2 Wa 18

18
Ezekyas, wa peyi Jida
(2 Kwonik 29.1-2)
1Oze, pitit Ela, t'ap mache sou twazan #2 Wa 16.2; 17.1; Mat 1.9 depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Ezekyas, pitit gason Akaz, moute wa nan peyi Jida. 2#2 Kwo 29.1,2 sa a, li te gen vennsenkan. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan ventnevan. Manman l te rele Abi. Se te pitit fi Zakari. 3Li #2 Wa 20.3; 2 Kwo 31.20 te mache dwat devan Senyè a, li te fè menm jan ak David, zansèt li a. 4Se #Egz 23.24; Nonb 21.8,9; Det 16.21; 2 Wa 17.16; 18.22; 2 Kwo 31.1 li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze fè miyèt moso estati sèpan Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a, pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele li Newouchtan.
5Ezekyas #2 Wa 23.25 te mete tout konfyans li nan Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Peyi Jida a pa janm gen yon wa tankou l, ni anvan l ni apre l. 6Li #Det 10.20 te kenbe Bondye li fèm, li pat janm dezobeyi l. Li te fè tou sa Senyè a te mande dapre lòd Senyè a te bay Moyiz. 7Se #Jen 39.2; 2 Wa 16.7 poutèt sa, Senyè a te toujou la avè l. Tou sa li te fè te byen sòti.
Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li. 8Li bat moun peyi Filisti yo, li kouri dèyè yo rive lavil Gaza ak sou fontyè l yo, li piye dènye kote yo te rete, depi ti bouk avanpòs yo rive nan gwo lavil ak ranpa yo.
Lavil Samari tonbe
9Ezekyas #2 Wa 17.3-7 t'ap mache sou katran depi li te wa nan peyi Jida, Oze, pitit Ela a menm, te gen setan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Salmanaza, wa peyi Lasiri a, anvayi peyi Izrayèl, li sènen lavil Samari. 10Sou bout twazan, li pran lavil la. Lè sa a, Ezekyas t'ap mache sou sizan depi li te wa, Oze menm te gen nevan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl. 11Salmanaza #1 Kwo 5.26 fè tout moun peyi Izrayèl yo prizonye. Li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan an, yon pati nan lavil peyi Medi yo.
12Lavil #Oze 13.16 Samari te tonbe paske moun pèp Izrayèl yo pat obeyi Senyè a, Bondye yo a. Yo pat respekte kontra li te pase ak yo a. Yo pat fè tou sa Moyiz, sèvitè Senyè a, te mande yo fè. Yo pat koute l.
Senakerib anvayi peyi Jida
(2 Kwonik 32.1-19; Ezayi 36)
13Wa #2 Kwo 32.1-20; Eza 36.1-22 Ezekyas t'ap mache sou katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa Lasiri, vin atake tout vil ak gwo ranpa peyi Jida yo. Li pran yo. 14#2 Wa 23.33 sa a, Ezekyas, wa peyi Jida, voye yon mesay bay Senakerib ki te lavil Lakis. Li di l konsa:
— Sa m fè a mal. Tanpri, pa atake m ankò. Nenpòt kisa w'a egzije m bay, m'ap ba ou li.
Wa peyi Lasiri a egzije pou Ezekyas, wa peyi Jida a, ba li dis tòn ajan ak yon tòn lò. 15Ezekyas #2 Wa 16.8 ba li tout ajan ki te nan Tanp Senyè a ak nan trezò palè a. 16Li dekale tout lò li menm li te fè plake sou pòt ak chanbranm pòt Tanp Senyè a, li voye yo bay wa peyi Lasiri a. 17Apre #Eza 7.3 sa, wa peyi Lasiri a rete lavil Lakis li voye kòmandan chèf lame li a, chèf gad pèsonèl li a ak chèf gad palè li a ansanm ak yon gwo lame bò kote Ezekyas. Yo moute lavil Jerizalèm pou atake l. Lè yo rive la, yo moute kan yo sou wout ki mennen nan jaden kote yo lave twal ki fenk tenn yo, toupre kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la. 18Yo #Eza 22.15,20 voye chache wa a. Men se twa otorite ki sòti vin jwenn yo. Se te Elyakim, pitit Ilkija a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a. 19Chèf gad palè wa Lasiri a di yo konsa:
— Ale di wa Ezekyas men mesay gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li: Poukisa ou gen tout konfyans sa a? 20Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase, san ou pa bezwen lespri ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye pou ou kenbe tèt ak mwen konsa? 21Anhan #Eza 30.2,3,7; Eze 29.6,7 w'al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon branch banbou tou kase! Anvan ou gentan apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè li konfyans. 22Nou #2 Wa 18.4; 2 Kwo 31.1 pral di m kounyeya se nan Senyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini, li mande tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm pou yo vin devan yon sèl lotèl la? 23Antann nou avè mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m'ap ban nou demil (2.000) chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo. 24Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi se sou peyi Lejip w'ap konte pou jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè? 25Epitou, pa konprann se san konsantman Senyè a mwen vin atake peyi a pou m detwi l. Se Senyè a menm ki di m atake peyi ou la pou m detwi l.
26#Esd 4.7; Da 2.4 sa a, Elyakim, pitit Ilkija a, Chebna ansanm ak Joak, di chèf gad palè a:
— Tanpri, mèt. Pale arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men, pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute.
27Men chèf gad palè a reponn yo nan lang ebre:
— Anhan! Atò nou konprann se pou wa nou an ansanm ak nou twa ki la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo! Detwonpe nou tande. M'ap pale ak tout moun ki chita sou miray la tou. Paske yo menm tou, yo pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou!
28Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò nan lang ebre, li di konsa:
— Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou. 29Li voye di nou pa kite Ezekyas twonpe nou. Li pa ka sove nou tande. 30Pa #2 Wa 19.10 kite l pran tèt nou lè l'ap di nou nou mèt sèten Senyè a pral sove nou, Senyè a p'ap lage lavil la nan men wa peyi Lasiri a. 31Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l, pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout ka manje rezen nan jaden rezen nou, n'a ka manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a ka bwè dlo nan pi nou. 32#Egz 3.8; Det 8.7,8 wa a va vin isit la pita, l'a pran nou, l'a mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven, yon peyi kote ki gen pye oliv pou fè lwil oliv ak anpil siwo myèl. Konsa n'a viv, nou p'ap mouri. Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Senyè a va delivre nou. 33Eske #2 Wa 19.12; Eza 10.10,11 bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a? 34Kote #2 Wa 17.24; 19.13; Eza 10.9,11 bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo, moun Ena ak moun Iva yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l? 35Nan #Da 3.15 tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove moun yo anba men l? Poukisa atò se Senyè a ki pou ta sove lavil Jerizalèm anba men l?
36Men pèp la pa louvri bouch reponn, yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pèsonn pa reponn. 37Apre #Joz 7.6; 2 Wa 18.18 sa, Elyakim, pitit Ilkija a, ki chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a ak Joak, pitit Azaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.

Chwazi Kounye ya:

2 Wa 18: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte