2 Samyèl 22

22
David di Bondye mèsi
(Sòm 18)
1Lè Senyè a te fin delivre David anba men #Egz 15.1; Jij 5.1; 1 Kwo 16.7 Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Senyè a. 2Li #Sòm 18.2-50 di #Det 32.4; Sòm 28.8; 31.3; 71.3; 91.2; 144.2 konsa:
— Senyè, se ou menm ki twou wòch kote m kache a.
Se ou menm ki sèvi m ranpa.
Se ou menm ki delivre m.
3Ou #Jen 15.1; 1 Sam 2.1; 2 Sam 22.31,32,47; Sòm 9.9; 46.7,11; 59.16; 62.2; Jer 16.19; Lik 1.69; Eb 2.13 se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m.
Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen.
Se ou ki tout defans mwen.
Se fòs ou k'ap sove m.
Se anba zèl ou m jwenn kote pou m kache.
Se ou ki delivrans mwen.
Se ou ki delivre m anba mechan yo.
4Mwen #Sòm 48.1; 96.4 rele Senyè a,
li delivre m anba lènmi m yo.
Lwanj pou Senyè a!
5Lanmò #Sòm 42.7; Jo 2.3 te fin vlope m,
mwen te pè lè m wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
6Privye #Sòm 116.3 lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou.
Kote m vire, mwen wè lanmò devan m.
7Nan #Sòm 116.4; 120.1; Jo 2.2 mizè mwen te ye a mwen rele Senyè a,
Mwen mande Bondye mwen sekou.
Kote l chita lakay li a, li tande vwa mwen.
Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
8#Jij 5.4; Sòm 77.18; 97.4 sa a, latè pran tranble, li souke,
Fondasyon syèl la pran souke,
Yon sèl frison pran yo paske Bondye te ankòlè.
9Lafimen #Sòm 97.3; Aba 3.5; Rev 11.5 t'ap sòti nan twou nen li.
Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap sòti nan bouch li.
10Li #Egz 20.21; 1 Wa 8.12; Sòm 97.2; 144.5; Eza 64.1 bese syèl la, li desann
ak yon gwo nyaj nwa anba pye li.
11Li #Sòm 104.3 moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole.
Yon kouran van t'ap pouse l ale.
12Li te kache kò l nan fènwa.
Yon gwo nyaj pwès plen dlo te vlope l toupatou.
13Anpil chabon dife tou limen
t'ap sòti nan gwo limyè ki t'ap klere devan li an.
14Senyè a #Jòb 37.4; Sòm 29.3; 104.7; Eza 30.30 pran gwonde nan syèl la.
Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
15Li #Det 32.23; Sòm 7.13; 77.17; 144.6; Aba 3.11 voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m yo,
li fè yo tout kouri ak kout zeklè.
16#Egz 15.8; Sòm 104.5 ou ankòlè, Senyè, van soti ak fòs nan twou nen ou.
Lè konsa, moun wè fon lanmè a,
Fondasyon latè parèt aklè.
17Senyè a #Sòm 144.7 rete nan syèl la, li lonje men l, li pran m.
Li rale m sòti nan mitan gwo dlo yo.
18Li delivre m anba gwo lènmi m yo,
anba tout moun sa yo ki te rayi m,
epi ki te pi fò pase m.
19Lè m te nan tray, yo pwofite atake m.
Men, Senyè a te kenbe m.
20Li #Sòm 31.8; 118.5 wete m nan move pa a.
Li delivre m paske li renmen m.
21Senyè a #1 Sam 26.23; Sòm 7.8; 24.4 ban m sa m merite,
paske li wè m mache dwat devan li.
Li ban m benediksyon paske li wè mwen inonsan.
22Mwen #Jen 18.19 te obeyi lalwa Senyè a,
mwen pa janm vire do bay Bondye.
