Bondye pèp Izrayèl la pale.
Moun k'ap pwoteje pèp Izrayèl la di m konsa:
Chèf k'ap gouvènen san patipri,
k'ap gouvènen avèk krentif pou Bondye,
ap tankou solèy k'ap leve byen klere nan maten,
nan yon syèl klè san yon ti nyaj ladan l.
L'ap tankou solèy k'ap fè zèb pouse apre lapli.