1 Pyè 3

3
Devwa moun marye
1Menm jan an tou, nou menm medam, #Ef 5.22; Tit 2.5 soumèt nou devan mari nou. Konsa si gen mari ki pa kwè nan Bondye, kondit nou kont pou fè yo kwè, san nou pa bezwen louvri bouch nou, 2paske #1 Pyè 2.12 y'a wè jan nou viv byen, jan nou respekte yo. 3Nou #Eza 3.18-24; 1 Tim 2.9 pa bezwen fè nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou bèl kwafi, yon kantite bijou lò, ak yon kantite rad gwo pri. 4Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye. 5Nan tan lontan, se konsa medam ki t'ap viv pou Bondye yo te fè tèt yo bèl: yo te mete espwa yo nan Bondye, yo te soumèt devan mari yo. 6Se #Jen 18.12; Pwo 3.25 konsa Sara te ye. Li te soumèt devan Abraram jouk li te rele li mèt. Nou menm tou, medam, nou se pitit Sara, si nou pa pè fè sa ki byen.
7Menm #Ef 5.25 jan an tou, nou menm mari, nan tout bagay, se pou nou viv byen ak madanm nou paske yo pi delika pase nou. Yo resevwa nan Bondye menm lavi ak nou tankou yon favè Bondye.
Nou gen pou soufri lè nou fè byen
8Pou #Wòm 12.16 fini, nou tout nou dwe dakò yonn ak lòt, se pou nou gen menm santiman yonn pou lòt. Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak sè, se pou nou gen bon kè, san lògèy. 9Pa #Mat 5.44; 1 Tes 5.15; 1 Pyè 2.23 rann moun mal pou mal, jouman pou jouman. Okontrè, lè konsa, mande benediksyon pou yo, paske se benediksyon Bondye te pwomèt pou l ban nou lè li te rele nou an. 10Paske:
Si #Sòm 34.12-16; Jak 1.26 yon moun vle jwi lavi a,
si l anvi pase kèk bon kadè sou latè,
se pou l kenbe lang li pou l pa pale moun mal.
Se pou l veye bouch li pou l pa bay manti.
11Se pou l sispann fè sa ki mal,
se pou l fè sa ki byen.
Se pou l chache viv byen ak moun.
Se pou l fè sa li kapab pou li viv byen ak tout moun.
12Paske, Bondye veye sou moun k'ap mache dwat devan li.
Li tande yo lè y'ap lapriyè nan pye l.
Men, l'ap vire do bay moun k'ap fè sa ki mal.
13Ki moun ki ka fè nou mal si se byen ase nou vle fè? 14Men, #Mat 5.10; 1 Pyè 2.20; Eza 8.12 si nou rive soufri poutèt byen nou fè, konsidere sa tankou yon benediksyon. Nou pa bezwen pè moun, nou pa bezwen toumante tèt nou pou anyen. 15Sèl #Eza 8.13; 1 Pyè 1.3,13 bagay, se pou nou toujou rekonèt se Kris la ki sèl Mèt nan lavi nou. Se pou nou toujou pare pou n'reponn chak fwa moun mande nou esplikasyon sou espwa nou gen nan nou an. 16Men, #1 Pyè 2.12 fè sa avèk dousè ak tout respè. Kenbe konsyans nou pwòp. Konsa, moun k'ap pale nou mal poutèt bon kondit nou gen nan Kris la, se yo menm ki va wont pou pawòl yo te di lè yo t'ap joure nou an. 17Se #1 Pyè 2.20-24 volonte Bondye pou nou fè sa ki byen. Menm si nou gen pou n soufri, li pa vle nou fè sa ki mal.
18Kris #Wòm 6.10; Ef 2.18; Eb 9.28; 10.10 la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou li te ka mennen yo bay Bondye. Li mouri, men ak pouvwa Lespri Bondye a, li resisite nan lanmò. 19Ak #1 Pyè 4.6 pouvwa menm Lespri a, li t'al preche nanm ki nan prizon yo, 20nanm #Jen 7.7,17 moun tan lontan ki te derefize kwè nan Bondye lè li t'ap pran pasyans pou yo pandan Noye t'ap bati gwo batiman an. Nan batiman sa a, se wit moun ase ki te antre sove anba dlo inondasyon an. 21Pou #Ef 5.26; Eb 10.22 nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou kounyeya. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve sòti vivan nan lanmò, 22ki #Ef 1.20,21; Sòm 110.1; Kol 1.16 moute nan syèl la, ki chita sou bò dwat Bondye kote l'ap domennen sou tout zanj yo, sou tout chèf yo ak sou tout otorite yo.

Chwazi Kounye ya:

1 Pyè 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an