1 Pyè 1

1
Salitasyon
1Mwen menm Pyè, apot Jezikri, mwen ekri #Jak 1.1 llèt sa a pou nou tout ki fè pati pèp Bondye te chwazi a epi ki egzile nan peyi Pon, Galasi, Kapadòs, Lazi ak Bitini. 2Se #Wòm 8.29; Eb 12.24 Bondye Papa a ki te chwazi nou dapre plan li te fè davans lan. Gremesi Sentespri li a, li mete nou apa pou li pou n obeyi Jezikri, pou san Jezikri ki koule pou nou an ka mete nou nan kondisyon pou sèvi Bondye.
M'ap mande Bondye pou nou resevwa anpil benediksyon ak kè poze.
N'ap viv ak anpil espwa
3Beniswa #Jak 1.18 Letènèl, li menm ki se Papa Jezikri, Senyè nou an. Paske nan kè sansib li, li ban nou lavi ankò, lè li te fè Jezikri leve soti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa. 4N'ap #Kol 1.12 tann lè pou n resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p'ap janm pouri, ki p'ap janm sal, ni ki p'ap janm pèdi frechè l, eritaj li sere pou nou nan syèl la. 5Paske #Jan 10.28; 17.11; Wòm 5.3,4; Gal 3.23; 1 Kor 2.5 nou menm nou gen konfyans nan li, Bondye ap pwoteje nou ak pouvwa li jouk l'a delivre nou jan sa pral parèt aklè nan dènye tan an.
6Se #1 Pyè 5.10; Eb 12.11; Jak 1.2; 2 Kor 4.17 poutèt sa, annou sote ponpe ak kè kontan, menm si eprèv gen pou fè nou soufri pou yon ti tan. 7Paske, #Pwo 17.3; Mal 3.3; Wòm 2.7,10; Jak 1.3 konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt. 8Nou #Jan 17.20; 20.29; 2 Kor 5.7; 2 Tim 4.8 renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounyeya. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, 9paske #Wòm 6.22 nou jwenn sa nou t'ap chache lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.
10Pwofèt #Mat 13.17; Lik 10.24 yo te chache anpil, yo te fouye anpil pou yo te ka konnen ki jan Bondye t'ap delivre nou. Yo te di davans ki kalite favè Bondye ta pral fè nou. 11Lespri #Sòm 22.1; Eza 52.13—53.12; Lik 24.26 Kris la ki te nan yo te fè yo konnen davans tou sa Kris la ta pral soufri, ansanm ak lwanj ki t'ap tann li apre sa. Men, yo t'ap chache konnen tou kilè ak nan ki sikonstans sa ta pral rive. 12Se #Ef 3.10; Lik 2.13 konsa, Bondye fè yo konnen sèvis yo t'ap fè lè yo te bay mesaj la, se pa te pou yo, men se pou nou. Granmesi moun k'ap anonse levanjil la, avèk pouvwa Sentespri ki soti nan syèl la, nou konnen bagay sa yo koulyeya, bagay ata zanj yo t'ap foure je chache konprann yo.
Bondye rele nou viv pou li
13Se #Lik 12.35; Ef 6.14 poutèt sa, kenbe tèt nou byen anplas. Mete tout espwa nou nan benediksyon nou pral resevwa lè Jezikri va parèt. 14Tankou #Wòm 12.2; Ef 2.3; 4.17 timoun obeyisan, pa kite move lanvi nou te genyen nan tan lontan yo mennen lavi nou ankò, tankou anvan lè nou pat konn Bondye. 15Okontrè, nan tou sa n'ap fè, se pou nou bon nèt, tankou Bondye ki rele nou an bon nèt tou. 16Paske, #Lev 11.44; 19.2; 20.7 men sa ki ekri nan Liv la: Se pou nou bon nèt, paske mwen menm, mwen bon nèt.
17Si #Sòm 89.26; Jer 3.19; Mal 1.6; Mat 6.9; Wòm 2.11 lè n'ap lapriyè, nou rele Bondye: Pap, li menm ki pa nan achte figi moun, men k'ap jije tout moun dapre sa yo fè, se pou nou viv ak krentif pou Bondye pandan ti tan ki rete nou sou tè a. 18Sonje #Eza 52.3; 1 Kor 6.20; 7.23 Bondye te retire nou nan direksyon lavi san sans zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa ak bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. 19Men, #Eza 53.7; Eb 9.14 se avèk san Kris la menm ki te koule lè li te ofri tèt li tankou yon ti mouton san defo ni san ankenn enfimite. 20Bondye #Wòm 16.25; Ef 1.4 te chwazi l pou sa depi anvan li te kreye tout bagay. Men, se nan dènye tan sa yo li vin parèt pou byen nou. 21Gremesi #Jan 14.6; Wòm 4.24; Kol 1.27 Kris la, nou gen konfyans nan Bondye ki te fè l leve sòti vivan nan lanmò, nan Bondye ki te ba l lwanj. Konsa, nou mete tout konfyans nou ak tout espwa nou nan Bondye.
22Koulyeya, lè #1 Jan 5.1 n'ap obeyi verite a, nou nan kondisyon pou nou fè sèvis Bondye, pou nou yon lamou sensè pou frè yo. Se sa ki fè, se pou nou yonn renmen lòt ak tout kè nou, ak tout fòs nou. 23Gremesi #Da 6.26; Jan 1.13; Jak 1.18 pawòl Bondye a ki yon pawòl vivan epi ki la pou tout tan, nou resevwa yon lòt lavi. Fwa sa a, nou pa sòti nan yon jèm ki ka mouri, men nan yon jèm ki pa ka mouri. 24Jan #Eza 40.6,7; Jak 1.10,11 sa ekri nan Liv la:
Moun se tankou zèb,
Tout bèl yo bèl, se bèlte flè zèb,
Zèb la chèch, flè a tonbe.
25Men, #Eza 40.8 pawòl Bondye a la pou tout tan.
Se pawòl sa a levanjil la te pote ban nou.

Chwazi Kounye ya:

1 Pyè 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an