2 Samyèl 23

23
Dènye pawòl David
1Koute pawòl David bay, Pawòl David, #1 Sam 16.12,13; 2 Sam 7.8,9; 1 Wa 2.1-9; Sòm 78.70,71; 89.19,20 pitit Izayi, Nonm Bondye leve byen wo a, David, Bondye Jakòb la chwazi pou wa a, Nonm pèp Izrayèl renmen lwanje a, Men sa David di:
2Se #Mak 12.36; 2 Pyè 1.21 lespri Senyè a k'ap pale nan mwen.
Se mesay li k'ap sòti nan bouch mwen.
3Bondye #Jen 20.11; 2 Sam 22.2,3; 2 Kwo 19.7,9 pèp Izrayèl la pale.
Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m konsa:
Chèf k'ap gouvènen san patipri,
k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,
4ap #Jij 5.31; Sòm 72.6; Pwo 4.18; Oze 6.5 tankou solèy k'ap leve byen klere nan maten,
nan yon syèl klè san yon ti nyaj ladan l.
L'ap tankou solèy k'ap fè zèb pouse apre lapli.
5Se #2 Sam 7.15,16; Sòm 89.29; Eza 55.3 konsa Bondye pral beni tout ras mwen,
paske li te pase yon kontra avè m pou tout tan,
yon kontra ki p'ap janm kase,
yon pwomès ki p'ap janm chanje.
Nan tout sikonstans l'ap fè m genyen.
L'ap ban mwen tou sa mwen vle.
6Men, moun ki pa konn Bondye yo,
y'ap tankou pikan y'ap voye jete.
Pèsonn p'ap manyen yo ak men.
7Pou manyen yo se pou ou gen yon bout fè osinon yon frenn.
Lèfini, ou boule yo nèt nan dife.
Vanyan sòlda lame David la
(1 Kwonik 11.10-46)
8Men #1 Kwo 11.11-47 non #1 Kwo 27.2,4 vanyan sòlda David yo: Premye a te rele Jochèb Bachebèt, moun lavil Tachemon. Se li menm ki te chèf Twa pi vanyan yo. Pou kont li, li goumen ak frenn li ak witsan (800) moun. Li touye tout yon sèl kou. 9Dezyèm lan te rele Eleaza, pitit Dodo, pitit yon moun lavil Awoya. Se te yonn nan Twa pi vanyan yo. Yon jou, li menm ak David, y'al atake moun Filisti yo ki te sanble pou goumen. Sòlda pèp Izrayèl yo te kouri pou batay la. 10Men, #1 Sam 11.13; 19.5 li menm, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li touye moun jouk li gen lakranp nan men l. Li pat ka louvri men l pou l lage nepe a. Jou sa a, Senyè a goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. Apre sa, lame pèp Izrayèl la tounen kote Eleaza te ye a, yo pran tou sa lènmi yo te kite. 11Twazyèm lan te rele Chama, pitit gason Age, moun lavil Ara. Yon jou, moun Filisti yo te sanble lavil Lechi, kote ki te gen yon gwo jaden pwa. Sòlda pèp Izrayèl yo t'ap kouri pou moun Filisti yo. 12Men Chama rete kanpe nan mitan jaden pwa a, li kenbe tèt ak moun Filisti yo, li bat yo byen bat. Se konsa Senyè a te goumen byen goumen jouk li touye tout lènmi yo. 13Yon #1 Sam 22.1; 2 Sam 5.18 lòt jou, nan sezon rekòt, twa nan gwoup trant yo al jwenn David nan gwòt Adoulam lan. Lame moun Filisti yo te moute kan yo nan plenn Refrayim yo. 14#1 Sam 22.4,5 sa a, David te nan ti fò a. Yon gwoup moun Filisti te pran lavil Betleyèm. 15Yon sèl anvi pran David, li di konsa: Ki moun ki va fè m bwè ti gout dlo nan pi ki nan pòtay lavil Betleyèm lan? 16Lamenm, twa mesye yo desann nan kan moun Filisti yo, yo pran dlo nan pi ki te nan pòtay lavil Betleyèm lan, yo pote l vin bay David. Men, David refize bwè dlo a. Li vide l atè, li ofri l bay Senyè a. 17Li #Lev 17.14 di konsa: Senyè, mwen pa gendwa bwè dlo sa a. Se tankou si m ta bwè san mesye sa yo ki te riske lavi yo pou al chache l. Se konsa li derefize bwè dlo a. Se sa twa vanyan sòlda sa yo te fè. 18Abichayi, frè Joab, pitit Sewouja, te chèf gwoup trant yo. Pou kont li, avèk yon frenn nan men l, li goumen ak twasan (300) moun, li touye yo. Se konsa, tout moun t'ap nonmen non l nan gwoup trant lan. 19Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pa janm rive fè sa Twa pi vanyan yo te fè. 20Benaja, #2 Sam 8.18; 20.23; 1 Kwo 27.5 pitit gason Jeojada a, moun lavil KabSenyèl, te pitit pitit yon vanyan sòlda. Li te fè anpil bagay ki fè wè li pat manke kouray. Se li menm ki te touye de pitit Ariyèl yo, #23.20: de pitit Ariyèl yo: Se sa nou jwenn nan vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay de nan pitit Ariyèl yo. moun lavil Mowab. Yon jou, lanèj t'ap tonbe, li desann nan yon sitèn dlo pou li touye yon lyon. 21Se li menm ki te touye yon moun peyi Lejip, yon potorik gason bèl wotè, ki te gen yon frenn nan men l. Li menm, li atake l ak yon baton ase. Li wete frenn lan nan men moun Lejip la epi li touye l avè l. 22Men sa Benaja, pitit gason Jeojada a, te fè. Se konsa tout moun t'ap nonmen non l nan gwoup Trant lan. 23Se non li yo t'ap nonmen pi plis nan Trant yo. Apre sa, li vin chèf yo. Men, li pat janm rive fè sa twa pi vanyan yo te fè. David te mete l chèf gad kò li. 24Nan #2 Sam 2.18; 1 Kwo 27.7 gwoup Trant lan te gen ankò:
Asayèl, frè Joab la,
Elanan, pitit gason Dodo, moun lavil Betleyèm,
25Chama #1 Kwo 27.8 ak Elika, moun lavil Awòd,
26Elèz, #1 Kwo 27.9,10 moun lavil Pelèt,
Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa,
27Abyezè, #1 Kwo 27.11,12 moun lavil Anatòt,
Mebounayi, moun lavil Oucha,
28Salmon, #1 Kwo 27.13 moun lavil Awoya,
Marayi, moun lavil Netofa,
29Elèb, #1 Kwo 27.15 pitit gason Bana, moun lavil Gibeya nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Benjamen yo,
30Benaja, #1 Kwo 27.14 moun lavil Piraton,
Idayi, moun Ravin Gach yo,
31Abyalbon, moun lavil Araba,
Azmavèt, moun lavil Baawoun,
32Elyaba, moun lavil Chalbon,
pitit gason Joachenn yo,
Jonatan,
33Chama, moun lavil Ara,
Akiyam, pitit gason Chara, moun lavil Ara,
34Elifelèt, #2 Sam 11.3; 15.12 pitit gason Asbayi, moun lavil Maka,
Elyam, pitit gason Achitofèl, moun lavil Gilo,
35Ezarayi, moun lavil Kamèl,
Parayi, moun lavil Arab,
36Igal, #2 Sam 8.3 pitit gason Natan, moun lavil Zoba,
Bani, moun lavil Gad,
37Zelèk, moun lavil Amon,
Nakarayi, moun lavil Bewòt, se li menm ki te pote zam Joab, pitit Sewouya a,
38Ira ak Garèb, nan fanmi Jetè a,
39Ouri, #2 Sam 11.3,6 moun lavil Et la.
Antou, te gen trannsèt vanyan sòlda.

Chwazi Kounye ya:

2 Samyèl 23: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an