2 Wa 20

20
Maladi Wa Ezekyas la
(2 Kwonik 32.24-26; Ezayi 38.1-8)
1Nan menm epòk sa a, Ezekyas tonbe #Eza 38.1-8,21,22 malad, #2 Kwo 32.24 yon maladi ki pa bay chans. Pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, vin wè li. Li di:
— Men sa Senyè a voye di ou. Ou mèt mete lòd nan zafè ou paske ou pral mouri. Pa gen rechap pou ou.
2Ezekyas vire figi l bay panno a fas, li lapriyè Senyè a. 3Li #2 Wa 18.3; Ney 5.19; Sòm 39.12,13 di:
— Tanpri Senyè! Chonje jan mwen te sèvi ou ak tout kè mwen san m'pa vire do ba ou! Mwen te toujou fè sa ou vle mwen fè.
Epi li kriye kont kriye li. 4Lè Ezayi kite wa a, li pat ankò sòti nan lakou ki nan mitan palè a lè Senyè a pale avè l, li di l konsa:
5— Tounen #1 Sam 9.16; Sòm 56.8 al jwenn Ezekyas, chèf pèp mwen an. W'a di l pou mwen. Men sa Senyè a, Bondye David, zansèt ou a, voye di ou. Mwen tande lapriyè ou. Mwen wè jan sa fè ou mal, m'ap geri ou. Nan twa jou w'ap kanpe, ou pral nan Tanp Senyè a. 6M'ap #2 Wa 19.34 kite ou viv kenzan ankò, m'ap delivre ou, ou menm ansanm ak lavil Jerizalèm anba men wa Lasiri a. M'a pwoteje lavil la poutèt David sèvitè m lan, ak poutèt mwen.
7Ezayi mande pou yo fè yon konprès figfrans mete sou maleng wa a. Yo fè sa vre, epi wa a geri. 8Lè sa a, wa a mande Ezayi:
— Kisa ki pral fè m konnen Senyè a pral geri m pou nan twa jou m ka al nan Tanp Senyè a?
9Ezayi #2 Wa 19.29 reponn li:
— Men siy Senyè a pral fè ou wè pou konnen l'ap kenbe pawòl li. Gade kadran solèy la. Eske ou ta vle lonbray la vanse dis mak devan osinon fè bak sou dis mak?
10Ezekyas #Jij 6.37,39; Sòm 102.11 reponn li di:
— Se bagay fasil pou lonbray la vanse dis mak devan. L'ap pi difisil pou li fè bak sou dis mak.
11Pwofèt #Joz 10.12,13 Ezayi lapriyè Senyè a epi Senyè a fè lonbray la fè bak sou dis mak li te fin depase sou kadran solèy wa Akaz te fè a.
Wa Babilòn voye kote Ezekyas
(2 Kwonik 32.27-33; Ezayi 39)
12Nan #Eza 39.1-8 menm #2 Kwo 32.31 epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak-Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado. 13Ezekyas #2 Kwo 32.27 te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a. 14Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l:
— Kote mesye sa yo sòti? Kisa yo di ou?
Ezekyas reponn:
— Yo sòti nan yon peyi byen lwen, yo sòti nan peyi Babilòn.
15Ezayi di l konsa:
— Kisa yo wè nan palè a?
Ezekyas reponn:
— Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m yo.
16Ezayi di wa Ezekyas konsa:
— Koute mesay Senyè ki gen pouvwa a voye ba ou: 17Yon #2 Wa 24.13; 25.13; Jer 20.5; 27.19-22 lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilon. Yo p'ap kite anyen. Se Senyè a menm ki di sa. 18Y'ap #2 Wa 24.12; 2 Kwo 33.11; Da 1.3 pran kèk nan pwòp pitit pitit ou yo, y'ap depòte yo, y'ap chatre yo pou yo ka sèvi nèg konfyans nan palè wa Babilòn lan.
19Ezekyas #2 Kwo 32.25,26 reponn Ezayi, li di l konsa:
— Mesay Bondye ba ou pou di m lan gentan bon.
Men li t'ap di nan kè l: Depi pa gen boulvès, depi pa gen lagè nan peyi a tout tan m'ap viv la!
20Tout #2 Kwo 32.30,32 rès istwa Ezekyas la, jan li te vanyan sòlda, jan li te bati rezèvwa dlo a ak gwo kannal anba tè pou mennen dlo nan lavil la, nou jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo. 21#2 Kwo 32.33 Ezekyas mouri, se Manase, pitit gason l lan, ki moute wa nan plas li.

Chwazi Kounye ya:

2 Wa 20: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte