpri souple, pran yon ti pasyans pou koute mwen.
4— Tout jwif yo konnen ki jan m mennen tèt mwen depi lè m te jenn gason, ki jan m t'ap viv depi nan konmansman nan mitan moun peyi mwen yo ak nan Jerizalèm. 5Yo #Tra 23.6; Fil 3.5 konnen m depi lontan. Epi, si yo vle, yo ka rann temwanyaj mwen t'ap viv tankou yon farizyen. Farizyen yo se moun ki pi rèd nan relijyon nou an. 6Kounyeya, yo #Tra 28.20 rele m an jijman paske m'ap tann pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. 7Se #Tra 24.15 menm pwomès sa a douz branch fanmi nou yo ap tann lè y'ap sèvi Bondye san rete, lajounen kou lannwit. Se pou menm pwomès sa a jwif yo ap akize mwen, monwa. 8Poukisa, nou menm jwif, nou pa kwè Bondye ka leve moun mouri?
9— Mwen #Tra 9.1-29; 22.3-21 menm tou, yon lè, mwen te kwè se pou m te fè sa m kapab pou disparèt non Jezi, moun Nazarèt la. 10Se sa m te fè lavil Jerizalèm. Mwen te resevwa yon pouvwa espesyal nan men chèf prèt yo pou sa. Mwen te mete anpil patizan Kris yo nan prizon. Lè yo t'ap kondannen yo amò, mwen te dakò nèt ale. 11Anpil fwa, mwen te fè bat yo nan tout sinagòg, mwen te konn fòse yo vire do bay Bondye. Mwen te sitèlman pat vle wè yo, mwen te konn al pèsekite yo jouk nan peyi etranje.
Pòl rakonte konvèsyon li
(Travay 9.1-19; 22.6-16)
12— Se konsa, mwen ta pral Damas avèk pouvwa ansanm ak lòd chèf prèt yo te ban mwen. 13Antan m te sou wout la, vè midi konsa, monwa, mwen wè yon limyè ki sòti nan syèl la pi klere pase solèy la. Li te klere tout kote m te ye a ansanm ak moun ki t'ap vwayaje avè m yo. 14Nou tout nou tonbe atè. Epi mwen tande yon vwa ki di m an lang ebre: Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen? W'ap fè tèt ou mal lè w'ap voye pye konsa tankou yon chwal k'ap voye pye lè mèt li ap bat li. 15Mwen mande: Ki moun ou ye, Senyè? Epi l di m: Mwen se Jezi w'ap pèsekite a. 16Men, #Eze 2.1,3 leve kanpe sou pye ou. Mwen fè ou wè m, se pou ou kapab sèvi mwen. Wi, ou pral sèvi m temwen, ou pral di lòt moun yo jan ou te wè m jòdi a epi w'a fè yo konnen tou sa m'a fè ou wè apre sa. 17M'a #Jer 1.7; 1 Kwo 16.35 delivre ou anba men pèp jwif yo, anba men moun lòt nasyon yo. Se mwen menm k'ap voye ou ba yo, 18pou #Det 33.3; Eza 35.5; 42.7,16; Tra 20.32; Ef 2.2; Kol 1.13 ou kapab louvri je yo, pou fè yo sòti nan fènwa kote yo ye a vin nan limyè, pou wete yo anba pouvwa Satan vin jwenn Bondye. Konsa, lè y'a mete konfyans yo nan mwen, y'a resevwa padon pou tout peche yo, y'a jwenn plas yo nan mitan pèp k'ap viv apa pou Bondye a.
Pòl pale sou travay li
19— Se #Gal 1.16 konsa, wa Agripa, mwen pa dezobeyi vizyon ki te sòti nan syèl la vin jwenn mwen. 20Mwen #Mat 3.8 konmanse bay moun nan lavil Damas ak nan Jerizalèm mesay la. Apre sa, male nan tout peyi Jide ak nan mitan moun lòt nasyon yo. Mwen t'ap mande yo pou yo chanje lavi yo, pou yo tounen vin jwenn Bondye, pou yo fè bagay ki pou fè wè yo chanje tout bon. 21Se #Tra 21.30,31 poutèt sa wi jwif yo mete men sou mwen nan tanp lan, se poutèt sa yo t'ap seye touye mwen. 22Mentou, #Lik 24.44-47 Bondye toujou pwoteje m jouk jòdi a. Mwen la toujou pou m sèvi l temwen devan tout moun, grannèg kou malere. Sa ou wè m'ap di la a, se sa menm pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di gen pou rive. 23Kris #1 Kor 15.20 la te gen pou l soufri. Se li menm ki an premye gen pou l leve sòti vivan nan lanmò pou l fè pèp Izrayèl la ansanm ak tout lòt nasyon yo konnen limyè k'ap delivre yo a.
Pòl mande Agripa konvèti
24Antan Pòl t'ap pale konsa pou defann tèt li, Festis rele byen fò:
— Ou fou, Pòl! Twòp lespri fè ou pèdi tèt ou.
25Pòl reponn li:
— Mwen pa fou non, ekselans. Tout pawòl mwen di la a se verite a tou klè, epi yo gen sans. 26Wa #Jan 18.20 Agripa konn tout bagay sa yo. Se poutèt sa mwen pa pè pale devan li. Mwen sèten li konnen tout bagay sa yo, paske pa gen okenn ladan yo mwen te fè an kachèt. 27Wa Agripa, eske ou pa kwè sa pwofèt yo di? Mwen konnen ou kwè.
28Agripa #Tra 11.26; 1 Pyè 4.16 di Pòl:
— Talè konsa ou pral pran tèt mwen tou pou fè m kretyen?
29Pòl reponn li:
— Kit kounyeya, kit pita, m'ap lapriyè Bondye ni pou ou ni pou nou tout k'ap koute m jòdi a pou yon lè konsa nou vin tankou m, wetan chenn sa yo!
30Wa a, gouvènè a, Berenis ansanm ak tout moun ki te la yo leve.
31Apre yo fin ale, yonn t'ap di lòt:
— Nonm sa a pa fè anyen ki merite prizon, ale wè lanmò.
32Agripa #Tra 25.11 di Festis konsa:
— Si nonm sa a pat mande pou Seza tande l, ou ta ka lage l wi.

Chwazi Kounye ya:

Travay 26: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an