1 Pyè 4

4
Chanje lavi nou
1Se poutèt sa, menm jan Kris la te soufri #Wòm 6.2,7 nan kò li, nou menm tou se pou nou pare pou n soufri menm jan an tou. Paske, lè yon moun soufri nan kò li, li pa gen anyen pou l wè ak peche ankò. 2Se #1 Jan 2.16,17 pou li viv ti rès tan li gen pou l viv sou tè a dapre egzijans volonte Bondye, pa dapre egzijans lachè. 3Paske, #Ef 2.2,3; Tit 3.3 nan tan lontan, nou te gen kont tan nou pou n te fè tou sa moun ki pa konnen Bondye yo ap fè. Lè sa a, nou t'ap viv nan libètinay, nan lanvi, nan bwè tafya, nan debòch, nan banbòch, nan sèvi zidòl, bagay lalwa defann nou fè. 4Kounyeya, moun sa yo twouve sa dwòl dèske nou pa fè bann ak yo ankò nan tout eksè sa yo. Se poutèt sa, y'ap pale nou mal. 5Men, #Tra 10.42; 2 Tim 4.1; Wòm 14.9,10 yo gen pou yo rann kont bay Bondye ki deja pare pou jije ni moun ki vivan yo ni moun ki mouri yo. 6Se #1 Pyè 3.19; Wòm 8.10; 1 Kor 5.5 pou sa menm yo te anonse bòn nouvèl la bay moun ki mouri yo. Konsa, si lè yo te sou latè yo te tonbe anba jijman Bondye tankou tout moun, kounyeya yo ka viv nan pouvwa Lespri Bondye a, jan Bondye vle l la.
Sèvi byen ak kado Bondye ban nou
7Tout #1 Kor 10.11; 1 Jan 2.18 bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n ka lapriyè. 8Anvan #Pwo 10.12; 1 Pyè 1.22; Jak 5.20; 1 Kor 13.7 tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche. 9Se #Eb 13.2 pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen. 10Chak #Lik 12.42 moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay. 11Si #Wòm 3.2; 12.7; 1 Kor 10.31 yon moun ap pale, se pou l pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
Kretyen gen pou soufri
12Frè m #1 Pyè 1.6,7 yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a. 13Okontrè, #Tra 5.41; Jak 1.2; Wòm 8.17; 2 Tim 2.12 fè kè n kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt. 14Si #1 Pyè 2.20; Eza 11.2; Sòm 89.50,51 yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou. 15Mwen swete pou pèsonn nan nou pa gen pou li soufri paske li te touye moun, osinon paske li te fè sa ki mal, osinon paske li te foure bouch li nan zafè ki pa gade li. 16Men, #Tra 11.26; Fil 1.20 si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.
17Paske, #Eze 9.6; Jer 25.29; 2 Tes 1.8 dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sa k pral rive moun sa yo ki pa koute bòn nouvèl Bondye a. 18Tankou #Pwo 11.31; Lik 23.31 sa ekri nan Liv la:
Si moun k'ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove,
nou pa bezwen mande sa k'ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k'ap viv nan peche yo.
19Se #Sòm 31.5 poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.

Chwazi Kounye ya:

1 Pyè 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an