23Mwen #Sòm 119.30,102 fè tou sa ki nan lalwa li,
mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
24Li #Jen 6.9; 17.1; Jòb 1.1 konnen mwen pa antò.
Mwen kenbe kò m pou m pa fè sa ki mal.
25Se #1 Wa 8.32 konsa li ban m sa m merite,
paske mwen mache dwat devan li,
paske li wè mwen inonsan.
26Ou #Mat 5.7; Jak 2.13 menm, Senyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo,
ou bon ak moun ki bon.
27Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou,
men ou malen ak moun ki malen.
28Ou #Sòm 72.12,13; Eza 2.11,12,17; Lik 1.51 sove moun ki soumèt yo de-van ou.
Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo.
29Senyè, #Jòb 29.3; Sòm 27.1 ou se limyè mwen.
Se ou ki wete m nan fènwa kote m te ye a.
30Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m yo ki ame jouk nan dan.
Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
31Bondye #Det 32.4; 2 Sam 22.3; Sòm 5.12; 12.6; 33.20; 59.11; Pwo 30.5; Mat 5.48 o! Tou sa ou fè bon nèt ale.
Ou pa gen de pawòl.
Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
32Ki #Det 4.35; 1 Sam 2.2 moun ki Bondye si se pa Senyè a?
Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an?
33Se #2 Sam 22.2 Bondye ki pwoteje m avè fòs li.
Li fè m mennen yon lavi san repwòch.
34Li #Det 32.13; 33.29; Eza 58.14 asire pye m tankou pye kabrit,
li fè m mache sou mòn yo san m pa tonbe.
35Li #Sòm 144.1 moutre m jan pou m goumen.
Li ban m fòs pou m sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
36Se ou menm, Senyè, ki pwoteje m. Se ou ki sove m.
Si m kapab leve kanpe, se paske ou renmen m.
37Ou #Pwo 4.12 pa kite yo bare wout mwen.
Mwen pa janm pèdi pye.
38Mwen kouri dèyè lènmi m yo, mwen bat yo.
Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nèt.
39Mwen jete yo atè, m kraze yo, yo pa ka leve.
Yo tonbe, mwen mete pye m sou kou yo.
40Ou #Sòm 44.5 ban m kont fòs pou m goumen.
Ou fè lènmi m yo mande m padon.
41Ou #Egz 23.27 fè yo kouri devan m.
Mwen disparèt tout moun ki rayi m yo.
42Y'ap #1 Sam 28.6; Pwo 1.28; Eza 1.15; Mi 3.4 mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo.
Y'ap rele Senyè a, men li pa reponn yo.
43Mwen #2 Wa 13.7; Eza 10.6 kraze yo fè yo tounen pousyè.
M pilonnen yo, m mache sou yo tankou sou labou nan lari.
44Ou #2 Sam 8.1-14 delivre m anba pèp rebèl sa a.
Ou fè m rete chèf pou m gouvènen tout nasyon yo tou.
Pèp mwen pat konnen, se yo menm k'ap sèvi m.
45Moun #Det 33.29; Sòm 66.3; 81.15 lòt peyi yo ap achte figi m.
Kou yo tande vwa m, yo obeyi m.
46Yo #Mi 7.17 pèdi tout kouray yo.
Yo sòti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa.
47Konpliman #Det 32.15; Sòm 89.26; 95.1 pou Senyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an!
Se Bondye ki delivre m, se li menm ki pwoteje m.
Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
48Se #Sòm 144.2 Bondye ki pran revanj mwen.
Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
49Ou #Sòm 44.5; 59.1 sove m anba men lènmi m yo.
Ou wete m anba men moun ki t'ap konbat mwen yo.
Ou delivre m anba ansasen yo.
50Se #Wòm 15.9 poutèt sa m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye.
M'a chante pou fè lwanj ou.
51Bondye #2 Sam 7.12; Sòm 89.20,29; 144.10 delivre wa li a anpil fwa.
Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a,
ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Chwazi Kounye ya:

2 Samyèl 22: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an