2 Wa 19

19
Ezekyas mande Ezayi konsèy
(Ezayi 37.1-7)
1Lè wa Ezekyas tande pawòl sa yo, #2 Kwo 32.20-22; Eza 37.1-38 li #2 Sam 3.31 chire rad sou li, tèlman sa te fè li lapenn. Li mete rad tristès li sou li epi l'ale nan Tanp Senyè a. 2Li voye Elyakim, chèf moun k'ap travay nan palè a, ak Chebna, sekretè a, ansanm ak chèf prèt yo, bò kote Ezayi, pitit Amòz la. Yo tout te gen rad tristès yo sou yo. 3Men mesay Ezekyas te ba yo pou Ezayi:
— Jodi a se jou malè pou nou! Bondye ap pini nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lezo, men ki pa gen fòs pou li pouse pitit la sòti. 4Wa #1 Sam 17.26; 2 Wa 18.35; 19.16; Eza 1.9; 4.3 peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Senyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l pini moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.
5Lè moun wa Ezekyas yo al jwenn Ezayi, 6men #2 Wa 18.22-25,30-35; Eza 7.4 repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas:
— Men sa Senyè a voye di ou: Ou pa bezwen pè tout pawòl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen. 7Mwen #2 Wa 19.37 pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l. Rive li rive, m'ap fè yon moun touye l.
Wa Lasiri a voye mesay bay Ezekyas
(2 Kwonik 32.17; Ezayi 37.8-13)
8Chèf #2 Wa 18.14 gad palè a te vin konnen wa Lasiri a te pati kite Lakis pou l te al atake lavil Libna. Se la l'al jwenn wa a, 9paske wa a te pran nouvèl Tiraka, wa peyi Letyopi a, t'ap moute vin atake l. Wa a voye lòt mesaje ankò bò kote Ezekyas. 10Li #2 Wa 18.5,30 di yo:
— Men mesay n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mèt tande Bondye ou la, Bondye ou fè konfyans la, di ou Jerizalèm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l twonpe ou. 11Ou te pran nouvèl sa wa Lasiri yo te fè tout lòt peyi anvan ou yo. Yo te sòti pou detwi yo nèt. Atò, se ou menm ki pou ta chape anba men m! 12#Jen 11.31; 2 Wa 17.6; 18.33 zansèt mwen yo te touye dènye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezèf ak dènye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, eske bondye nasyon sa yo te delivre yo? 13Kote #2 Wa 18.34 wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a?
14Ezekyas pran lèt la nan men mesaje yo, li li l. Apre sa, li pati al nan Tanp lan, li mete lèt la devan lotèl Senyè a. 15Epi #Egz 25.22; 1 Sam 4.4; Ney 9.6; Sòm 80.1; 86.10; Eza 44.6; Jer 10.10,12 li lapriyè Senyè a, li di l konsa:
— Senyè ki gen tout pouvwa, Bondye pèp Izrayèl la, ou menm ki chita sou fòtèy zanj cheriben yo ap pote sou zepòl yo a, se ou menm sèl Bondye k'ap gouvènen tout peyi sou latè. Se ou menm ki fè syèl la ak latè a. 16Panche #2 Wa 19.4; Sòm 31.2; Da 9.18 zòrèy ou non, Senyè, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wè. Koute pawòl Senakerib voye di m, pawòl ki manke Bondye vivan an dega! 17Nou konnen, Senyè, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo. 18Yo #Sòm 115.4; Eza 40.19,20 te boule tout bondye yo paske se pa te bondye yo te ye. Se estati bwa, estati wòch moun fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo. 19Kounyeya, Senyè, #Egz 9.16; Joz 4.24; 1 Wa 18.37; Ney 9.6; Sòm 83.18; 86.10 Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Senyè, ki Bondye.
Ezayi voye repons bay Ezekyas
(Ezayi 37.20-38)
20Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesay sa a bay Ezekyas:
— Ou te lapriyè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou. 21Men #Sòm 109.25; Lam 2.15 pawòl Senyè a di sou Senakerib:
Lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib.
Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.
22Ki #2 Wa 19.4,6; Eza 5.24 moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa?
Sou ki moun ou pale fò konsa?
Ki moun w'ap klere je ou gade konsa?
Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.
23Ou #2 Wa 18.17; Sòm 20.7 voye moun ou yo vin manke Bondye dega.
Ou deklare: O wi, avèk tout kalite cha lagè m yo,
mwen moute sou tèt tout mòn,
ata sou tèt mòn Liban an.
Mwen koupe pi gwo pye sèd li yo,
pi bèl pye rezen li yo.
Mwen rive jouk anwo nèt sou tèt li,
nan mitan rakbwa li yo ki tankou bèl jaden.
24Mwen #Eza 19.6 fouye pi nan peyi moun lòt nasyon yo, mwen bwè dlo.
Mwen cheche dlo nan tout larivyè Lejip yo
pou sòlda mwen yo pase san pye yo pa mouye.
25Ou #Eza 10.5-7; 45.5-7 pat konnen gen lontan
depi mwen te fè lide pou tou sa te rive?
Gen lontan depi sa te nan tèt mwen?
Kounyeya, mwen kite sa rive,
pou m te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.
26Moun ki te rete la te san fòs.
Yo te pè, yo pat konn sa pou yo fè.
Yo te tankou raje nan jaden, tankou zèb gazon,
tankou raje k'ap pouse sou do kay,
tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi.
27Mwen #Sòm 139.2 konnen lè ou chita.
Mwen konnen lè ou sòti,
mwen konnen lè ou rantre.
Mwen konnen ou fin anraje sou mwen.
28Kounyeya, mwen #Eze 29.4; 38.4 vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan.
Se poutèt sa, mwen mete yon fè won nan bwa nen ou,
ak yon mò nan bouch ou.
Mwen pral fè ou pran
menm chemen ou te pran pou vini an pou ou tounen.
29Apre #Egz 3.12; 1 Sam 2.34; 2 Wa 20.8,9; Eza 7.11,14 sa, Izayi di wa Ezekyas konsa:
— Men sa ki pral sèvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rès grenn ki te tonbe atè. Lanne k'ap vin apre sa a, n'a manje grenn nou pat plante. Men, apre sa ankò, n'a ka plante, n'a ka fè rekòt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen. 30Rès #Eza 10.20-22 moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye. Y'a kanpe ankò.
31Va #Eza 9.7 gen yon ti rès moun nan lavil Jerizalèm
ak sou mòn Siyon an ki va chape.
Se Senyè ki gen tout pouvwa a ki sòti pou fè sa,
paske li renmen ou anpil.
32Men sa Senyè a di sou wa peyi Lasiri a:
Li p'ap mete pye l nan lavil sa a.
Li p'ap gentan voye yon sèl grenn flèch sou li.
P'ap gen yon sèl sòlda ak plak pwotèj k'ap pwoche bò kote l.
Ni yo p'ap fouye twou pou sènen l.
33Chemen li te pran pou l vini an,
se li menm l'ap pran pou l tounen.
Li p'ap mete pye l nan lavil sa a.
Se mwen menm, Senyè a menm, ki di sa.
34M'ap #1 Wa 11.13; 2 Wa 20.6; Eza 31.5 pwoteje lavil sa a.
M'ap delivre l pou m fè respè tèt mwen,
pou m kenbe pwomès mwen te fè David, sèvitè m lan.
35Menm #Egz 12.23; 2 Sam 24.16 jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Senyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil (185.000) sòlda. Nan maten, lè moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri. 36Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati, li tounen lavil Niniv. 37Yon #2 Wa 19.7 jou, antan wa a t'ap fè sèvis nan tanp Niswòk, bondye li a, de nan pitit gason l yo touye l ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelèk ak Sarezè. Se yon lòt nan pitit gason li yo ki te rele Asaradon ki moute wa nan plas li.

Chwazi Kounye ya:

2 Wa 19: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte