Travay 27

27
Yo fè Pòl pati pou lavil Wòm
1Lè yo deside pou anbake nou abò pou #Tra 25.12 Itali, yo renmèt Pòl ak kèk lòt prizonye bay Jiliyis, kòmandan batayon Seza. 2Nou #Tra 19.29; 20.4 anbake sou yon batiman ki te sòti lavil Adramit ki ta pral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedouàn, te avèk nou. 3Nan #Tra 24.23; 28.2,16 denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l pèmisyon pou l'al wè zanmi l yo pou l'al chache sa l te bezwen. 4Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat zile chip, nou lonje lakòt la sou anwo. Paske van an te kontrè pou nou lòt bò a. 5Nou travèse lanmè a devan Silisi ak Panfili, nou rive lavil Mira nan Lisi. 6Antan nou la, kòmandan an jwenn yon batiman ki te sòti lavil Aleksandri ta pral an Itali. Li fè nou anbake sou li.
7Pandan plizyè jou, nou vwayaje ti pa ti pa. Se pa ti traka anvan nou te ka rive devan lavil Nid. Van an pa te ban nou chans pou n'al pi lwen nan kap sa a. Nou te blije desann pase devan Kap Salome epi vire desann anba zile Krèt. 8Nou lonje kòt la avèk anpil traka jouk nou rive yon kote yo rele Bon Pò, toupre lavil Laze.
9Nou #2 Kor 11.25,26; Lev 16.29 te deja pèdi anpil tan, jou pou jwif yo te fè jèn yo te deja pase. Lè sa a se te gwo danje pou moun vwayaje. 10Se poutèt sa Pòl ba yo konsèy sa a:
— Mesye, mwen wè vwayaj la pral gen gwo danje ladan li: n'ap pèdi chay la ansanm ak batiman an. Ata moun ka mouri tou.
11Men, kòmandan women an te gen plis konfyans nan pawòl kaptenn lan ak amatè batiman an pase nan pawòl Pòl. 12Pò a pa te bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa, pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t'ap pran chans rive Feniks, yon lòt pò nan zile Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon sidwès nòdwès. Konsa yo ta ka pase sezon fredi a la.
Yon gwo van bare yo sou lanmè
13Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Feniks. Yo leve lank, yo pran lonje lakòt zile a. 14Men yon lòt moman, yon gwo van nòde desann soti nan mòn zile a. 15Li pran trennen batiman an. Pat gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l pote n ale. 16Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a. 17Yo rale l moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pat al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou. 18Gwo van an t'ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo. 19Nan denmen ankò, maren yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo. 20Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t'ap soufle byen fò toujou. Lè n wè sa, nou pèdi tout espwa sove.
21Moun ki te abò yo pat manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa:
— Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pat dwe sòti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo. 22Men, kounyeya, m'ap di nou pran kouray. Pèsonn p'ap mouri. Se batiman an ase k'ap pèdi. 23Yèswa, Bondye m'ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj bò kote mwen, 24li #Tra 23.11 di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k'ap vwayaje ansanm avèk ou yo. 25Se poutèt sa, mesye, pran kouray. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l rive jan li di m lan. 26Men, #Tra 28.1 nou pral chwe sou yon zile.
27Sa te fè katòz nwit deja. Van an t'ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, maren yo vin santi nou t'ap pwoche bò yon tè. 28Yo mare yon sonn nan yon liny, yo lage l nan fon. Yo jwenn dlo a te gen ven bras. Pi devan ankò yo lage liny lan, yo jwenn kenz bras ase. 29Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t'ap tann solèy la leve. 30Maren yo menm t'ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo ta pral mare kèk lank devan batiman an. 31Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo:
— Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p'ap sove.
32Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l ale. 33Anvan #Tra 27.27 solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo:
— Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n'ap tann. 34Tanpri, #1 Sam 14.45; 2 Sam 14.11; Mat 10.30 kounyeya, mete kichòy nan vant nou. N'a byen bezwen l pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p'ap pèdi.
35#Jan 6.11; 1 Tim 4.4; Lik 22.19 li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l konmanse manje. 36Tout moun reprann kouray. Yo menm tou yo manje. 37Te gen desanswasannsèz (276) #27.37: desanswasannsèz (276): Gen maniskri ki bay desanswasannkenz (275), gen lòt maniskri ki bay swasanndisèt, gen lòt ki bay swasannsèz konsa. moun antou abò batiman an. 38Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an.
Bato a fè nofraj
39Lè solèy leve, maren yo pat rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la. 40Yo lage lank. Yo demare kòd ki kenbe zaviwon gouvènay la. Yo ise vwal devan batiman an pou van an pouse li tou dwat devan yo. Yo mete kap sou rivaj la. 41Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t'ap fin kraze li.
42Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pat naje sove. 43Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y'al atè. 44Lòt #Tra 27.22-25 moun yo va swiv apre, y'a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.

Chwazi Kounye ya:

Travay 27: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an