2 Wa 1

1
Pwofèt Eli ak wa Akaz
1Apre lanmò Akab, wa peyi Izrayèl #2 Sam 8.2; 2 Wa 3.5 la, peyi Mowab pran lèzam kont moun Izrayèl yo. 2Okozyas, #2 Wa 8.8; Mat 10.25; Mak 3.22 wa peyi Izrayèl la, pran yon sò, li sòti nan balkon lakay li, li tonbe sou twati palè li lavil Samari. Li fraktire nan tout kò l. Li voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye moun Filisti yo ki te gen tanp li lavil Ekwon, pou konnen si l'ap refè. 3Men, #1 Wa 17.1 zanj Senyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l konsa:
— Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an. 4W'a di yo tou men mesay Senyè a voye bay wa a: Li p'ap leve sou kabann kote li kouche a paske li pral mouri.
Eli leve, li fè sa Senyè a te mande l fè a. 5Lè mesaje yo tounen al jwenn wa a, wa a mande yo:
— Poukisa nou tounen?
6Yo reponn li:
— Paske nou kontre ak yon nonm sou wout nou ki di nou: Tounen al jwenn wa ki te voye nou an. N'a di li: Men mesay Senyè a voye ba li: Kouman? Pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an? Poutèt sa ou fè a, ou p'ap leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
7Wa a mande yo:
— Moun ki te vin kontre nou an epi ki di nou tout pawòl sa yo, ki jan li te ye?
8Mesye #Zak 13.4; Mak 1.6 yo reponn li:
— Li te gen yon gwo rad fèt ak po bèt sou li ak yon sentiwon po bèt mare nan ren l.
Wa a di:
— Se Eli, moun lavil Tichbe a.
9Li #1 Sam 9.6 voye yon kaptenn ak senkant sòlda al chache Eli. Lè yo rive, yo jwenn Eli chita sou tèt yon ti mòn. Yo di li konsa:
— Sèvitè Bondye, wa a pase ou lòd pou ou desann.
10Eli #Nonb 16.35; Jòb 1.16; Lik 9.54; Rev 11.5; 20.9 reponn:
— Si m se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife sòti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou sòlda ou yo pou l kankannen nou!
Lamenm, yon dife sòti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo. 11Wa a voye yon lòt kaptenn ak senkant lòt sòlda. Lè yo rive, yo di Eli:
— Sèvitè Bondye! Wa a voye di ou desann koulyeya san pèdi tan.
12Eli reponn:
— Si m se yon sèvitè Bondye vre, se pou dife sòti nan syèl la tonbe ni sou ou ni sou senkant sòlda ou yo pou l kankannen nou.
Lamenm, yon dife sòti nan syèl la, li kankannen ni kaptenn lan ni senkant sòlda li yo. 13Fwa sa a ankò, wa a voye yon lòt kaptenn avèk senkant lòt sòlda. Lè kaptenn lan rive, li moute jouk kote Eli te ye a, li mete ajenou devan Eli, li di l konsa:
— Tanpri, sèvitè Bondye! Pitye pou mwen ak senkant sòlda mwen yo. Nou la pou rann ou nenpòt sèvis. Sove lavi nou! 14Dife sòti nan syèl la, li tonbe sou de lòt kaptenn yo ak tout sòlda ki te avèk yo! Tanpri, pitye pou mwen.
15Lè sa a, zanj Senyè a di Eli konsa:
— Ou mèt ale ak mesye. Ou pa bezwen pè l.
Eli leve, li desann ak kaptenn lan, l'al jwenn wa a. 16Li #2 Wa 1.2,3 di wa a konsa:
— Men mesay Senyè a voye ba ou: Paske ou voye moun al pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an, tankou si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la ou ta ka al wè, ou p'ap janm leve sou kabann kote ou kouche a, ou pral mouri.
17Okozyas #2 Wa 3.1; 8.16 mouri vre, jan Senyè a te di l la nan bouch Eli. Okozyas pat gen pitit gason. Se Joram, frè li, #1.17: frè li: Pa gen mo sa yo nan tèks ebre a. ki moute sou fòtèy la nan plas li. Lè sa a, Joram, pitit gason Jozafa a, t'ap mache sou dezan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida. 18Tout rès istwa Okozyas la ansanm ak tou sa li te fè, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl yo.

Chwazi Kounye ya:

2 Wa 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte