1 Pyè 2

2
1Se poutèt sa, derasinen tout mechanste #Ef 4.22; Jak 1.21 ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj. 2Tankou #1 Kor 3.2; Eb 5.12,13; Mat 18.3 timoun ki fenk fèt, se pou nou kriye dèyè bon lèt san dekoupe ki sòti nan Bondye, pou nou kapab grandi, pou nou kapab fin delivre nèt. 3Paske, #Sòm 34.8 nou deja goute Mèt la, nou wè jan li bon.
Wòch vivan an
4Pwoche #Sòm 118.22; Eza 28.16; Mat 21.42; Tra 4.11 vin jwenn Senyè a, li menm ki wòch vivan an. Moun te voye li jete paske pou yo li te san valè. Men, li gen anpil valè pou Bondye ki te chwazi li. 5Nou #Ef 2.21,22; Wòm 12.1 menm tou, tankou wòch vivan, kite Bondye sèvi ak nou pou bati kay li a ak pouvwa Sentespri, pou nou ka sèvi l tankou prèt k'ap viv pou li. Konsa, gremesi Jezikri, n'a ofri bay Bondye ofrann ki sòti nan kè nou, ofrann ki pou fè l plezi. 6Se #Eza 28.16; Wòm 9.33 poutèt sa nou jwenn sa ekri nan Liv la:
Men li, mwen mete yon wòch nan mitan peyi Siyon,
yon wòch kwen mwen menm mwen chwazi epi ki gen anpil valè.
Moun ki mete konfyans yo nan li p'ap janm sòti wont.
7Pou #Sòm 118.22; Mat 21.42 nou menm ki mete konfyans nou nan wòch la, wòch la gen anpil valè. Men, pou moun ki pa mete konfyans yo nan li, sa ki ekri nan Liv la pral rive vre:
Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a,
se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.
8Se #Eza 8.14; Wòm 9.33 yon wòch k'ap fè moun bite,
yon gwo wòch k'ap fè yo tonbe.
Yo bite, paske yo pa koute pawòl la. Enben, se sa ki te sere pou yo.
Moun Bondye yo
9Men #Eza 43.20; Egz 19.6; Tra 26.18; 2 Kor 4.6; Ef 5.8; Fil 2.15; Rev 1.6 nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, prèt k'ap sèvi wa a, nasyon k'ap viv apa pou Bondye, pèp li peye pou li a. Li fè tou sa, pou nou te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a. 10Anvan #Oze 1.6,9; 2.1,23; Wòm 9.25 sa, nou pat menm yon nasyon. Men kounyeya, nou se pèp Bondye a. Anvan sa, Bondye pat gen pitye pou nou. Kounyeya, li gen pitye pou nou.
Viv tankou moun k'ap sèvi Bondye
11Zanmi mwen #Sòm 39.12; Gal 5.17,24; Ef 2.19; Jak 4.1 yo, men sa m'ap mande nou. M'ap pale ak nou koulyeya paske nou se etranje, nou depasaj sou latè: Se pou nou kenbe tèt ak egzijans lachè a k'ap goumen kont nanm nou. 12Se #Eza 10.3; Mat 5.16; Jak 3.13 pou nou gen yon bon kondit nan mitan moun sa yo ki pa konn Bondye. Konsa, lè y'ap pale nou mal, lè y'ap di se yon bann malfektè nou ye, y'a gen pou yo rekonèt tout byen n'ap fè a, y'a fè lwanj Bondye lè l'a vin jije yo.
13Soumèt #Wòm 13.1-7; Tit 3.1 devan tout otorite lèzòm etabli. Fè sa pou Bondye. Soumèt devan wa a, paske se li ki pi gwo chèf. 14Soumèt nou devan majistra yo, paske wa a mete yo la pou pini moun ki fè sa ki pa sa epi pou yo fè lwanj moun k'ap fè sa ki byen. 15Paske, #1 Pyè 3.16 Bondye vle pou n fè sa ki byen, pou n ka fèmen bouch moun sa yo ki pa konn anyen, ki san konprann. 16Se #Gal 5.13 pou nou viv tankou moun ki gen tout libète yo. Men, nou pa dwe pran libète sa a sèvi yon kouvèti pou nou fè sa ki mal. Se pou nou viv tankou moun k'ap sèvi Bondye. 17Se #Wòm 12.10; Pwo 24.21; Mat 22.21 pou nou bay chak moun respè li merite. Renmen tout frè nou yo, gen krentif pou Bondye, respekte wa a.
Egzanp soufrans Kris la
18Nou #Ef 6.5; Tit 2.9 menm k'ap travay kay moun, nou fèt pou nou soumèt nou devan mèt nou ak tout respè yo merite. Se pa sèlman devan mèt ki bon yo ak mèt ki gen bon kè yo, men devan mèt karaktè difisil yo tou. 19Bondye va beni nou, si, lè y'ap fè nou soufri pou sa nou pa fè, nou sipòte lafliksyon an paske nou konnen se sa Bondye vle. 20Ki #1 Pyè 3.14,17; 4.13,14; Mat 5.10 lwanj ki gen nan sa si nou sipòte lè y'ap maltrete nou pou sa nou fè ki mal? Men, si lè nou fè byen, nou sipòte tou sa y'ap fè nou soufri poutèt byen nou fè a, sa se yon bèl bagay devan Bondye. 21Se #Mat 16.24; Jan 13.15 pou sa menm Bondye te rele nou, paske Kris la te soufri pou nou. Li kite yon egzanp pou nou swiv pye pou pye. 22Li #Eza 53.9; Jan 8.46; 2 Kor 5.21 pat janm fè okenn peche. Okenn manti pat janm sòti nan bouch li. 23Lè yo t'ap joure l, li pat reponn. Lè yo t'ap maltrete l, li pat mennase pèsonn. Men, li renmèt kòz li nan men Bondye k'ap jije tout bagay san patipri. 24Kris #Eza 53.12; 1 Jan 3.5; Wòm 6.11; Eb 9.28 la te pote peche nou yo nan kò li sou bwa a, pou nou te kapab mouri annegad peche, pou nou te ka viv dwat devan Bondye. Li te kite yo maltrete l pou l te ka geri nou. 25Nou #Eza 53.6; Eze 34.5; 1 Pyè 5.4; Jan 10.11 te tankou mouton ki te pèdi bann yo. Men, kounyeya, nou tounen vin jwenn Kris la ki gadò nou, k'ap veye sou nanm nou.

Chwazi Kounye ya:

1 Pyè 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an