1 Wa 22

22
Pwofèt Miche avèti wa Akab
(2 Kwonik 18.2-27)
1Pandan twazan, pat gen lagè ant #2 Kwo 18.2-34 peyi Izrayèl ak peyi Siri. 2Men #1 Wa 15.24 nan twazyèm lanne a, Jozafa, wa peyi Jida a, al vizite Akab, wa peyi Izrayèl la. 3Wa #2 Wa 8.28; 9.1 Izrayèl la di chèf li yo:
— Nou konnen lavil Ramòt ki nan peyi Galarad la se pou nou li ye. Poukisa nou pa fè anyen pou nou reprann li nan men wa peyi Siri a?
4Lèfini #2 Wa 3.7 li mande Jozafa:
— Eske w'ap vin avè m pou atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la?
Jozafa reponn li:
— Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a: se yonn lan nou ye.
5Apre #1 Sam 9.9; 2 Wa 1.16 sa, Jozafa di Akab, wa peyi Izrayèl la:
— Annou mande Senyè a sa li di nan sa.
6Se konsa Akab reyini katsan (400) pwofèt li yo, li mande yo:
— Eske se pou m al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad la, osinon eske se pou m kite sa?
Yo reponn li:
— Atake l, monwa! Senyè a ap lage l nan men ou.
7#2 Wa 3.11 sa a, Jozafa di konsa:
— Pa gen lòt pwofèt nou ta ka mande si se volonte Senyè a pou n'al fè sa vre?
8Akab #Am 5.10 reponn:
— Gen yon lòt pwofèt ankò ki ta ka fè sa pou nou. Se Miche, pitit gason Jimla a. Men, m rayi l, paske li pa janm di anyen ki pou bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen.
Jozafa reponn:
— Pa di sa, monchè!
9Se konsa Akab rele yonn nan nèg konfyans li yo, li di li:
— Prese al chache Miche, pitit gason Jimla a, pou mwen.
10Wa peyi Izrayèl la ak Jozafa, wa peyi Jida a, te chita, yo chak sou fòtèy pa yo ak bèl rad wa yo sou yo, sou gwo glasi ki bò pòtay lavil Samari a sou deyò. Tout pwofèt yo te la devan yo ap bay mesay pa yo. 11Yonn #Det 33.17; Jer 27.2 ladan yo te Sedesyas. Se te pitit Kenana. Li fè fabrike de kòn fè. Li di:
— Men sa Senyè a di: Avèk kòn sa yo, ou pral atake moun Siri yo. Ou pral fini ak yo.
12Tout lòt pwofèt yo t'ap bay menm mesay la tou. Yo t'ap di:
— Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Senyè a ap lage lavil la nan men ou.
13Mesaje #Eza 30.10 ki te pati al rele Miche a di Miche konsa:
— Tout lòt pwofèt yo te pale anfavè wa a. Ranje kò ou pou pale tankou yo tout. Pale anfavè wa a.
14Men, #Nonb 22.18; 24.13; 1 Tes 2.4 Miche reponn li:
— Mwen pran Senyè a, Bondye vivan an, sèvi m temwen. Sa Senyè a va di m di se sa m'a di.
15Lè Miche rive devan wa a, wa a di l konsa:
— Miche, eske se pou m al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad, osinon eske sè pou m kite sa?
Miche reponn:
— Ou mèt al atake Ramòt nan peyi Galarad. W'ap bon. Senyè a ap lage lavil la nan men ou.
16Men Akab di li:
— Konbe fwa pou m di ou lè w'ap pale avè m nan non Senyè a se pou di m laverite?
17#Nonb 27.17; Eze 34.5; Mat 9.36 sa a, Miche reponn li:
— Mwen wè tout sòlda pèp Izrayèl yo
gaye toupatou sou mòn yo,
tankou yon bann mouton san gadò.
Senyè a di: Moun sa yo san chèf.
Kite yo tounen lakay yo ak kè poze.
18Akab, wa peyi Izrayèl la, di Jozafa:
— Mwen pat di ou li pa janm di anyen ki bon pou mwen. Li toujou wè malè pou mwen.
19Miche #Jòb 1.6; 2.1; Eza 6.1; Da 7.9,10; Rev 4.2; 5.11 pran lapawòl ankò li di:
— Bon! Koute mesay Senyè a. Mwen te wè Senyè a chita sou fòtèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l, sou bò dwat ak sou bò gòch li. 20Senyè a t'ap mande ki moun ki vle al pran tèt Akab pou l'al fè yo touye l lavil Ramòt. Gen zanj ki di yon bagay, gen lòt zanj ki di yon lòt bagay. 21Se lè sa a, yon lespri vanse devan Senyè a, li di: Mwen pral pran tèt li. 22Senyè a #Jij 9.23; 2 Tes 2.11 mande l: Ki jan? Lespri a reponn: Mwen pral mete pawòl manti nan bouch pwofèt Akab yo. Senyè a di l: W'a pran tèt li vre konsa. Ou mèt al fè jan ou di a. 23Kounyeya, ou #Eze 14.9 konnen si Senyè a te mete yon lespri mantò sou pwofèt ou yo pou yo ba ou manti, se paske li pran desizyon pou l fini avè ou.
24#Mat 5.39; Mak 14.65; Tra 23.2 sa a, Sedesyas, pitit Kenana a, mache sou Miche, li flank li yon souflèt. Epi li di l:
— Depi kilè lespri Bondye a kite m pou se nan bouch ou l'ap pale a?
25Miche reponn li:
— W'a konn sa lè w'a kouri pase sòti nan yon chanm antre nan yon lòt pou al kache jouk nan fon!
26Se konsa, wa Akab pase yon lòd, li di:
— Pran Miche. Mennen l bay Amon, gouvènè lavil la, ak Joas, pitit wa a. 27Di #2 Kwo 16.10 yo mwen bay lòd pou yo mete l nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen sòti nan lagè a san danje ni malè.
28#Nonb 16.29; Det 18.22; Mi 1.2 sa a, Miche di:
— Si ou tounen sòti nan lagè a san danje ni malè vre,
w'a konnen Senyè a pat pale nan bouch mwen.
Lèfini, li di:
— Nou tout pèp yo, koute sa m di la a wi!
Lanmò Akab
(2 Kwonik 18.28-34)
29Se konsa Akab, wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa, wa peyi Jida a, moute al atake lavil Ramòt nan peyi Galarad. 30Akab #2 Kwo 35.22 di Jozafa konsa:
— Mwen pral mete yon lòt rad sou mwen anvan mal goumen an, pou moun pa rekonèt mwen. Ou menm, ou mèt mete rad wa ou sou ou.
Se konsa wa peyi Izrayèl la chanje rad sou li pou moun pa rekonèt li. Apre sa, l'al goumen. 31Men, #1 Wa 20.1,24 wa peyi Siri a te bay trannde chèf ki t'ap kòmande cha lagè yo pou yo pa atake pèsonn pase wa peyi Izrayèl la. 32Se konsa, lè kòmandan cha lagè yo wè Jozafa, yo tout te konprann se li ki te wa peyi Izrayèl la. Yo vire sou li pou atake l. Men, Jozafa rele anmwe. 33Lè mesye yo tande sa, yo wè se pat wa peyi Izrayèl la. Yo rete sou sa yo te vle fè a. 34#2 Kwo 35.23 sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a:
— Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav.
35Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te blije rete kanpe sou cha li a ap gade moun peyi Siri yo. San t'ap koule sòti kote li te blese a, li sal tout anndan cha a. Rive aswè, li mouri. 36Lè solèy pral kouche, yon vwa pran pale nan zòrèy sòlda pèp Izrayèl yo, li t'ap di:
— Chak moun al nan peyi yo, chak moun al lakay yo, 37paske wa a mouri.
Apre sa, yo mennen kadav wa a lavil Samari. Se la yo antere l. 38Y'al #1 Wa 21.19 lave cha wa a nan basen Samari a, kote jennès yo konn al benyen an. Chen vin niche san Akab la jan Senyè a te di sa t'ap rive a.
39Tout rès istwa Akab la ansanm ak tou sa li te fè, bèl palè ivwa ak lavil li te bati yo, n'a jwenn tou sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo. 40#1 Wa 22.51 Akab mouri, se pitit li, Okozyas ki moute wa nan plas li.
Jozafa, wa peyi Jida
(2 Kwonik 20.31—21.1)
41Akab #2 Kwo 20.31-33 te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Jozafa, pitit Asa a, moute sou fòtèy wa peyi Jida a. 42Lè sa a, li te gen trannsenkan sou tèt li. Li pase vennsenkan ap gouvènen lavil Jerizalèm. Manman li te rele Azouba. Se te pitit fi Chilki.
43 # 22.43b-53: Koresponn ak chapit 22.44-54 nan tèks ebre a. Jozafa #1 Wa 15.14; 2 Kwo 17.3 li menm te swiv Asa, papa l, pye pou pye nan tou sa l te fè. Li te fè sa ki dwat devan Senyè a. Tansèlman, tanp zidòl yo te la toujou nan peyi a, kifè pèp la pat sispann fè sèvis, touye bèt pou zidòl yo. 44Jozafa #2 Kwo 18.1; 20.35,36 te siyen lapè ak wa peyi Izrayèl la.
45N'a #2 Kwo 20.34 jwenn rès istwa Jozafa a nan liv Istwa wa peyi Jida yo. Se la yo rakonte jan li te yon vanyan sòlda, ak tout lagè li te fè yo, 46jan #1 Wa 15.12 li disparèt rès gason ak fanm ki t'ap fè jennès nan kay zidòl yo toujou depi sou reny Asa, papa l. 47(Lè #2 Sam 8.14; 2 Wa 3.9; 8.20 sa a, pat gen wa nan peyi Edon. Se yon gouvènè wa Jida a te mete pou gouvènen yo.)
48Jozafa #1 Wa 9.26,28; 10.22; Sòm 48.7 te fè fè kèk gwo batiman, tankou batiman moun Tasis yo, pou al chache lò nan peyi Ofi. Men, batiman yo pa janm rive al fè vwayaj la, paske yo kraze bò Ezyongebè. 49Lè sa a, Okozyas, pitit Akab la, ofri pou maren peyi Izrayèl yo ale ansanm ak maren peyi Jida yo sou batiman pa yo. Men, Jozafa derefize.
50#2 Kwo 21.1 Jozafa mouri, yo antere l nan Lavil David, zansèt li a. Se pitit li, Joram, ki moute sou fòtèy la nan plas li.
Okozyas, wa peyi Izrayèl
51Jozafa #1 Wa 22.40 t'ap mache sou disetan depi li te wa peyi Jida a lè Okozya, pitit Akab, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase dezan ap gouvènen peyi Izrayèl la lavil Samari. 52Li #1 Wa 15.26 fè sa ki mal nan je Senyè a. Li swiv egzanp papa l ak manman l. Li fè tankou Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te lakòz moun pèp Izrayèl yo fè sa ki mal. 53Li #1 Wa 16.30-32 sèvi Baal, li adore l tankou papa l te fè a. Se konsa li te fè Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache anpil.

Chwazi Kounye ya:

1 Wa 22: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte