Travay 25

25
Pòl mande pou Seza tande kòz li
1Lè Festis rive nan pwovens lan, sou twa jou li kite Sezare, l'ale lavil Jerizalèm. 2Chèf #Tra 24.1 prèt yo ak tout notab jwif lavil la vin pote plent ba li pou Pòl. 3Yo #Tra 23.15 mande Festis yon favè. Yo mande l pou l fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gentan fè konplo pou touye l sou wout la. 4Men, Festis reponn yo:
— Pòl deja nan prizon Sezare. Mwen menm poutèt pa m, mwen pral tounen Sezare talè konsa. 5Si Pòl fè kichòy ki mal, se pou chèf nou yo desann ansanm avè m, y'a akize l laba a.
6Festis pase wit a dis jou sèlman avèk yo Jerizalèm. Apre sa li tounen Sezare. Nan denmen, l'al chita nan tribinal la, li bay lòd pou yo mennen Pòl. 7Lè Pòl rive, jwif ki te sòti Jerizalèm yo vin kanpe bò kote l, yo pote anpil gwo akizasyon kont li, men yo pat kapab bay okenn prèv. 8Men sa Pòl di pou defann tèt li:
— Mwen pa fè anyen ki kont lalwa jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont Seza.
9Festis #Tra 24.27 menm ki te vle fè jwif yo plezi mande Pòl:
— Eske ou pa ta vle al Jerizalèm pou yo ka jije ou devan m sou zafè sa a?
10Pòl reponn li:
— Se devan tribinal Seza mwen ye, se la pou yo jije mwen. Mwen pa fè jwif yo anyen. Ou konnen sa byen pwòp. 11Si m dezobeyi lalwa, si m fè yon bagay ki merite lanmò, mwen p'ap refize mouri. Men tou, si akizasyon y'ap pote sou mwen yo pa vre, pèsonn pa ka lage m nan men yo. Mwen mande pou Seza tande kòz mwen.
12Lè sa a, Festis fè yon ti pale ak manm konsèy li yo, epi l di:
— Bon. Ou mande pou Seza tande kòz ou, ou pral devan Seza.
Pòl devan Agripa ak Berenis
13Kèk jou apre sa, wa Agripa ak Berenis rive Sezare. Yo te vin di Festis bonjou. 14Yo #Tra 24.27 t'ap pase kèk jou la. Festis pwofite esplike sitirasyon Pòl la bay wa a, li di li:
— Feliks te kite yon nonm nan prizon isit la. 15Lè mwen t'al Jerizalèm, chèf prèt yo ak chèf fanmi jwif yo te vin pote m' plent pou li. Yo mande m' pou mwen kondannen li. 16Mwen reponn yo: Se pa koutim moun lavil Wòm yo pou yo renmèt yon akize bay lènmi l konsa san yo pa mete l fasafas ak moun k'ap akize l yo anvan. Se pou l gen chans defann tèt li tou anba akizasyon yo. 17Se konsa yo vin isit la avèk mwen. Mwen pat pèdi tan mwen. Nan denmen mal chita nan tribinal la, mwen bay lòd pou yo mennen nonm lan. 18Moun ki t'ap akize l yo vin parèt tou, men yo pat bay okenn move zak li te fè, jan m te kwè a. 19Se #Tra 18.15 yon diskisyon sèlman yo te gen avè l sou relijyon yo a ak sou yon nonm yo rele Jezi ki mouri. Men, Pòl sètifye nonm sa a leve, li vivan ankò. 20Mwen pat konn sa pou m te fè ankò pou m te pran enfòmasyon sou kèsyon sa yo. Mwen mande Pòl si l pa ta vle al Jerizalèm pou yo te ka jije l sou zafè sa a la. 21Men, Pòl mande pou Seza tande kòz li. Li mande pou yo kenbe l nan prizon jouk Seza va pran yon desizyon sou ka li. Se konsa mwen bay lòd pou yo pa lage l jouk m'a ka voye l bay Seza.
22Agripa #Lik 23.8 di Festis konsa:
— Mwen ta renmen tande nonm sa a.
Festis reponn li:
— Denmen w'a tande li.
23Se #Mat 10.18 konsa, nan denmen Agripa ak Berenis vin nan mitan yon gwo kòtèj. Yo antre nan sal odyans lan avèk tout chèf militè yo ansanm ak notab lavil la. Festis bay yon lòd, epi yo mennen Pòl vini. 24Apre #Tra 2.7; 22.22 sa, Festis di:
— Wa Agripa, nou tout ki isit la avèk nou, men li! Nou wè nonm sa a. Tout jwif yo vin pote m plent pou li, ni laba Jerizalèm ni isit la. Y'ap plede rele nonm sa a te fèt pou l mouri deja. 25Mwen menm, pou tèt pa m, mwen wè li pa fè anyen ki merite lanmò. Men, li menm li mande pou Seza tande kòz li. Se poutèt sa, mwen pran desizyon voye l bay Seza. 26Mwen pa gen anyen ki sèten pou m ekri sou li. Se poutèt sa mwen fè l konparèt devan nou, devan ou menm sitou, wa Agripa. Konsa m'a jwenn sa pou m ekri lè n'a fin poze l kèsyon. 27Pou mwen menm, sa pa gen sans pou espedye yon prizonye konsa san ou pa di egzakteman kisa li fè.

Chwazi Kounye ya:

Travay 25: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an