Travay 24

24
Jwif yo akize Pòl devan Feliks
1Apre senk jou, Ananyas, granprèt la, rive Sezare ak yon avoka yo rele Tètilis ansanm ak kèk chèf fanmi. Yo parèt devan gouvènè a. Yo te vin pote plent pou Pòl. 2Yo fè rele Pòl. Lè sa a Tètilis konmanse pale, li t'ap akize Pòl konsa:
— Ekselans, se ou ki fè nou gen lapè depi lontan. Se sou gouvènman ou yo fè anpil refòm nesesè pou byen peyi a, tèlman ou gen bon konprann. 3Pou #Tra 23.26; 26.25 tou sa w'ap fè depi lontan toupatou, n'ap di ou mèsi anpil ak tout kè nou. 4Mwen pa vle pran twòp tan ou. Men tanpri souple, pran pasyans, koute sa nou gen pou n di ou la a. Nou p'ap pale anpil. 5Nou #Tra 17.6 fin wè nonm sa a se yon gwo nwizans: l'ap mache fè dezòd nan mitan jwif yo toupatou sou latè. Se chèf gwoup Nazareyen yo li ye. 6Li #Tra 21.28 menm seye derespekte tanp lan. Lè nou wè sa, nou arete l. [Nou te vle jije l dapre Lalwa nou an. 7Men, kòmandan Lizyas antre nan koze a, li aji yon jan brital ak nou, li wete li nan men nou. 8Apre #Tra 23.30 sa, Lizyas bay moun ki t'ap akize l yo lòd pou yo vin parèt devan ou.] Si ou poze nonm sa a kèsyon, w'a wè ou menm tou, ki jan sa n'ap di la a se verite tou klè.
9Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre.
Pòl defann tèt li devan Feliks
10Gouvènè a fè Pòl siy pou l pale. Pòl di:
— Mwen konnen w'ap fè jistis nan peyi a depi lontan. Se ak kè poze mwen vin plede kòz mwen devan ou. 11Ou #Tra 21.17 mèt pran ranseyman, jòdi a fè douz jou depi mwen te moute Jerizalèm pou mal fè sèvis pou Bondye. 12Jwif yo pa jwenn mwen ap diskite ak pèsonn nan tanp lan, yo pa bare m ap moute tèt pèsonn ni nan sinagòg yo ni okenn lòt kote nan lavil la. 13Moun sa yo pa ka bay okenn prèv pou tou sa yo sot di mwen fè a. 14Men, #Tra 24.5 m'ap rekonèt sa devan ou: m'ap sèvi Bondye zansèt nou yo dapre chemen yo pretann di ki pa bon an. Men, mwen kwè tout bagay ki ekri nan lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo. 15Mwen #Da 12.2; Jan 5.28,29 gen espwa sa a, epi mwen konnen yo genyen l tou. Yon jou Bondye gen pou fè tout moun, bon kou mechan, leve sòti vivan nan lanmò. 16Se #Tra 23.1 konsa m'ap fè posib mwen pou m toujou kenbe konsyans mwen san repwòch devan Bondye ak devan moun. 17Apre #Wòm 15.25,26; Gal 2.10 mwen fin pase anpil lanne deyò, mwen tounen Jerizalèm. Mwen te vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an, epi m tou pwofite fè ofrann bèt pou Bondye. 18Men #Tra 21.27 sa m t'ap fè lè yo jwenn mwen nan tanp lan. Mwen te fin patisipe nan jou sèvis pou mete moun nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Pa te gen foul moun avè m, pa te gen kras dezòd. 19Men, te gen kèk jwif ki te sòti nan pwovens Lazi, se yo menm ki te dwe la devan ou pou akize m, si yo te gen kichòy kont mwen. 20Osinon, se pou moun ki isit la di ki move zak yo jwenn mwen te fè lè m te kanpe devan Gran Konsèy la. 21Men #Tra 23.6 sèl pawòl mwen te di byen fò lè m te kanpe devan yo tout la: Se paske mwen kwè mò yo gen pou leve vivan ankò kifè yo rele m an jijman devan nou jòdi a.
22Feliks #Tra 23.26 ki te okouran tout bagay sou relijyon kretyen yo, li ranvwaye jijman an pou pita. Li di yo:
— Lè kòmandan Lizyas vini, m'a fin tande afè a.
23Li #Tra 27.3 bay ofisye ki te reskonsab Pòl la lòd pou l pa lage l, men pou l ba li kèk ti libète, epi pou kite zanmi l yo rann li ti sèvis.
Pòl devan Feliks ak Drisil
24Kèk jou apre sa, Feliks vini avèk Drisil, madanm li, ki te yon jwif. Li voye rele Pòl, li te vle tande sa Pòl te gen pou l di sou konfyans nan Jezikri a. 25Men, lè Pòl pran pale sou jan moun dwe viv byen, sou jan moun dwe kontwole kò yo, sou jou jijman ki gen pou vini an, Feliks sòti pè, li di:
— Bon, kounyeya ou mèt ale. Lè m'a gentan m'a rele ou ankò.
26Li te mete nan tèt li Pòl ta ka ba li lajan. Se poutèt sa plizyè fwa li te fè l vin koze avèk li. 27Dezan #Tra 25.9 pase konsa. Feliks menm ki te vle fè jwif yo plezi te kite Pòl nan prizon tout tan sa a. Apre sa, Pòsiyis Festis vin moute gouvènè nan plas Feliks.

Chwazi Kounye ya:

Travay 24: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an